Se Konsal Ye • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 25, 2021 AT 9:06 AM) 453 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Featuring: Dj Rick M
Produced by: Fred Hype

K-tafal: This is BC... This is BC: Barikad Crew. Nigga what? (What? What?)
Fantom: Ou renmen rap kreyol MC fò w travay pou li
Izolan: Dèske yo wè m se nèg geto yo panse ke m pa gen nivo
Dejavu: Yo! Yo! Ou pap rayi yon moun kap mennen
Bricks: Kounyea se lè pa nou, biznis lan ap mache

[Fantom]
Tout peyi a man, te deja konnen kijan l te ye
Trip nap trip blòk Ayiti, Barikad Crew se konsa l ye
E se chak sa n ap fè, w ap mande si n ap ka fè yon lòt
E se chak sa n fin fè w ap mande pou n ta refè yon lòt
Men toutan n ap respire pou yo n ap toujou enspire
Pou piblik la satisfè, pou nou tou se li ki prime
Di m non w, omwen di m ki siksè w te fè
Konn ran w Barikad Crew se Rap Kreyol lidè
Se nou tout pussy vize
E chèn nan yo pap ka brize
Deja yo...
Nou pap ka menm dwèt ni fè pati de menm men an
Konpòte w kou bèt, nou pap pati nan menm tren an

[Dejavu]
Pa gen priyè k pa gen amèn (Fò w gen lafwa!)
Se konsa l ye gen group ki dous e gen amè
Si n konstate gen lajounen e gen aswè (Oh! Yes.)
Se konn sa n vle, kale je nou pou n ka wè klè
Prouve l, bay Ipap bourad
Pouse l, pouse l e fè li ak kouraj
Tout fan BC kote nou ye fè wè sin nan
Reprezante e n se aktè nan fim nan
Toutan k ap jwe yon wòl difisil,
Fè negatif vin pozitif, sak enposib vin posib
Fè kokobe mache, bèbè pale, leve danse
Dejavu aka famous BC se konsa l ye
Yo mèt di sa yo vle. Any! E n konn sa n ye

Refren
Ou renmen Rap Kreyol MC fò w travay pou li
Fè, fè, fè, fè... fè bri pou li
Dèske yo wè m se nèg geto yo panse ke mpa gen nivo
Yo! Yo! Ou pap rayi yon moun k ap mennen
Etanke rapè m fè valè m
Wi! Men Bricks.... kounyea se lè pa nou biznis lan ap mache

[Bricks]
Si w rayi Barikad w rayi manmanw ki fè w
We never scare, si w fè bri konn se manman w ki pè w
Nou se sèl gwoup pa pè lanmò vwa pou salte
E n ka fè w tou lèd kwon chen k gen bave
Pavre? Ou sòti nan nenm tankou ‘on pil (…)
Lè m gade w ou banm kè plen pi mal k on pil fatra
Moman sa se pou Barikad ou mèt f on chita
E pou piblik la l enpotan kwon tretman sida
Avè w m ret min, lang tòl, dan klou
E m konn mès ou deja ou pran gòl nan tou
Dèyè nou yo se wa, devan n kè yo se papapa!
Ou panse rivalize n nigga, ou pap kapab

[Izolan]
G anpil moun k ap tann nou soukonn lè Kris te nan pasaj
Yo pa menm tann pron ti time pou rap kreyòl pa fè nofraj
Ou rekonèt, ou konn sa. Ipokrizi gen dwa pa vle w di sa
Like Naz, Barikad Crew se yon pwen k nan yon fraz
Depi w kouri sou nou ou pa pran poz
Pèp la ap jete w sou konn dechè k nan yon vaz
Ou pa ka di n fè djòlè, nan tout sa n patisipe yon ban n respè n kòm rapè
Pa fristre tande lè w wè fanm feel Kri m
Se paske lè m ap drop m toujou lage bèl rim
Blofè ! Menm lè m ta mouri m pral nan sèkèy la an souriyan
E gad chen an pa mouda, mwen ak rap la nou devan

[Dade]
Pawòl ou tande sa chak mil an
Ou ka fè plis, menm kraze mi an
Sof nan zye w w ap wè se tak, kwon tak dlo ki bay delij Noe a
Sof lè l ap vini ou ak fanmiw, kwè m frè m nou pap blo
Pita pi tris, pita pou Kris
Priye pou w pa menm jan ak Jida k sou lis moun ki pral boule yo –Plis
Group sangen n se rap plis
Pa tande sa si w fè kè, fò w apresye si w fòkè
Beef, twòp shit Barikad Crew met chalè
San ezitasyon nou pap pè pa vin wouze baz ou
Itilize visye w nan mitan w pou nou kraze baz ou
Ou di frè w la bèt san w pa wè l gen grif
‘E paske w bliye aryè papa w ak papa l ki te devlope lèt ak chif

Refren
Ou renmen Rap Kreyòl MC fò w travay pou li
Fè, fè, fè, fè... fè bri pou li
Dèske yo wè m se nèg geto yo panse ke m pa gen nivo
Yo! Yo! Ou pap rayi yon moun k ap mennen
Etanke rapè m fè valè m
Wi! Men Bricks....Kounyea se lè pa nou biznis lan ap mache

[K-tafal]
Tout moun nan Bas Peu de Chose vake a okipasyon yo
Yo pap pran poz, yo youn pa pè 2 choz ki di ou k fè
Pasyon yo se sèl koz, Bwason yo renmen woz, bwason yo bwè san dozaj
E foli ki fèn fout fò tou fout pi fò ke menm sant boz
Realite a chak fwa w eseye derape, m rape w
Pwouve w pap kont li anko m ap vini ou mèt kare w, pare w
Yo mwen pwal bare w mare w bware w fware w bale w rale w kale w vale w
Remix sa w ap tande a nou fèl jis pou n raple w
Ou ki konn son rap la se son w prouve l
Pa ret ap gade prese vin boure kò w vin: (Bay Ipap bourad!)
Si w kwè toutbon ou g on venn nan kanson w :
Prouve l, jodia pa demen e fè l ak 2 men

[Brital]
Pran men w, m di sa paske ou pa konnen m
Si w vin nan game nan se pou fuck konnen ou bezwen konnen m
Sa se Brital k ap kase rap la met nan bòl ou
Fake MC bout pa bout m ap met nan djòl ou
M vin best tout ekstrèm, sistèm gangstè m
Fè nou aklame barikad BC anblèm
Nou se pwen final sa vle di nvin met tèm, kwè m
Lirik nou radikal se sak fè n bay pwoblèm, frè m
Oumenm w ap fake, nou pa konn pale shit
Mande padon nou pa konn bay presyon
N ap vin anvayi w kanmèm, pinga gen emosyon
Depi w tande sa sou nou pinga w vin monte mal

Refren
(Hip Hop! Hip Hop! Non-Stop)