Se Pou Ou M' Ye • Rockfam

ADDED BY DIDIER (NOV 30, 2014 AT 9:30 AM) 32,119 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014

[Chorus]
Cherie se pou ou m ye
Ou pa bezwen gad dèyè
Mwen korije avek erè mwen te konn fè avanyè
Ou pa bezwen panike
Jalouzi pa fèw pete goumen
Menm lèw konnen ke’m son’w etwal bebe tout je klere sou mwen
Genyen k’ di se moun fou m ye
Men cherie nou pap janm okipe yo
Tout bèl okazyon la vi ba nou fòk nou profite yo
Se avèw mwen adikte
Ou pa bezwen pè cherie mpa prale
Mwen pap voye monte men se kèm kap pale

[Verse 1]
Eh yo, lèm di se pou ou m’ ye son’w sèman a tout franchiz mwen fè
Yo di se moun fou m ye lanmou pou ou fèm pran kriz tout lè
Mwen pap fè betiz, ou konnen m gen metriz
Tout rèv mwen se ofri’w yon bag pou’n antre nan legliz on lè
Pa bezwen panike de sa moun yo ap pale
Menm si problèm ta frape nou men nou pap janm separe
Nou fèt pou’n viv a de bebe ou pa bezwen gen dout sou mwen
Franchman se kè’m kap pale siw ale lavi a a toup pou mwen, bout pou mwen
Kiyès ki pral rete ki pou fè wout pou mwen
Se vre m fè anpil eksperyans lèm gade si ou ki tout pou mwen
Lanmou san konfyans toujou fè ..
Ann bay tet nou on chans an pasan kilè nap fon’w bebe

[Chorus]

[Verse 2]
Depi m mèt tann nan kabann baby son’w sèl bagay map reve
Mwen pa ka tann jou sa rive pou’m wè se vwal ou map leve
Malgre m konnen son’w sakreman si’w poko prè ou pa fè
Devan lemond map fè sèman mwen son’w gason ki pafè
Si’m se licifè manmi san manti m tap chwazi lanfè
Paske se ou ki verite ekzistans mwen sou latè
Pou’m eksplike’w janm fou pou ou jan Je t’aime pa sufi
M pap neglije ba ou lanmou mwen konn ti kèw piti
Map fèw konnen mwen korije mwen pa menm moun nan ankò
Mwen promèt ou map ret fidèl ak ou menm nan lanmò
Mwen vle pran’w mennen’w nan sous kot lanmou pouse
Se pou ou m ye baby ou mèt pranm fè’m fè sa ou vle

[Chorus]

[Verse 3]
Si avanyè mte konn bay tèt mwen pwoblèm pou sa te konn ap pale yo
Jodia m konstate se de ou yo t’afame egri yo
Mpa gen pou’m fè ni tèt cho ni baw do
E m’ap profite di tout trèt yo ou son’w kado
Bondye ban mwen’w pou’m profite’m de lavi’m isi ba
Konfye’w nan mwen pou lanmou’n kapab vin chita
Sou yon baz de konfyans
Konsa nap evite tout vie pale san sans ki san enpòtans
Now map kenbe men’w pou’m fè le tour du monde avèw
Pran plezi mete’w an evidans pou tout sak pat konnen valè’w
Yo met pale tintin sou mwen di se sou kou m ye
Pa okupe pèsòn ou konnen se pou ou m ye

Si renmen’w se on peche, konnen mwen dejan kondane
Mwen avèw se pa on foli, mwen ak ou se pou lavi
Mwen renmen ou, Mwen vle ou
Pou’w toujou nan vi mwen

[Verse 4]
Se ou ‘k fè’m wè lanmou se tolerans
Sa pa anpeche akò nou toulède moutre tout moun sak rele tolerans
Ou se sèl fanm ki konnen’m
Menm lè moral mwen konn vle chifonnen
Ou pranm ak de bra paske provèb la di ja pa ti monnen
Dèfwa bagay yo rèd pase grangou dimanch
Nou kontante’n ak sa’n genyen menm si son’w diri blanch
Dèfwa mpoze tèt mwen kesyon eske mwen merite’w
Bondye ta dwe banm pimisyon si on jou m vle vin devie
Anivèsè m toujou absan, fin d’anne m toujou absan
Travay la di ou konnen pou nou jwenn bonè a nou dwe pasyan
Sakrifis ou fè pou mwen fèm renmen’w plis toujou
Se sak fè mpa gen limit menm nan lari map baw bèl kiss boubou

[Chorus]