Nou Di Non • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (FEB 15, 2021 AT 5:56 PM) 1,155 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2006
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Papa Katafal, Dade, Fantom, Dejavoo, Condagana, Brital, Marco, I

[Intro]
Ayiti, Nou pap kitew peri anba vye demon (Jamè, jamè!). Nou pran pozisyon (Ye!), nou di non! Non!
Encore et encore et encore! (Yeah! Yeah!) Pi real, pi lou, pi fò. (Yeah! Yeah!) Nan silans, nou travay san pèdi sans. (Ya heard me?) Ayisyen, nou konn sa li ye deja: BC!

[Dade]
Mizik se lonbraj, yon bagay ki entouchab
Tout moun ka wè aklè, Fyète peyi a n’gen touch la
Nou goumen anpil nou dwe, sou fèy la pou nou bay mo
Arestasyon ilegal pap janm fout fè nou bay do (Wooooo!)
Sponnsò dil pap bay non paske Ipap an gè (Shit!)
Ale di papaw se pa vre si'l tande Ipap an bès (This is bullshit!)
Yon ganstè, yon vagabon te di: fò nou kenbe, kenbe, kenbe
Aktè kenbe menm lè Ipap an gè.

[Fantom]
Menm jan n’pran jòf nan fanm mal chita
Nou pran blòf nan men chèf deta
Filozòf yo mèt ale, Ka... katastrof nou pi anreta
Nou se yon pakèt bannann mi wo plase, yo se dan pouri
Nou se gachèt nan fizi e yo se dwèt ki pou use li
Sa fini! Non, granmoun se sa nou tout dwe di
Nou di non! Nou tout fè youn se sa k ap bay lavi
Peyi a koronpi, pèvèti, lamoral fin pèdi
Jodia je n louvri, nou pap bouche nen n pou n bwè dlo santi (Evreee?)

Refren
K-tafalk: Nou di non!
Dejavu: Peyi a pa pou vann
K-tafalk: Non!
Dejavu: Nou pran nan pa konprann. Bouke ret tann otorite se pa nou yap defann.
K-tafal: Nou di non!
Dejavu: Manje pa janm desann
K-tafal: Non!
Dejavu: Pa gen travay pou fanm, nou refize met tèt ansanm, lekòl tounen savann.
[Kondagana]
Si nou vle pou sa chanje,
Pa gen chita gade lite pou n avanse,
Echèk pap fè n dekouraje
Fò n pa pè afronte baryè k drese nan sosyete.
Kilti sèl zam nou rete se li k pi neglije.

[Brital]
Aplike la lwa nou la pou sa men pa lote jistis pou vann
Enjistis sa vle di lèw pran rezon m pou revann
Twòp pou lajenès, kriz sa pou nou vle di detrès
Nou gen twòp mèt, peyi a gen twòp metrès
Li poko janm twò ta pou n di n bouke wè fatra nan lari
Li tande blow moun mouri, moun paka pran lari (An!)
Pa bay divizyon plas poul antre nan kè nou
Sinon n ap toujou anfas moun yo ki se frè nou

[Dejavu]
Nou di n granmoun, n paka fè anyen san n pa jwenn lòd
Anpil konbit politik, pou yon plas youn pa vo lòt
E n gen tout kriz (I&I) yon sosyete n dwe chase tout salte kou pis
Gen paran k gen pitit fil s on komès poul rich
Pwoblèm sa yo vin koz, konsyans nou revòlte
Ki fè nou di non gen bagay nou pap aksepte
Fè konnen tout sak pa bon se ayisyenn ki ka pote l
Ban n zannanna pou Sizann fo doktrin sa fò’n kapote l

[Marco]
Nou di fòk vyolans lan sispann (sispan)
Fòk gen lekòl pou tout moun aprann, nou vle
Yon chanjman pou frè n yo, yon chanjman pou sè n yo
Dwe gen lafwa pou sa chanje, Nou di non.

Refren
Pon

[Izolan]
Menm nou menm ki lajenès, nou pa gen moun ki pou defann nou
Lè nou vle revandike, yo pran pòz yo pa konprann nou (Non!)
Lè nou di sa nou wè, sa k fè nou mal
Sa ki fè n pè, zak ki pa nòmal
Komanw ta vle yon jèn fi dizwitan ap okipe pwòp fanmi l
Tandiske l entelijant, li te ka prepare avni l
Patron depanse pou manmzè l, fanmi gentan ba l bèl akèy
Men yo pat panse dèyè l (Elas!), te gen yon gwo sèkèy

[Bricks]
Voye je n anlè gade, anpil malè k pandye
Nèg se sandal fant zotèy epi ak chèn nan pye (Tchitchiman !)
Pouki grannèg fè mal, yo gade yo : non bay lòd
Men kou se malere, yo di bare yo! W anba kòd?
Rap Kreyòl rete paskem wè wap bay danje
Nou pa menm gen kòb nan men l e lòt tandans yo vle manje n
Kiyès ki responsab? (Nou menm?) Ki pou pale nan sa
Kiyès kap di non paske nou pap ka ret gade konsa.

Refren
Pon

O! Aleyouya! Se sa yo ta renmen k kraze a (En-hen!)? Nan TCM nan manmi! Bondye pi fò. Ya Bare l (Non!). Epi n pa bon non, man !

[Kondagana]
Si nou vle pou sa chanje,
Pa gen chita gade lite pou n avanse,
Echèk pap fè n de kouraje
Fò n pa pè afronte baryè k drese nan sosyete.
Kilti sèl zam nou rete se li kpi neglije.
An kè: Nou di non!!