Nou Pap Bese Bwa [Kanaval 2019] • Chalè

ADDED BY DIDIER (FEB 2, 2019 AT 7:29 PM) 5,729 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019
Produced by: Manno Beats

Wow cette année les choses sont anpil
Anranje vous ban m on like
Chalè

Nou te fin bay vag
Nou te di n ap kanpe
Fanatik yo di si chalè pa la yo pap danse
S on responsabilite sa vle di n pa rete
Ane sa nou tounen pi rèd ke kat kanpe

Yon peyi k bezwen travay
Yon peyi k chaje fatra
Yon peyi ki chaje chèf
M pa vle pèp sab ese les bwa
Pa gen lekòl lopital
Ti jèn ap mouri pa bal
Fòk nou sispann reziye n
Montre nou pap bese les bras

Lè pou n ini nou dezini
Lè pou n konstwi n pito detwi
Konsekans yo tounen trajedi
Jodya se nou ki koz nap soufri

Se nou ki fè sa – si dwa moun pa respekte
Se nou ki fè sa – si jodya n pa ka manje
Se nou ki fè sa – si jenès la fin debwaze
Se nou ki fè sa – respekte lavi

Poutèt mil goud nou vann konsyans
Pa gen bon sans chwa n yo se rans
Twòp tolerans fè n vin inyoran
Lè n al lekòl se kòmsi n t anba ban

Se nou ki fè sa – si lòt peyi pa respekte n
Se nou ki fè sa – si tout frè n sè n yo fin ale
Se nou ki fè sa – nou pase istwa n anba pye n
Se nou ki fè sa – ann chita pale pou Ayiti

Tout moun ki pa pran nan blòf yo frape men nou – pla pla
Tout blòdè k pap bese bwa yo frape men nou – pla pla
Tout medam ak real dada yo frape men nou – pla pla
M pa tande nou – pla pla (2x)

Madanm ou se mennaj mwen
Mennaj mwen se madanm ou
Sa w ko wè sa w ko wè déjà
Blòdè tounen limena
Limena tounen blòdè
Sa w ko wè sa w ko wè déjà

Tout moun kap mache a Chalè a frape men nou frape men nou – pla pla
Gason k kwè nan fòs ponyèt yo frape men nou – pla pla
Medam ki kwè nan lekòl yo frape men nou – pla pla
Frape men nou – pla pla
M pa tande nou – pla pla

To lajan ap ogmante to lanmou ap diminye
Sa w ko wè, sa w ko wè déjà
Yo bezwen kraze chalè
Sa w ko wè, sa w ko wè deja

Leve men goch la, leve men dwat la
Tou kite yo anlè – non nou pap bese lè bwa

Pou pèp la ka manje – non nou pap bese lè bwa
Pou gen sekirite – non nou pap bese lè bwa
Pou nou ka jwenn sante – non nou pap bese lè bwa
Nou son pèp ki gen grenn – non nou pap bese lè bwa

Leve men goch la, leve men dwat la
Tou kite yo anlè – non nou pap bese lè bwa

Pou n bat koripsyon – non nou pap bese lè bwa
Nou vle bon edikasyon – non nou pap bese lè bwa
Se devan pou n gade – non nou pap bese lè bwa
Nou se nèg kap fòme – non nou pap bese lè bwa

Si peyi a rete konsa – nou mele
Si peyi a rete konsa – n antrave
Si peyi a rete konsa – nou mele

Alo Polky sa w di nan sa

Mwen konnen s on planet li ye
Mwen renmen lè nou fiturens mwen
Rele rele

Fizi wo fizi woy fizi woy, mwen renmen lè nou fiturens mwen

Je vais a la planet
Si peyi a rete konsa

Si n pap kraze planèt la met men goch anlè – konsa
Si n pap kraze planèt la met men dwat anlè – konsa
Slowedòp – wey
Tout moun slowèdòp

La guitarios
Wey
Sa Manno Beats gen la
Nève m nève, fache m fache

Hey hey hey hey

Chalè a menase, djaz la manke kraze
Fanatik ap kriye n pap kite kou sa pase

Ane sa kou Donald Guerier m ba yo gò

Sa k gen mayo leve mayo anlè
Sa k gen kepi leve kepi anlè
Sak gen mouchwa leve mouchwa anlè
Nou pral vire yo pou n ba yo chalè

Vire vire – ba yo Chalè
Leve pousyè nan foul la
Vire yo

Leve men goch la, leve men dwat la
Tou kite yo anlè – non nou pap bese lè bwa

Pou pèp la ka manje – non nou pap bese lè bwa
Pou gen sekirite – non nou pap bese lè bwa
Pou nou ka jwenn sante – non nou pap bese lè bwa
Nou son pèp ki gen grenn – non nou pap bese lè bwa

Leve men goch la, leve men dwat la
Tou kite yo anlè – non nou pap bese lè bwa

Pou n bat koripsyon – non nou pap bese lè bwa
Nou vle bon edikasyon – non nou pap bese lè bwa
Se devan pou n gade – non nou pap bese lè bwa
Nou se nèg kap fòme – non nou pap bese lè bwa

Kèl koupla, je monpli ca va