Ti Lezanj [kanaval 2015] • Olivier Martelly

ADDED BY JESS24 (JAN 22, 2015 AT 9:57 PM) 23,269 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015
Featuring: Roody
Produced by: Big O Production & Ti Ansyto

Yeah
Di yo sa nou sonnen on lòt jan

Pale m pral pale ankò

Haiti w wè a se peyi’m li ye
Zansèt nou yo te lite poun te ka jwenn libète – hey hey
Ble e wouj sa m di se drapo’m li ye
Li se fiète’m mpap kite’n pale’l anba pie’n
Dim kisaw fè kisaw fè dim kisaw fè
Pou lari a pagen fratra ankò
Dim kisaw fè kisaw fè dim kisaw fè
Pou tèt mòn yo pa bebwaze ankò
Non pa koupe pie bwa

Woy gad on foul – gad on foul moun devanm
Anmwey gad on foul - gad on foul moun dèyèm
Sin pa vle kraze brize bat men – pla pla pla
Sin vle viv nan linite bat men – pla pla pla
Sin vle Haiti chanje bat men – pla pla pla
Sin ta vle peyin vanse bat men – pla pla pla

Men pawòl la

Si nap manifeste nou pa dwe kraze brize
Pou tout sa nap chèche rezilta kote’l ye
Yo plede babye yo di nou pap avanse
Pèp ayisyen veye priye se letènèl poun loure

Demen anlè – poun pran pozisyon Jezi kris la (4x)

Chanmas rele – nap chachon’w sinyal
Pèp la chante – nap chachon’w sinyal
Prezidanm kriye – nap chachon’w sinyal
Haiti rele – nap chachon’w sinyal

Sin vle peyi’n chanje – nap fè pla
Sin kwè nan linite – nap fè pla
Sin vle gen tèt kole – nap fè pla pla pla pla pla
Sin renmen kanaval – nap fè pla
Sin se original – nap fè pla
Ki pa vin fè bosal – nap fè pla pla pla pla pla

Kote timoun yo, kote granmoun yo
Nou pare? Men dans peyi a

Vole - pou ti lèzanj
Haiti - pou ti lèzanj
Vole - pou ti lèzanj

Tout timoun- pou ti lèzanj
Vole - pou ti lèzanj
Tout ghetto - pou ti lèzanj
Tout granmoun - pou ti lèzanj

Olivier Martelly sinyal ou klè la
Wap sonnen on lòt jan

Si nap manifeste nou pa dwe kraze brize
Pou tout sa nap chèche rezilta kote’l ye
Yo plede babye yo di nou pap avanse
Pèp ayisyen veye priye se letènèl poun loure

Demen anlè – poun pran pozisyon Jezi kris la (4x)

Chanmas rele – nap chachon’w sinyal
Pèp la chante – nap chachon’w sinyal
Prezidanm kriye – nap chachon’w sinyal
Haiti rele – nap chachon’w sinyal

Sin vle peyi’n chanje – nap fè pla
Sin kwè nan linite – nap fè pla
Sin vle gen tèt kole – nap fè pla pla pla pla pla
Sin renmen kanaval – nap fè pla
Sin se original – nap fè pla
Ki pa vin fè bosal – nap fè pla pla pla pla pla

Kot ti medam yo, kot ti blòdèm yo
Nou pare? Men dans peyi a

Vole - pou ti lèzanj
Tout dj - pou ti lèzanj
Vole - pou ti lèzanj
Ti sexy - pou ti lèzanj
Vole - pou ti lèzanj
Animate - pou ti lèzanj
Ti blòdè - pou ti lèzanj

Sin vle peyi’n chanje – nap fè pla
Sin kwè nan linite – nap fè pla
Sin vle gen tèt kole – nap fè pla pla pla pla pla
Sin renmen kanaval – nap fè pla
Sin se original – nap fè pla
Ki pa vin fè bosal – nap fè pla pla pla pla pla

Big O production di yo sa

Chanmas rele – nap chachon’w sinyal
Pèp la chante – nap chachon’w sinyal
Prezidanm kriye – nap chachon’w sinyal
Haiti rele – nap chachon’w sinyal