Fè Makak [Kanaval 2020] • Roody Roodboy

ADDED BY DIDIER (FEB 17, 2020 AT 7:08 PM) 8,195 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2020
Lyrics by: Roody Roodboy

Yo yo
Papa Roodensley refè l ankò
E nou l ye, e nou, e nou l ye e pa yo

Pèp la fache pèp la dedouble
Li mande anraje
Paske l bezwen on lavi miyò

Papa (2x)
Jehova vin di yon mo pou nou
Prezidan Roody vin pale pou nou

Peyi lòk biznis tout moun fout kanpe
Barikad yo tout kote
Pèsòn moun pa epanye nou nan chomaj oh
Nou lòk, menm lekòl pa fonksyone
S on bann san konsyans nou ye
Nou chita n ap radote pran pèp la pou makak oh

Nèg yo fè box nan paleman – on bann makak k ap fè makak
Nèg yo tire nan paleman – on bann makak k ap fè makak
Lage twalèt nan paleman – on bann makak k ap fè makak
Yo san respè pou paleman – on bann makak k ap fè makak

Wo fè makak yo fè nou fè makak
Way fè makak yo fè nou fè makak

Yo te pwomèt manje nan bòl – on bann makak k ap fè makak
Yo te di kouran tap 24 sou 24 – on bann makak k ap fè makak
Te pwomèt yo tap voye timoun lekòl – on bann makak k ap fè makak
Yo te di yo pral mare vòlè petwo yo – on bann makak k ap fè makak

Wo fè makak yo fè nou fè makak
Way fè makak yo fè nou fè makak

Lè w mete wòch nan men makak se tèt ou l kase
Lè w mete bwa nan men makak se tèt ou l kase
Lè w mete zam nan men makak se tèt ou l kase
Se tèt ou l kase

Manman pèdi pitit, pitit pèdi papa
Madanm pedi mari twòp masak mezanmi
Pou yon timoun ap sot lekòl oh
Ou touye l ak tout papa l oh, kriminèl

Twòp zam nan peyi a – mesye poze poze
Twòp gè nan peyi a – mesye poze poze
Twòp krim nan peyi a – mesye poze poze
Bay peyi a yon souf non mesye

Nou bezwen dezameman, nou bezwen sekirite
Mete tout bagay anlè pou n ka voye on siyal ale

Vire – bay siyal la
Vire vire – bay nèg yo siyal la
Vire – mayo
Vire – kepi
Vire – mouchwa
Vire – drapo
Vire – kaskèt
Mete tout bagay anlè

Rhum bakara – chanpyon
Joker eletronik – chanpyon
Lwil shell rotella – chanpyon
Paryaj lakay – chanpyon
Loto lakay – chanpyon
Konplex cargo – chanpyon
Moto tvs – chanpyon
Woule woule voom voom
Bnc – chanpyon
Nou gen richard store
Canez construction
Mache Ti Tony

Si w te ka koupe tout chèk mò yo
T ap gen bidjè pou w f on lopital oh
Si w te ka kanpe kontreban oh
T ap gen kob pou n konstwi lekòl oh

Pwoblèm yo la – solisyon yo la

Si w te ka pran lajan l’ona pou w prete ak sa ki pi mal yo
Yo ta jwenn yon ti degaje
Konsa nou ta gen yon lòt klas mwayèn

Pwoblèm yo la – solisyon yo la

Aba koripsyon
Aba vòlè
Si nou tout dakò mete de men n anlè
Kapote l – a goch
Kapote l – a dwat

Aba kidnaping
Aba enjistis
Si nou tout dakò leve de men n anlè
Kapote l – a goch
Kapote l – a dwat

Konbyen anbilans ki genyen nan peyi a
Mwen pa konnen non
Konbyen kamyon ponpye ki gen nan peyi a
Mwen pa konnen non
Lopital jeneral fanm ansent akouche atè
Andan Site Solèy timoun yo ap manje atè
Nou tèlman vin pi mal yo menm konpare n ak lanfè
Si n pa met tèt ansanm peyi n pap janm dekole

Reveye
Reveye konsyans nou
Reveye
Reveye moral nou
Reveye
Reveye bon sans nou
Reveye
Mesye fò n antann nou

Konbyen moun k ap mouri pou lajan lopital
Mwen pa konnen non
Konbyen moun matisan kap mouri anba bal
Mwen pa konnen non
Lopital jeneral fanm ansent akouche atè
Andan Site Solèy timoun yo ap manje atè
Nou tèlman vin pi mal yo menm konpare n ak lanfè
Si n pa met tèt ansanm peyi n pap janm dekole

Reveye
Reveye konsyans nou
Reveye
Reveye moral nou
Reveye
Reveye bon sans nou
Reveye
Mesye fò n antann nou

Ali baba - eya eya