Ke Pwason [Kanaval 2016] • Roody Roodboy

ADDED BY JESS24 (JAN 14, 2016 AT 11:27 PM) 20,623 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016
Lyrics by: Roody Roodboy

Ayiti peyi solèy
Ayiti peyi chalè
Ayiti peyi lanmè, peyi tropical, peyi kanaval
[2x]

Yo di peyi m pa bon
E poutan se a Paris m tande gen gwo bonb kap pete
Yo di peyi m pa bon
E poutan se la Sirie m tande misil ap eksploze
Mwen monte New York m al nan kanaval sou eastern parkway
Zen pete bal tire – bow
Mwen monte New York m ale nan jouve m ale nan rara
Zen pete bal tire – bow

Kite m pran plezi m nan peyi mwen – kite m vibe
Kite m pran feeling nan peyi mwen – kite m shine
[2x]

Nou gen labadi, - pla
Nou gen sitadèl - pla
Nou gen Port Salut - pla
Oh oh oh
Nou gen Basin Bleu - pla
Nou gen basin - pla
Nou gen sodo- pla

Kite m pran plezi m nan peyi mwen – kite m vibe
Kite m pran feeling nan peyi mwen – kite m shine
[2x]

Lè pèp sa ap manifeste sèl Bondye nan syèl ki kapab kenbe l
Lè se dwa l lap revandike fòk n aprann tande fòk dwa l respekte

Oh oh oh oh oh
Nou mande viann yo banm ke pwason an
Oh oh oh oh oh
Kounya m nan batay hey

M pral manifeste kawotchou m pral boule – sa pa ladann
M pral manifeste vit machin m pral kraze – sa pa ladann
M ap manifeste wòch m pral tire – sa pa ladann
M pral manifeste dife m pral mete – sa pa ladann

Tigidip tigidip bow – yo lage l nan bouda chwal la
[2x]

Kounya se moman pou timoun yo danse

Men dwat anlè – fè m wè ke pwason an
Men goch anlè - fè m wè ke pwason an

Kwaze yo kwaze yo – konsa [3x]
[2x]

Fè Black Alex

Apa m tande peyi a cho – ebyen n ap met mayo n alè
Apa m tande peyi a cho – ebyen n ap met mouchwa anlè
Apa m tande peyi a cho – ebyen n ap met drapo n alè
Van vire, van vire, van vire wey fè l frèt

Plezikanaval

Wo wo wo wo
Griyendan genlè

Gad jan m bèl
Yo pral di se pa mwen

Pale pale pale pale – pale pou kouran yo pa banm se dwa m map defann kite m pale
Pale pale pale pale – pale pou lekòl yo pa banm edikasyon m ap defann kite m pale
Pale pale pale pale – pou sekirite yo pa banm pèp la m ap defann kite m pale
Pale pale pale pale – pale pou travay yo pa banm, pèp la m ap defann kite m pale wo

Ane a pale mwen pale ankò
Woy woy woy mwen pale ankò
[2x]