Cindy • Mandela

ADDED BY TIZER (OCT 15, 2014 AT 3:00 PM) 23,761 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2013
Lyrics by: Mandela Jean François

Iye iye iye a (rpt)

[Verse]
Pale, pa bezwen pale
Depi ou gade m, ou deja antire m o
Touche m, pa bezwen touche m
Devan m ou pase, ou deja emante m o
Dèfwa m’fè powezi pou m di w tout sa m santi
Mwen fè demagoji pou ka wè tout sa m anvi
Tout sa m fè pa sifi, lanmou nan kè m pa epanye
Mwen fè madjigridji kay granmoun anyen pa mache
Mwen vini jodi a tanpri souple w’a resevwa m
Tande dèyè fenèt la tou piti w’a va tande vwa m
L’ap di jan mwen renmen w, kijan m’vle kenbe men w
Menm si se pa premye fwa nan zòrèy ou pawòl sa a pale
Konprann mwen yon lòt fwa, fò w wè ankò m’pa ka kenbe non non non

[Hook]
Cindy, pou ki w pa vle aksepte m ti cheri
Cindy, an verite ou manke mwen
Cindy, pou ki w pa vle aksepte m, di mwen non
Cindy, an verite ou manke mwen
Cindy

[Verse]
Santi mwen gen pwoblèm
An verite genlè w pa konprann doulè m
Lè w pase devan m ou ogmante chalè m
Tanpri ti cheri vini pale avè m, vin di m “je t’aime”
Pa kraze kè m non non non
Mwen vle genyen w nan vi a, se favè m’ap mande w la
Mwen vle pou w se Afrika, e pou mwen m’se Mandela
Santi m’damou konsa, an verite m’pa konn poukwa
Tande ti mizik sa a, wi se pou ou m’ap chante l la a

[Hook]

[Verse]
Cindy se fanm ki fè mwen renmen lavi a
Pou fanm mwen anvi fè powezi a
E ou se fanm ki fè mwen gen vibe lari a
Si m se katolik, e ou se Vyèj Mari a
Ou se fanm ki fè mwen okside
Fanm bese leve m ki fè zetwal lavi m briye
Se ou mwen dezire, fò w ka wè m serye
Mèt kè m, an verite si w pat la mwen t’ap envante w
M’anvi kole sere jouk mwen satire
Ti cheri sa se Mandela atis la, nèg nan lanmou k’ bezwen jistis la

Ye le le ye le le ye le le an han

[Hook]