Fonse [Kanaval 2015] • 45 Soldiers

ADDED BY DIDIER (JAN 16, 2015 AT 8:17 PM) 21,318 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015

Chak ane nan kanaval nou toujou la
Sou tout radio television n jere sa
Nap remèsie tout moun ki te toujou la
Si yo pat kanpe avè’n 45 pa tap la

Moun Jacmel yo – oh oh
Gonayiv yo – oh oh
Moun Sèn mak yo – oh oh
Moun Pòtopren Okap Okay yo

45 fè lapli, li bay movetan
Konsa li fè kè moun kontan
Nou pap janm fin kriye pou Bob ki tonbe
Malgre sa n di nou pap kanpe

Mwen di leve Haiti leve
Van chanjman soufle leve poun selebre
Pandan nap profite tou fòn pa bliye
Poun te jwenn chanjman zansèt yo te leve

Fonse (4x)
Kont esklavav nou te fonse
Fonse (4x)
Pou endepandans nou te fonse

Mwen di leve Haiti leve
Van chanjman soufle leve poun selebre
Pandan nap profite tou fòn pa bliye
Poun te jwenn chanjman zansèt yo te leve

Fonse (4x)
Kont pou libète nou te fonse
Fonse (4x)
Poun te jwenn fiète nou te fonse

Se fonse poun fonse kounia
Pou n met peyi’m sou on lòt vwa
Nou fè istwa nou wè kijan Toussaint te chanje sa – hey hey hey hey
Nou pa vin fè propagann – hey hey hey hey
San patipri tout moun ladann

Nou pap pran sa – po you devan pou yap rale’l dèyè
Nou pap pran sa – nou devan pòt la nou tounnen dèyè
Nou pap pran sa – an nou fonse pou nou jwenn dinyite’n
Menm jan zansèt yo te goumen pou yo te delivre’n

Mwen di leve Haiti leve
Van chanjman soufle leve poun selebre
Pandan nap profite tou fòn pa bliye
Poun te jwenn chanjman zansèt yo te leve

Fonse (4x)
Pou libète nou te fonse
Fonse (4x)
Poun te jwenn fiète nou te fonse

Pa dim ou pa prale
Pa dim ou pat gentan pare
Plezi lari a 45 li ye
Pa ka ret tann pou zanmi na kwaze
(2x)

Wa sonje fanfa te pale yo
Depi’n jwenn espas nap fonse

M santi’m bèl bèl – lè m wè peyim nan ap vanse
M santi’m bèl bèl – prezidanm nan ap fonse
M santi’m bèl bèl – tout ti medam yo ap danse
M santi’m bèl bèl – tout peyi a edem rele

Anmwey - pa di manman’m sa
Anmwey – siw wè m te sou nan mitan bann nan
Anmwey – pa di papam sa
Anmwey – siw wè nan mitan bann nan
Anmwey – pa di manman’m sa
Anmwey – siw wè m gaga nan mitan bann nan
Anmwey – adie pa di madanm sa
Anmwey – sim tap ploge nan mitan bann nan

Sim di se ou ta ye – ou tap rim ou tap rim
Sim pat gen chef Stanley – ou tap rim ou tap rim

Wes ayyy
Se Natasha avek Sandra de ti medam ki sot Delmas
Yo gonw ti jwèt yo fè chak swa
Yo chak ap souse dwèt yap souse dwèt lòt

Lè nap fè ti jwèt sa medam mete’m ladann – oh oh oh oh oh oh (2x)
Sin dakò channmas mayo anlè
Sin dakò channmas mouchwa anlè

Nou mete dekò, vini foure kòw, nou sonnen pifò
Nou pa chanje bò, se nou 45 chak ane pi fò nou lage
Nou ba yo remò, nou kraze rekò
Nou fè anpil efò, ki fè nou pi fò
Se nou 45 pale n’ale
Men goch anlè, men dwat anlè, de men anlè, to the left to the right - oh oh oh oh oh oh (2x)

Lè nap fè ti jwèt sa medam mete’m ladann – oh oh oh oh oh oh (2x)
Sin dakò channmas mayo anlè
Sin dakò channmas mouchwa anlè

Nou mete dekò, vini foure kòw, nou sonnen pifò
Nou pa chanje bò, se nou 45 chak ane pi fò nou lage
Nou ba yo remò, nou kraze rekò
Nou fè anpil efò, ki fè nou pi fò
Se nou 45 pale n’ale
Men goch anlè, men dwat anlè, de men anlè, to the left to the right - oh oh oh oh oh oh (2x)

Si pèp la bezwen vanse e e e – piga vin di’l peyi’l bloke, wap mal pale
Si machann bezwen bwase e e e – piga vin di’l peyi’l bloke, wap mal pale
Si lajenès bezwen kanpe – kitel kanpe
Bezwen frape – kite’l frappe
Bezwen piafe – kite’l piafe
Bezwen voye – bal voye stress ale
Bezwen kanpe – kitel kanpe
Bezwen frape – kite’l frappe
Bezwen piafe – kite’l piafe
Bezwen voye – voye peyim monte