Terapi [Kanaval 2014] • Barikad Crew

ADDED BY SNEVY (FEB 5, 2014 AT 10:27 AM) 26,713 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2014
Produced by: Fred Hype

[Intro]
Are you ready? Yeah
I said are you ready? BC!

[Kontagana]
Pou n chase strès nou, pwoblèm la vi a
BC konn doulè nou
Men terapi a

Yo!

[Brital]
Nou pote frap, nou pote vibe ki pou reveye w (Wi)
Souke tchatcha, woule kata, nou vinn degrese w
Dechouke fatra, li pa twò ta pou l pa nwi sante w (Wi)
Evite traka, met kapòt la lè w pral defoule w
Leve, leve men w
Frape frape men w
Bouje bouje ren w
Pou doulè pa jennen w
Nap kapote l a dwat
Nap kapote l a goch
We, men Barikad
Vinn geri tout malad yo

[Koral]
Nap ba w bon jan plezi
Chase melankoli
Menm si w gen maladi, nap f'on jan pou geri
Malgre tout trajedi, Ayiti pa ka peri
Nou pa pwomèt ou paradi, wa pran BC kòm terapi
Terapi (3x) pou Ayiti
Ayiti pa ka peri
Nou pa pwomèt ou paradi, wa pran BC kòm terapi

[Izolan]
Mwen pa konprann peyi a telman moral moun yo bese
Lè pèp la vle kanpe g'on lawon goch kap di yo bese
Jenn yo pèdi kontwol yo telman tout moun ap viv strese
Ayiti se pou nou fò'n met ansanm pou li pa blese
Lè n f'on tcheke sou fan yo, yo di nou sèvo yo ba-ba
Kounya BC lage s'on sèl bagay, tout moun se pla-pla
Vandredi, Samdi, Dimanch genyen kap soufri
Lendi m'pap kite n peri
Madi vinn nan terapi

[Bricks]
Zo fè mal, doulè nan rèn, pwoblèm nan brain
Bezwen yon terapi, mesye fè mouvman medam pran grenn (Wiiiii)
Sa ki twò gwo nou pa ka vale na souse li
Nèg ki pa ka mache, yon bon pwochen va jouke li (Paske)
Mwen menm Bricks m'pran echèk, m'jere tèt mwen (Tout tan)
Lè m tonbe m'leve, m'pran plis level aprè defèt mwen
M'wè, gen nèg ki pran feeling lè y'ap fèl a ponyèt yo
Konsa gen fi ki pi renmen lè lòt fanm souke tèt yo

[Koral]
Nap ba w bon jan plezi
Chase melankoli
Menm si w gen maladi, nap f'on jan pou geri
Malgre tout trajedi, Ayiti pa ka peri
Nou pa pwomèt ou paradi, wa pran BC kòm terapi
Terapi (3x) pou Ayiti
Ayiti pa ka peri
Nou pa pwomèt ou paradi, wa pran BC kòm terapi

[Bricks]
Kisa w santi?
Ki doulè w santi?
Ou santi w anlè?
Eske w santi w atè?
Ou genlè gen vè?
Veye fo doktè

Pou pwoblèm mwen gen nan tèt mwen s'on bon tretman pou m jwenn
Banm terapi m, sèl BC k pou geri m (4x)
M'santi yon doulè nan zo
M'santi yon doulè nan do
M'santi yon doulè sou po m
Li rive jouk nan sèvo m
M'santi yon doulè nan bra m
Doulè sa a vinn pou fann fwa m
Pou pwoblem mwen gen nan tèt mwen, s'on bon tretman pou m jwenn
Banm terapi m, sè l BC k' pou geri m (4x)

[Tony Mix]
Men Barikad la, gwoup yo paka tag la
Gwoup yo malad la
Mwen di w leve sou kad la (Tonè boule m)
To the left, to the right, to back, to the front
Jump (5x)
Energy!

[Koral]
Banm terapi m, sèl BC k' pou geri m (4x)

[Fantom]
Yo tonbe chèche Marjorie, poutan l gaye nan band nan (BC)
Premye jou li danse kont li, nan demen l mennen gang lan (Menti?)
Manmi, papi di'l pap f'on pa, met siveyans sou chanm lan (E vre?)
Pandan l te gentan nan lari, zòrye l te sou kabann nan (La l nan terapi)
Li met men dwat anlè, li ouvè bò dwat la
Li met men goch anlè, li ouvè bò goch la
Li pike devan l (3x)
[Koral]
Awoyo, awoyo (Di yo sa)
Si m pat gen Barikad mezanmi m'tap pran nan tou vye maladi

[Maestro]
Nou sonnen ‘on lòt jan

[Koral]
Prezidan an bezwen terapi
Paleman an bezwen terapi
Etidyan bezwen terapi
Atizan bezwen terapi

Wo o o
Si w gen doulè, ou santi w gen kò fè mal
Ye e e
Barikad Crew sa a s'on lopital
Wo o o
Hip-Hop Kreyòl sa a fenomenal (Gonaives an ale)

Tout paran, pwotestan, katolik, alkolik
Lapolis, lajistis, tout minis, jounalis
Prizonye, malere, kokobe, zotobre
Tout Ayiti an antye malad, nou bezwen terapi

Anseyan bezwen terapi
Komèsan bezwen terapi
Peyizan bezwen terapi
Vodouyizan bezwen terapi

Wo o o
Si w gen doulè, ou santi w gen kò fè mal
Ye e e
Barikad Crew sa a s'on lopital
Wo o o
Hip-Hop Kreyòl sa a fenomenal (Gad'on anbyans total)
Turn up, turn up, turn up
Burn up, burn up, burn up
Hands up, hands up, hands up
Jump up, jump up, jump up

Barikad sa a s'on tretman
Mizik sa a, (?)
Rap Kreyòl sa a gwo mouvman
Nasyon sa a dwe jwenn devlopman

Poze
Saj (Poze)
Trè saj (Ole), Yo Hype! (Ole)
K-Zino beats (Chofe)
R-Mix (Chofe)
Maestro
Ponpe 8x

Wo o o, antansyon maladi
Ye e e, veye chalantan
Wo o o, bann solda rabi
Y e e e, Minustah anemi

Lè w vinn nan BC, wap fè terapi
Tout bagay desann, manzè pa ti fi
Lè li wè zouti, li tonbe souri (Hihihihi)
Met Bondye nan nanm ou (Hihihihi)
Sispann twonpe madanm ou (Hihihihi)
Pa bay jwe nan janm ou (Hihihihi)
Tèt kole pou Ayiti pi djanm
M'pa konn doulè w, ou pa gen te sa a nan tas ou, ti 6 ons