Poze [Kanaval 2019] • Olivier Martelly

ADDED BY DIDIER (JAN 22, 2019 AT 10:30 PM) 4,203 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019
Featuring: Kenny, Atis Polky
Produced by: BigO

[Intro - Atis Polky]
Voici mon Atis Polky
Je voudrai Je le gardai
Prezans anke swete
2019 sa mezanmi se sa Olivier pote pou nou
Nou menm kap plere nou pral sispann plere
Je vais a planet poze

Anmwey wo anmwey wo
Kilè nape di yon mo pou ti pèp sa
Anmwey wo anmwey wo
Prete n zòrèy nou pou m pale pou pèp sa

Depi se moman kanaval ki rive
Timoun granmoun tout ap banboche
Menm lè gen sa ki ta vle kraze n
Ayisyen pap kite sa pase pou yo gate l

M deja konnen sa pral fon pale
Kenny Olivier kap kolabore
Yo ta pito wè nou divize

M bouke tande pow pow peyi a bloke – pow
M bouke tande pow pow de sòlda tonbe – pow
M bouke tande pow pow men chwal la lage – pow
M bouke tande tande tande tande – pow

M bouke tande pow pow – anwo a chofe – pow
M bouke tande pow pow – anba pa monte
M bouke tande pow pow – tout moun abrite
M bouke tande pow pow
Tande pow (4x)

Polky di n poze – poze
Olivier di n poze – poze
Slowedòp
Si w paka poze – slowedòd
Si w paka poze – slow slow slow – slowedòd

Lè yon polisye tonbe – ensekirite monte
Yon fanmi pa ka bwase
Chòfè moto paka vire – lajan pa sikile
Manifestasyon pral rive – pwoblèm pwoblèm

Profesè paka touche – elèv yo pa edike
Peyi pa ka fonksyone
Faktory pa ka mache – lajan pa sikile
Peyizan pa ka plante – pwoblèm pwoblèm

Ann ale an nou fè yon tèt kole pou peyi nou avanse
Nou gen dwa pou n manifeste men pa fè vyolans sou ti pèp la tande

Bliye tout kè sote kanaval la rive
Timoun kou granmoun poze
Poze lajenès poze
Poze politisyen poze

Nou bouke tande peyi a bloke (2x)

Siw santi wap byen pase frape – pla pla
Si w vle ayiti frape – pla pla
Pou lapolis byen touche frape – pla pla
Frape – pla pla (2x)

Nan moman kanaval la pa vin fè bosal
Kite timoun al lekòl mesye pa fè skandal
Boulèse yon peyi a non sa pa nòmal
Nou fè kòmsi ke nou pa wè se pèp la n ap fè mal

Kot ti nèg Micky nou konn tande a
Men li
Ah wi se li menm ki Olivier a
Ebyen ok

Men Big O men Big O
Tinonm ki fè danse a se li kap banm plezi
K ap fè m rejwi nan kanaval la
Heyyyy baw
Men li men li

Polky men yi genlè gaye nan foul la

Big O pèdi nan kanaval la
Kote Annie men li
M pa wè Annie
Oh kote Dro men li
M pa ka wè Dro - men li
Kote Kenny - men li
Ann chache Kenny - men li
Kote BigO

Men Big O men Big O
Tinonm ki fè danse a se li kap banm plezi
K ap fè m rejwi nan kanaval la
Heyyyy baw
Men li men li

Kote Bongu – men li
Kote Comme il faut – men li
Kote extreme red – men li
Kote sekosa – men li
Auto mega – men li
Na na natcom – men li
E BigO li menm