Kamarad • Majik Click

ADDED BY ANSY06 (JUL 22, 2021 AT 10:56 AM) 561 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2008
Lyrics by: Fner, Doc Filah, Selisa, Bricks, Brital

[Intro]
Camarade
Tu étais mon seul amis mon camarade
Tous les deux nous avons fait les barricades
Les marquis les commandos les ambuscades
Mon camarade

[Fner]
Dejavoo k te tcheke m pou m met Bricks nan BC
Alepòk li lekòl so m t ap retann li fini
Pat gen kesyon de pi bon THUG nan BPC
Vizyon an se te pou fight pou zòn nan vin yon big City
Kata ka ka kata kata lè m te fè konesans ak li se te vrèman yon papa
Yon black star
E rèv pa li se fè moun konprann kisa ke kominote Hip Hop
Pou lòt pa konfonn
E tout zòn nan vin kanpe avè nou
King nan t ap fè bri pat anpeche n lanse afè nou
Nou pèdi tann pou n enstwi chak jèn ki vle nan zòn nan
Sa k nan lòt zòn n ap bay push gen ide pran kouwòn nan
Etandone lari a te lekòl nou chita kòt ak kòt donk nou se kamarad la
Fè tout klas nou ansanm nan street la kòm malad rap la
Sa k kanpe anfans nou nou toujou pran l kòm maskarad sal

[Refren]
(Yon vrè, yon frè vin on fanmi)
Camarade
Tu étais mon seul amis (yon alye) mon camarade
(Pou w pa febli)
Tous les deux nous(lè w bay do bouclier) avons fait les barricades (lè w pa la li vin on feri)
(Li ede w nan tout sa w ap fè menm gide w)
Les marquis les commandos les ambuscades
Mon camarade

[Doc filah]
Paka pa poze papa se Dad
Tout papa se Dade pou adopte young
Deja fè m konprann nan game nan gen zanmi fanmi lenmi
Ki se frienemi
Zafè fanmi se real love paka ta bliye
Katafal bèl moman kanaval trip karavan moun ka swiv nou nan cypher a
N ap goumen pou sa n kwè a

[Selisa]
Alepòk tout bagay konkli ak love nou mete
Nou travay konstwi ak fòs nou konnen k dwe
Nou klanmse, e nou pap janm dekonekte
Tankou 5 dwèt nan on men n ap toujou rete soude
Se pa jouda jida k ap trèt
Pou nenpòt ti bagay raz oubyen yon bwat lèt
K ap pale sou moun k ap gade sou moun
Epi lè bagay yo myèl ki pap check

Camarade
Tu étais mon seul amis mon camarade
Tous les deux nous avons fait les barricades
Les marquis les commandos les ambuscades
Mon camarade

[Brital]
Pa fè tankoun pa konprann sa sa vle di respè
Ni tankou n pa konprann tracks sa l vle di respè
Menm si koulè n pa konfonn sa pa vle di nou pa fè l
Chak jou n pale de tèt ansamn poutan le monde pa gen lapè
Non nou site toupatou
Tout kote nou pete rap yo toujou di nou pa dou
Kanaval festival tou fèt yeah prè pou tout project (an) se te toujou plezi pa nou

[Bricks]
Yes toujou kòm bra dwat se sak toujou avè m nan byen ou mal
E ki toujou prè pou mwen pou bal
Sa m pap ba w manti mon ami
Se mon, jamè fè street san li
Viv tankou fanmi men nou still zanmi
Gras ak li m pa pè pyès ti salòp
Kamarad fòr life e nou still BLOOD work.

Camarade
Tu étais mon seul amis mon camarade
Tous les deux nous avons fait les barricades
Les marquis les commandos les ambuscades
Mon camarade