Ayiti Pi Rèd • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (MAY 23, 2021 AT 1:09 AM) 689 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Jiskobou
Year: 2008
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Fantom, Brital, Bricks, Izolan, Brital

[Intro]
Ah qu'il est bon qu'il est doux
D'être vivant près de vous
Bien au chaud détendue
L'ésprit quiet, rigolant sous le ciel d'Haïti.
Ah qu'il est bon qu'il est doux

[Fantom]
Peyi vodou tchatcha kata marye ak tanbou
Kilti n se rara konpa rap fèl gen gou rapadou
Li se yon paradi terès Ayiti melodi lanmou
Se tè Desalin Tousen ak lòt san yo te fè se pou nou
Nan je enmi s on marabou dyòl dore
Bon yanvalou bon son banbou jwèt pike kole
E peyi sila pa pou vann
Se cheri sila m vle kòm fanm
Sa k pa la degaje n vini se nou Ayiti ap ret tann

[Brital]
Nou g on peyi de rèv yon ti paradi
Yeah se fanm ki gen pi bèl lèv
Yon bote natirèl yon bèl souri
Yon chedèv yon ti peyi plezi
Mizikalman twopikal m envite w
Ou mèt vin f on vizit amikal pou w vin amize w
Ayiti se peyi libète
M pap pè mouri pou li pou mwen son fyète.

[Marco & Fantom]
Wouyy fout gad jan on peyi dous
Kounya w wè sa?
Menm moun ki pa fèt la e la yo vle viv wi papa
Fantom m pa kache di w m ap tounen lagonav wi
Peyi sa twò bèl
Ann travay pou n rekonstwi l monchè.
Ayiti pi rèd

[Bricks]
Bon mwen Bricks jire ke mwen pap janm bliye
Ayiti cheri ki se kote m fèt
Menm lè ou s on fanm ki gen move mèt
Malgre tout sa yo di sou ou
Pou ka fè moun kouri pou ou
Tout sak pa bon se ou k fè l
Des Antilles ou te la plus belle
Kounya ou se poubèl
Sa pa anpeche ke w se fanm tout nèg anvi goute
Manmi cheri se nan 2 men w ke mwen anvi kouche
Bò plaj yo ak pye kokoye lè on pitit lage w
Tounen chache kote w ye
Gen sa k piye w paske w mouri pou lou
Yo te konn di yo t ap mouri pou ou
Janm pè fredi m renmen solèy cho
Au mon pays ah qu'il est beau.

[Brital&Bricks]
Ahhhhh wouuu MC di m sa w wè
Yo w peyi sa man peyi sa bon anpi l man
Kèt bon van, bon solèy ou konn bagay la man
Bèl fanm
Tout bagay nèt
AYITI PI RÈD!!!
[Izolan]
Ayiti se manman nou an menm tan li se resous nou
Nou pap bliye bèl bitasyon yo ki kache dèyè tèt mòn yo
Nou gen bèl solèy pi bèl lanmè de peyi n nan très fièr
Se la nou fèt nou pa gen lòt mèt se nan ou nou kwè
Ayiti w pa gen lòt sinyati ke cheri
M swete w pou tout jenerasyon ap toujou la pou fleri
Pa gen pi gwo kado Bondye te ka ofri n
Ban nou peyi sa pou nou ka rejwi

[Fred Hype]
Ayiti mwen fenk kare damou senbòl sa ke lespri an nou
Richès kache mistè vodou mizè w se manje tout votou
Yon pakèt bann malfini melanje ak ti sousou
Pa konn kote yo soti vle kenbe ou anba kou
Yo pran pòz y ap ede w aprè ke yo fin piye w
Yo pete de tou je w pou yo ka toujou peze w
Yo bouke eseye reeseye bare n
Yo echwe ouvè kò w (Rap Kreyòl) yo pa ka kenbe.