Nadiyéh [Kanaval 2019] • Kaï

ADDED BY DIDIER (FEB 8, 2019 AT 10:56 PM) 5,409 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019
Featuring: Mikaben

Depi w pa nan kai ou dòmi deyò
Sou pwen sa nou déjà dakò
Wi nou kanpe djanm e nou bat rekò
Nou pot pou lavil nou pot pou andeyò

Men nou vle wè peyi n kap byen pase
Ann respekte lavi ann chita pale
Se lè ma wè anwo
Fè youn avèk anba
Lè dirijan nou yo aprann jere pouvwa
Nap ka nadiye

Nadiye
Nadinadi nadiye – hey papa
Nadiye Nadinadi nadiye – yeah
Nadiye
Nadiye Nadinadi nadiye – hey papa
Nadiye – ahh

Tonnè boule m wè twòp bagay sou late
M anvi pouse zèl pou m file monte – pouch
Tonnè kraze m wè twòp bagay sou late
M anvi pouse zèl pou m file monte – pouch

Nou bouke wè jèn kip a ka jwenn travay – fò n manifeste
Vire tounen sa w tande gen on deplozay – fò n manifeste
Leve zèl dwat la – konsa
Leve zèl dwat la – konsa
Kite tout pwoblèm atè pouse zèl pou n vole

Vole lougawou
Vole vole lougawou

Nadi nadiye

Ou pat manje
Ou pat manje ou menm – ou sispèk ou menm
Ou pat manje
Ou pat manje ou menm – anmwey

Pèp la mande kot kòb petwokaribe a
Yo fè kòmsi yo pa konprann
Pèp la mande kot kòb petwo a
Yo fè kòmsi yo pa konprann

Si w pat manje nan kòb petwokaribe a
Mete men w anlè mwen di w mete men w anlè

Tande tande
Si w pat nan tete, si w pat nan tòtòt
Si w pat nan souse
Mete bagay anlè

Leve chemiz anlè – leve
Leve mayo anlè – leve
Leve sèvyèt anlè – leve
Leve mouchwa anlè – leve
Leve – woy
Fè m wè yo kap vire

Vire
Vire vire vire yo

Tout moun sispèk fim kòd la pral kòmanse
Gade blofè
Mare yo mare yo

Bat bravo se pla pla
Si nou renmen peyi nou leve de men anlè - Bat bravo se pla pla
Si nou vle ti machann yo jwenn mache pou travay - Bat bravo se pla pla
Si nou ta renmen wè tout timoun yo al lekòl - Bat bravo se pla pla

Pandan n ap bat bravo
Men Panch fache wi
Sa misye gen la

Si anba bra w pa bon – pa leve men w nan figi m
Si anba bra w pa bon – pa vin leve men w nan figi m
Men si w konnen w santi bon – oh
Ou pa santi koura – oh
Ou pas anti screnshot – oh
Leve de men w anlè gaye
Gaye sant lan
Men pran on sant wi la mwen menm
On sant van

Si anba bra w pa bon – pa leve men w nan figi m
Si anba bra w pa bon – pa vin leve men w nan figi m
Men si w konnen w santi bon – oh
Ou pa santi kalòt – oh
Ou pas anti whatsapp – oh
Leve de men w anlè gaye
Gaye sant lan
Men pran on sant wi la mwen menm
On sant van

Nadiye
Nadinadi nadiye – hey papa
Nadiye Nadinadi nadiye – yeah
Nadiye
Nadiye Nadinadi nadiye – hey papa
Nadiye – ahh

Tonnè boule m wè twòp bagay sou late
M anvi pouse zèl pou m file monte – pouch
Tonnè kraze m wè twòp bagay sou late
M anvi pouse zèl pou m file monte – pouch

Nou bouke wè jèn kip a ka jwenn travay – fò n manifeste
Vire tounen sa w tande gen on deplozay – fò n manifeste
Leve zèl dwat la – konsa
Leve zèl dwat la – konsa
Kite tout pwoblèm atè pouse zèl pou n vole

Vole lougawou
Vole vole lougawou

Nadi nadiye