Pa Sispan Reve • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (FEB 14, 2021 AT 5:45 PM) 933 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Jiskobou
Year: 2008
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Brital, Bricks, Fantom, Izolan, Damarco Bc, Master Sun, Fred Hyp

[Intro] [Fred Hype]
Bondye pa voye w sou tè sa san misyon
Pa di ou pa gen don
Plen egri kta renmen w dekouraje abandone
Ret focus kontinye travay
Travay pa gen ranse
Menm si w echwe reyeseye
Releve pa sispan reve

[Fantom]
S on sistèm yo enplante nan mind ou ou pou fè w kwè ou se yon byen mèb detwi tout plan batay ou
M kwè nan ou m wè nan ou tout sa ki pozitif
Evite ou tout lougawou gen ide destriktif
Chimen siksè chaje pikan bat pou ou pa pye atè
Konnen li lè san pèdi tan fè tout sa w genyen pou w fè
Pa kite lavi a mennen w tankou ti bato
Si w pa genyen rèv monchè w ap kite po w

[Izolan]
Ou konnen ke lavi baze sou plizyè pwen
Se oumenm ki pou chwazi sa ki fè w byen
E sitou ki ka itil ou pou demen
E aprè tou pou se pa moun ki ap baw men
Pa panse travay w ap fè a s on perte de temps
Dwe toujou goumen pou sa w kwè a tout tan w vivan
Ou ka soti nan mizè a pa gen lòt jan
Se disiplin detèminasyon wa jwen chanjman

[Refrain]
Menm lè w bloke kwè mwen fò w toujou kontinye
Ou dwe travay san fen pou rèv ou pa gache
Pa sispan reve, rete pi devwe
Toujou lite prensip lavi an se sa l ye

[Master Sun]
Poukisa w ap viv si w ap viv san vizyon
Men pouki w nan lit si w nan lit san misyon
Pa gen pwogrè san objektif
Fò w travay di fò w veyatif
Fò w di Bondye mèsi pou lavi a li bawou
Pran l nenpòt jan li vini pou yo pa gad anba ou
Lè w tonbe apran leve konsa w ap repare erè w
E atann ou se yo menm menm k ap vin rejwi nan bonè w (woulibè)
E se yo menm ki t ap ri nan malè w

[Brital]
En tant que poètes des rimes m vini lage pwezi m
Pi mal ke chèf la nan menm w ap wè mwen kenbe fizi m
Hip Hop man se fason m bouje ak zanmi m
Lè m rap man s on fason pou m degaje lespri m
Kont tout krim pou koulè po m viktim
Se ti nègre certes men lè mwen rap moun krezi m
Moun k ap souzestime moun se moun ak ti mantalite
Pa paske m se nèg project pou banmwen nenpòt chay pote

[Marco] 2×
Nou pap janm sispan reve
Nou pap janm bouke lite
Nou g on jenès pou n edike fòk nou profite

[Refrain]

[Bricks]
M reve yon jou peyi a ap mache
Vwa jenès la ap pase
Si pèse rèv pa w li ye ret konfyan l ap reyalize
Pa care de imilyasyon w ap konfronte
Jodi a pran men yon jou w ap fon monte
Nan tèt ou patizan m vle pou ka kwè w ka fè
Menm lè ou wè ou ta wè
Pwòp zanmi w di ke ou pa kapab
Fè ou eseye konpran ke ou pa valab
M ap diw pa okipe yo non
Menm nou menm gen de moun ki pa jije n
Nou gen on rèv ke yo paka bloke
Yes rèv on jè n yo paka bloke l
Yes di yo non nou se avni an
N ap toujou reve bote lavi an

[Refrain] 2x