Lè M Grangou M Pa Jwe [Kanaval2019] • Chandèl

ADDED BY DIDIER (JAN 18, 2019 AT 11:37 PM) 4,651 VIEWS EDIT

Lè M Grangou M Pa Jwe [Kanaval2019] • Chandèl

Genre: Kanaval
Year: 2019

Bagay la cho li cho (5x)
Gade jèn gason k ap mande
Bagay la cho li cho
Anpil jèn fanm kap mande charite
Bagay la cho li cho
Bagay la lèd lè transfè pa rive
Bagay la cho li cho
Pa menm chodyè pa monte

Leve pye n, mizè a cho (2x)

Bagay la cho li cho – anba mòn pilboro
Bagay la cho li cho – bandi fè n moute mòn pa do
Bagay la cho li cho – sou tout wout nasyonal yo
Bagay la cho li cho – dirijan pa ka di yon mo

Leve pye n, mizè a cho (2x)

Lè m ap gade kòman lavi n ap degrade
On bann je pete klere san pèsonalite
Jodya destin nou se nan men yo li ye
Si moun debyen te gen odas vagabond nan peyi sa
Ayiti tap fè mirak oh
Si moun debyen te gen odas vagabond kap kòmande nou yo
Ayiti tap fè mirak tande

Yon pèp malere – kitemele bounda yo
Yap eksplwate – ou pa wè se piye yap piye
Anpil moun tonbe – kitemele bounda yo
Anpil san koule - ou pa wè se piye yap piye

An nou sispann vote vagabon
Moun sa yo maltrete nou twòp
An nou sispann vote fo lidè
Yo pa regle anyen pou peyi a

Drapo n menase – kitemele bounda yo
Peyi n nan mizè – ou pa wè se piye yap piye
On pèp nan fè nwa- kitemele bounda yo
On peyi kidnapè – ou pa wè se piye yap piye

An nou sispann vote vagabon
Moun sa yo maltrete nou twòp
An nou sispann vote fo lidè
Yo pa regle anyen pou peyi a

Chandèl cheri i love you
Chandèl cheri I miss you
Ayiti cheri I miss you
Chandèl cherei I miss you too

Where is my money – kot dola
I want it - Papa vòlè kot lajan an
Kale m lajan mwen – kot dola
I want it

Yon pèp fon revolisyon – konsa yo ye
Vagabond sal foure pye ladan l – konsa yo ye

Kote lajan an pase – kot dola
I want it - Papa vòlè kale m lajan an
Kale m lajan mwen – kot dola
I want it – papa vòlè kot lajan

I miss you – chandèl cheri I miss you too
Ayiti cheri I miss you- chandèl cheri I miss you too
Ayiti cheri I miss you- chandèl cheri I miss you too
Kote lajan an pase – kot dola
I want it - Papa vòlè kale m lajan an
Kote lajan an pase – kot dola
M pap peye

Palè nasyonla mwen di w lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe
Palè nasyonla mwen di lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe

On senate vòlè lajan m – bare yo
M pa konn kisa l te fè avè l – bare vòlè yo, bare yo
On depite vòlè dola m – mare yo
M pa konn kisa l fè avè l – mare vòlè yo mare yo

Palè nasyonla mwen di w lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe
Magouya mwen di w lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe

On senate vòlè lajan m – mare yo
M pa konn kisa l te fè avè l – mare vòlè yo, bare yo
On depite vòlè dola m – mare yo
Li pa bati yon bon lopital – mare vòlè yo mare yo
On senatè vòlè dola m – mare yo
Li pa bati yon bon lekòl – mare vòlè yo mare yo
Si moun sa yo te renmen m – mare yo
Se pa konsa yo tap viv avè m – mare vòlè yo mare yo

Magouya mwen di w lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe
Politisyen Magouya lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe

Rasanble
Rasanble (2x)
Pou n sove timoun yo
Moun debyen rasanble
Rasanble (2x)
Pou n sove peyi a
Djazpora rasanble
Rasanble (2x)
Pou n sove timoun yo

Paleman nasyonal mwen di w lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe
Politisyen magouyè lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe

On senate vòlè lajan m – bare yo
Li pa bati on bon lopital – bare vòlè yo, bare yo
On depite vòlè dola m – mare yo
Li pa bati yon bon lekòl – mare vòlè yo mare yo

Palè nasyonla mwen di w lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe
Mezanmi mwen di lè m grangou m pa jwe
Lè m grangou m pa jwe

Rasanble (2x)
Pou n sove timoun yo
Mezanmi rasanble
Rasanble (2x)
Pou n sove peyi a
Moun debyen rasanble
Rasanble (2x)
Pou n sove timoun yo