Nou Solid [Kanaval 2019] • Boukman Eksperyans

ADDED BY DIDIER (FEB 3, 2019 AT 2:21 PM) 6,070 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019

[Manzè]
Humhumhum!

[Kè]
Humhumhumhum

[Moali]
Houhou!!
Kanaval la rive nou pral pran plezi n’
Nou pral amize n’
Retire tout stress
Boukman tou nèf
Se lè pou nou danse
Fete fete fete!
Hanhan!

[Lòlò]
Gade machann yo
Machann pouvwa yo
Yap machande
Yap negosye
Tande pale yo
Gade konbinezon yo
Je nou fout kale
Nou la
An action
Vle pa vle
Vle pa vle

[Moali]
O non!
Trop de main mise
Sur les biens de l’etat
Trop de coquins
Trop de malins/crétins

[Manzè]
Vagabon
Pa ladann

[Moali]
Sankonsyans
Pa ladann

[Manzè]
Sanzave
Pa ladann

[Manzè et Moali]
Malandren
Pa ladann

[Kè]
Nou deja deside
Nou pap negosye

[Manzè]
Gede m pap boukante vye boyo m nan
Hum hum

[Lölò]
Revolution ginen
Sa ye
E o o
An verite nou pap negosye

[Manzè]
Gede m pap negosye
Kiskeya m nan
Gede m pap negosye ayiti m nan

[Lòlò]
Nou pap negosye
Sekirite nou
Revolisyon lakou sa ye
E o o! se deside

[Manzè]
òò ! gade gagòt! òò!
San ront

[Kè]
Sanront sanront sanront
Sa wap fè konsa
Sanront sanront sanront
Ou pa dwe konsa
Sanront sanront sanront
Al ranmase fatra

[Manzè]
Kè jan ou ye konsa
Kijan ou fè konsa
Ou pat dwe konsa
Al ranmase fatra

[Kè]
Elanye yon si bèl fanm konsa
Elanye pa maltrete l
Konsa
Elanye yon bèl peyi konsa
Elanye li pap kap rete konsa
Elanye souke ti kò ou konsa
Elanye
Nou pap kap viv konsa
Elanye vire dada ou konsa
Elanye peyi a pa dwe konsa

Arete vagabon yo
Pa touye yo

[Lòlò]
Arete yo
Jije yo
Resèt yo
Sitou sa ki gen
Dwèt long yo

[Manzè]
Pinga n’ lage yo
Refomate yo
Ribil yo(5 fwa)
Remoulen yo
Ri ri ri ri ri
Ribil yo
Reset yo

Boukman o
Nou la nou solid o
Boukman o
Nou la pi solid o

[Kè]
Elanye yon si bèl fanm konsa
Elanye pa maltrete l
Konsa
Elanye yon bèl peyi konsa
Elanye li pap kap rete konsa
Elanye souke ti kò ou konsa
Elanye
Nou pap kap viv konsa
Elanye vire dada ou konsa
Elanye peyi a pa dwe konsa

Arete vagabon yo
Pa touye yo

[Lòlò]
Arete yo
Jije yo
Resèt yo
Sitou sa ki gen
Dwèt long yo

[Manzè]
Pinga n’ lage yo
Refomate yo
Ribil yo
Remoulen yo
Ririririri
Ribil yo
Pa lage yo

Gen de moun papa!
Se pwen yo pran wi
Pou yo sa...

[Kè]
Pa kanpe mande n’
Kisa n’ pote
Vin’ gade
Wa wè kisa nou pote
Si ou pare wa wè
Kisa nou pote
Se lespri ka di ou
Kisa nou pote

[Kè]
Sanront sanront sanront
Sa wap fè konsa
Sanront sanront sanront
Ou pa dwe konsa
Sanront sanront sanront
Al ranmase fatra

[Kè]
Elanye yon si bèl fanm konsa
Elanye pa maltrete l
Konsa
Elanye yon bèl peyi konsa
Elanye li pap kap rete konsa
Elanye souke ti kò ou konsa
Elanye
Nou pap kap viv konsa
Elanye vire dada ou konsa
Elanye peyi a pa dwe konsa

Arete vagabon yo
Pa touye yo