Rap Prezidans • Doc Filah

ADDED BY TIZER (MAY 17, 2014 AT 1:53 AM) 22,306 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: A.S.T.R.E (Akrilik Sou Twal Rezon)
Year: 2013
Featuring: BIC

[Intro]
Ou pa bezwen yon kaye 36 paj
Ou pa bezwen gen anpil laj
Pou konprann Istwa d'Ayiti a
Doc Phila ak BIC ap prezante w Rap Prezidans

[Verse 1]
Yo touye Dessalines pou dan ri
Nome Henri Christophe, apre yo ba l dan di
Dal bandi enpoze rezon fleri san poze kesyon
Enpoze Petion koule beton
Monte 2 blòk ki pat ka kanpe nenpòt jan san Pierre devan
Boyer akspete peye, rekonpanse yon metropole pase l te byen ploye n, bwaye n
Boyer la cause de noyer nan Riviere-Herard
Nou pran nan plizyè mera
Accau pat kontan sa, Piquets yo pat kontan sa
Caco yo pat konprann sa
Yo konsyan yo se pitit “guerrier”
Yo nome Phillippe Guerrier
Mort au pouvoir soti "la tête haute"
Pandan peyi a vire tèt anba
Sa vle di avec les Pierrots, Riché—illettrés progressistes
Pou Soulouqe se lwayote ki konte
Se te toujou festin sou Faustin Premier

[Chorus]
Yo di Histoire d'Haiti a tòdye
Men se li tout peyi a etidye
Si w prezidan jodi, w'ap nan istwa demen
Fè sa w kapab pou pa pase kou lafimen
Histoire d'Haiti a mal rakonte
Sou ki historien pou nou konte?
Pase toujou kite tras, avni pa bay gras

[Verse 2]
Geffrard koule
Riché exile
Senat nome Sagesse-—saj nèg
Sede sa place pou Salnave
Twòp blok pran nesans s'on effervesance
Lanmò Montas mete incandescence
Te gen konsekans grav
Saget nan nord, Domingue nan sud
Te gen Canal pou san koule
Lysius Salomon peye l'indépendence avan yon gouvenman Légitime
Antouraj palè toujou chaje ipokrit, yo nome Hyppolite
Te gen la pè se vre
Ki pat anpeche n konnen ke si granpa n pat gen konstriksyon
Pat gen siman sab
Sete menm istwa, menm tablo ak Tirésias Simon Sam
Nord Alexis, Antoine Simon, Cincinnatus Leconte
Tancrède Auguste, Michel Oreste, Oreste Zamor
Davilmar Théodore, Vilbrun Guillaume Sam
6 prezidan nan 3 zan avan okipasyon Yankee Tonton Sam

[Chorus]
Histoire d'Haiti a tòdye - 1915
Men se li tout peyi a etidye
Si w prezidan jodi w'ap nan istwa demen
Fè sa w kapab pou pa pase kou lafimen
Histoire d'Haiti a mal rakonte
Sou ki historien pou n konte?
Pase toujou kite tras, avni pa bay gras

[Verse 3]
Dartiguenave, premye tchoul blan
Louis Borno pote lopital, lekòl medecine
Eugene Roy monte prezidan par intérim
Sou Sténio Vincent Dominiken masakre travayè Ayisyen—anviwon 15,000
Elie Lescot pran koudeta
Estimé demisyone sou presyon lame
Apre Magloire, 3 chef d'état (Nemours) dire (Fignole) selman 5 mwa 40 jou nan menm ane
Papa Doc, Baby Doc—dikta
Père, fils pran fin le 7 février 1986
Manigat pat jwenn gras Namphy
Prosper Avril, non plis, pat jwenn gras nan vi
Ertha Pascal Trouillot se premye fanm ki prezidan
Reziste anba koudeta Lafontant
Fè passation de pouvoir democratique bay Aristide
Koudeta, defakto—Cedras, Nerrette
Aristide tounen, fè ti pas kout bay Preval
À-moi, à-toi, une-deux classique nan stil toke
Boniface bo gason
Preval fè eleksyon nan anbyans ki pat sweet
Michel Martelly alias Micky pase de prezidan konpa a prezidan peyi

[Outro]
Istwa se yon pèpetyèl rekòmansman
Kon di Pè Toma, “N'ap sib”
A swiv
Doc Filah
BIC
Tizon Dife Records