Afiche'w [Kanaval 2015] • Anbyans Tèt Dwat

ADDED BY DIDIER (JAN 25, 2015 AT 3:15 PM) 19,587 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015

Pèp Ayisyen, se vre batay la vin’n difisil anpil
Men menm si jou yo vin’n pi nwa piga n dekouraje, paske

Bondye pap janm lage’n yon jou (2x)
Depi gen Bondye kap mache avè’n
Bondye pap janm lage’n yon jou
[2x]

Si tout bon ou se Ayisyen, afiche’w

Sa pa gen lontan devan lemond antie nou te non w lis nwa
Imaj nou tap projte te menm fè n bliye si n’ gonw bèl istwa
Divisyon diskisyon san solisyon fè peyi’n pase 25 konstitisyon
Pwoblèm polotik fè n toujou anba Jiskaske n rive a 31 koudeta

Oh oh
Oh oh – Haiti rele li pa kapab ankò
Oh oh – haitien li lè poun di se tròp atò
Oh oh – Haiti bouke soufri

Chak jou nou leve sonw manifestasyon
Nou pa janm fonw jan pou nou jwenn yon solisyon
Men si nou bliye – sa ki te rive
Istwa la pou raple’n - Pou fè nou sonje
Se paske n sanble twòp sòlda Caco yo
Ki ta pral cause depandans nou nan kacho sa
Chak prezidan ki monte, nou toujou la poun soulve

Si nou pa konprann sak te pase – nou pral eksplike’w
Kikikikikikisa’l bay
Kraze brize sa mwen wè’l deja - kisa’l bay
1914 Caco te fè pi mal - kisa’l bay
Nou pami peyi k pase plis prezidan - kisa’l bay

Men kisa’l bay

25 Jwiyè 1915 palè nasyonal atake
Depi lè sa nou okupe
Nan demen 26 jwiyè bato Washington debake nan peyim nan
Depi lè sa nou okupe
Se sou menm okupasyon sa yo bann yon konstitisyon enpòte
Depi lè sa nou okupe
E se nan menm konstitisyon sa yo tounen ak lwa kòve a
Depi lè sa Haiti ap fè kòve

Nou vle okipasyon – non
Manipilasyon – nou pa dakò
Nou vle divisyon – non
Gouvènman transisyon

Nou pa dakò (8x) - Non

Li lè poun jwenn solisyon sa
Pou evite okipasyon sa

Gouvènman tranzisyon

Nou pa dakò (8x) - Non
Plezikanaval nou tout se Haiti

Se nou tout ki fèl Nou tout ki responsab

Fò nou tout konsyantize’n pakse nou tout se Haiti cherie
Bay Haiti yon chans

Hey hey kibò sa
E lik konnen se Haitien’l ye

Siw se Haitien rale paspòw – afiche’w
Siw se Haitien kot kat electoral ou – afiche’w
Siw se Haitien kote bastistèw – afiche’w
Siw se Haitien nenpòt piès ki nan menw leve’l
Afiche’w

Se Ayisyen n ye
Pa pè di se Ayisyen n ye

Siw se Haitien rale paspòw – afiche’w
Siw se Haitien kot kat electoral ou – afiche’w
Siw se Haitien kote bastistèw – afiche’w
Siw se Haitien nenpòt nenpòt saw gen nan menw leve’l
Afiche’w

Se Ayisyen n ye
Pa pè di se Ayisyen n ye

Yo di Haiti cho
Chanmas ap pran dife
Machann vin pote blòk glas la ti fi pikew
Pik pik pikew

Pike glas la
Ba yo glas la

Depi Anbyans lagon’w bagay Ayisyen rele – se tou gòl
Yo soti tout kote yap sote ponpe – se tou gòl
Yo anvayi chanmas tout moun ap chante – se tou gòl
Se tout peyi a kap chante wi - Se tou gòl

Gonaives rele – se tou gòl
Okay Jacmel – se tou gòl
Pòdepè, St Marc – se tou gòl
Jeremi – se tou gòl

Lè yon moun met men sou tèt – yo dil gen pwoblèm
Ane sa nan plas pwoblèm yo - nap mete anbyans

Gadonw anbyans (6x)

Depi Anbyans lagon’w bagay Ayisyen rele – se tou gòl
Yo soti tout kote yap sote ponpe – se tou gòl
Yo anvayi chanmas tout moun ap chante – se tou gòl
Se tout peyi a kap chante wi - Se tou gòl

Pòtoprens rele – se tou gòl
Djaspora rele – se tou gòl
Plato santral rele – se tou gòl
Kap Ayisyen cheri – se tou gòl

Lè yon moun met men sou tèt – yo dil gen pwoblèm
Ane sa nan plas pwoblèm yo - nap mete anbyans

Gadonw anbyans (6x)

Kikikikikikisa’l bay
Kraze brize sa mwen wè’l deja - kisa’l bay
1914 Caco te fè l pi mal - kisa’l bay
Nou pami peyi k pase plis prezidan - kisa’l bay

Men kisa’l bay

25 Jwiyè 1915 palè nasyonal atake
Depi lè sa nou okupe
Nan demen 26 jwiyè bato Washington debake nan peyim nan
Depi lè sa nou okupe
Se sou menm okupasyon sa yo bann yon konstitisyon enpòte
Depi lè sa nou okupe
E se nan menm konstitisyon sa yo tounen ak lwa kòve a
Depi lè sa Haiti ap fè kòve

Nou vle okipasyon – non
Manipilasyon – nou pa dakò
Nou vle divisyon – non
Gouvènman transisyon

Nou pa dakò (8x)