Virus • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 29, 2021 AT 8:59 AM) 480 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Jiskobou
Year: 2008
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Bricks, Master Sun, Brital, Da Marco, Young Cliff, Fantom

[Bricks]
Wiiii! Flash flash g on danje nan peyi a
Viris k ap pwopaje k pi danje ke VIH
M ap fè konnen ak tout akize
Lè w pran l li fè w fou atansyon li pa dire
Maladi sa rele Barikad man
Lè moun pran l pyès doktè pap bali vaksen
Koz pou antidòt pyès moun pa genyen l
E menm si w antiblood si w atake w ap renmen l (shata)

[Master Sun]
Se fight talan n bourad yo nou se devwa nou
Mete HiPop Kreyol sou dlo tankou Vwa l
Se nan optik sa fè Barikad Crew defann
Dwa n
E sèl mouvman sa jèn yo genyen kòm pòt vwa
Se chwa n pou nou kondane pou n pa fè back
E se glwa n nap rete soude Devan tout obstak
Nou di n ap Figth san pa fè Bagay sal
N ap kenbe l Tight nan fè travay mantal

[Brital]

Se li k ap domine w
Sa pa jwèt domino
Li ka korije w
Li ka kabolize w
Se li ki fè nou kwè nou fò epi ki fè
Atak yo nan sèvo w dabò(yeah)
Toujou anba je w kite nasyon panse w flo nou pou montre w
Rap nou vinn pi danble
West point ka degrade w bat men w
Pow pow pow

[Refren: Marco]

Ayisyen BC di n kontinye goumen
Pou sa nou kwè pou dwa nou respekte
Nou fyè nou konn ki sa nou ye
HiPop kreyòl la s on virus kite BC pwopaje
E li se limyè a
E Se ladan l nou tout kwè a
BC fyète jenés la se li k fè pase mesaj la
Mouvman sekwe tout peyi a
BPC santral la se li k lage virus sa

[Young Clif]
Chak moun k ap brase lide gen yon bagay nan brain nan
Kounya se jou pa m nan k rive mwen s on respè nan gang nan
Track sa gen yon entansite l elektrize tout plèn nan
M kwè nou a va respekte l paske se menm noumenm nan
Se nou k atis penso n nan men n nou ba l koulè nou vle
Se yon virus se sèl noumenm tou ki kapab trete l
Atouka Kris ta banm talan sa m ap byen pwofite l
BC epidemi de jou an jou l ap kontamine w

[Fantom]
Nan Rap BPC se Dye k egziste an 3 pèsòn
MC, PC, BC sa vle di se li ki mastè a se vre
Sa fè chalatan plede chèche trete viris koute
Ou mèt kraze brize jamè ou pap jwen sekrè a rete
Chak grenn nan noumenm vo plizyè nan oumenm man
Respekte jeneral koz ou pa vo anyen menm
Gen sa k vle talonnen m
Gen lòt k ap takinen m
Plen lòt sa k vle konnen m
Souf li pap janm etenn non!

[Refren Marco]
Ayisyen BC di n kontinye goumen pou sa nou kwè pou dwa nou respekte
Nou fyè nou konn kisa nou vle
Hip Hop la s on viris kite BC pwopaje
E li se limyè a e se ladan nou tout kwè a
Li se fyète jenès la se li k fè pase mesaj la
Mouvman an sekwe tout peyi a
BPC santral la se li k lage viris sa