Eske Wap Pran Dekoupe [Kanaval 2016] • Vwadèzil

ADDED BY ZOKLO (JAN 17, 2016 AT 4:55 PM) 23,927 VIEWS EDIT

Eske Wap Pran Dekoupe [Kanaval 2016] • Vwadèzil

Genre: Kanaval
Year: 2016
Lyrics by: Vwadèzil

Mwen pran lavi m an men nan peyi a
Anvan lavi a pran m nan men peyi a
Mwen poko wè devan mizè m pral obeyi a
Map mache dwat jouk mwen rive nan dènye ri a

Ou menm ki prese Pou w rive san fòse
Pu di chemen lavi ou mal trase Nan rak w’al pase

Lè wout lavi a move - Si se dekoupe w pran
Lè w gen pou w depoze cv - Wa mete dekoupe ladan
Chimen lavi move move - Si se dekoupe’w pran
Lè’w gen pou’w depose cv - Wa mete dekoupe ladan
Kòman’w fè fè fè koupe fè - M’te fè dekoupe ladan
Kòman’w fè fè not ou pa fè - M’te pran dekoupe ladan
Lè dlo two jele sa ou fè - M’fè dekoupe ladan
Lè ‘w pat ka tann nan sa’w te fè

Ou menm ki prese Pou’w rive san fòse
Ou di chemen lavi ou mal trase

Nan rak w’al pase
Mete dekoupe ladan (bis)

Diktatè te pran dekoupe Konbyen pouvwa k’te nan dèyè ‘l
Lè’l te pran dekoupe a Te gen twa nan dèyè ‘l
Granmanjè te pran dekoupe Konbyen pouvwa’k te nan dèyè’l vre
Lè’l te pran dekoupe a Te gen twa nan dèyè ‘l

Pouvwa jidisyè - en
Pouvwa lejislatif - de
Pouvwa ekzekitif - Toulè twa te nan dèyè l

Pran dekoupe a byen peyi a Konbyen pwavwa’w gen nan deye’w
Depi’w ki pran dekoupe a - Ou gen twa nan deye’w
Dirijan si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè’w
Kep si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè’w
La madam si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè’w
Nan fè Ti sousou si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè’w
Kandida si’w pran dekoupe - Ou gen twa dèyè’w
Yo ka dèyè pou sipote’w
Yo ka dèyè pou y’arete’w

Magouyè si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Oumenm etidyan si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Patizan si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Mesye prezidan si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Bel ti pitit si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Avni peyi’m pa dlo jele
Nou pa bezwen dekoupe’l

Eske wap pran dekoupe( 4fwa)

Yo pran dekoupe atè
Yo pran dekoupe anlè
Yo pran dekoupe adwat
Yo pran dekoupe agoch
Yo pran dekoupe adwat agoch

Eske wap pran dekoupe(4fwa)

Yo pran dekoupe atè
Yo pran dekoupe anlè
Yo pran dekoupe adwat
Yo pran dekoupe agoch
Yo pran dekoupe adwat agoch

Yo te ka bon wi - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Yo te ka rebon wi - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Gen sa manman voye lekol - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Yo te ka pran’l wi - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Yo te ka repran’l wi - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Nèg saa bezwen mache pou kol - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Yo te ka fè’l wi - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Yo te ka refè’l wi - Se nan pran dekoupe yo pèdi
Yo pa respekte potokòl - Se nan pran dekoupe yo pèdi

Men rara ti tony
Nan mache ti tony

Anpil nan yo chwazi pou Yo voye ko yo nan bwa
Anpil fwa sa rive Yo tonbe sou move grenn

Pran dekoupe a byen peyi a Konbyen pouvwa’w gen nan dèyè ‘w
Depi’w pran dekoupe a Ou gen twa nan dèyè ‘w
Dirijan si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Ou menm etidyan si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
La madam si’w pran dekoupe - Ou gen twa nan dèyè ‘w
Nan fe ti sousou si’w pran dekoupe - ou gen twa nan dèyè ‘w
Bel ti pitit si’w pran dekoupe - ou gen twa nan dèyè ‘w

Sou chimen lavi a kote nap gade - devan
Lè nou reyisi nap fe klatap klatap - douz
Sou chimen lanmou kote nap gade - devan
Lè nou tout reyini nap fe klatap klatap - douz
Nan dosye kanaval sa fè Vwadezil 12

Sa fè 12 klatap douz

Pandan wap pran dekoupe
Nou lage douz la nan dada’w(3fwa)

Yo pran dekoupe anlè
Yo pran dekoupe atè
Yo pran dekoupe adwat
Yo pran dekoupe agoch
Yo pran dekoupe adwat agoch

Sou chimen lavi a kote nap gade

Sou chimen lavi a kote nap gade - devan
Lè nou reyisi nap fe klatap klatap - douz
Sou chimen lanmou kote nap gade - devan
Lè nou tout reyini nap fe klatap klatap - douz
Nan dosye kanaval sa fè Vwadezil 12

Sa fè 12 klatap douz
Pandan wap pran dekoupe
Nou lage 12 la nan dada’w

Gen chanpyon gen chanpiyon
Kisa’w ye ou menm?

[West I]
Mwen se Wilson jeudy map tann
Pou Delmas manhatann
Nou rantre ti pati
Nou fe dekoupe
Sa se secret de la vie
Shop