10 Goud Papye • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (NOV 2, 2014 AT 11:06 AM) 19,877 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: Dug.G

[Intro]
Dug.G wi bos
Yo knaggz i got you
Rockfam baby, piwo records

[Choral]
M’ta vle pran yon aleken
Mwen gen selman yon 10 goud papye
Mwen fe yon jounen ap flannen
Selman nan poch mwen 10goud papye
M’ta vle bay sak pa genyen
Mwen pa gen plis ke 10 goud papye
Pou pwoblem m’konnen m genyen
Pa ka rezoud ak 10 goud papye

[Verse 1]
M’oblije leve bonè men fok mwen al brase
Manmanm banm yon ti dejne menm si li pa ase
Kounya nèg pa manje pou gou frèm se pou boure trip
Lari a li fèt pou nou frè mwen e se ladann pou’n trip
Apenn mwen kwaze yon bèl ladie abiye byen santi bon
Adresem yon bèl souri epoutan se sou mwen l’fè fon
Li pran taksi li bliye bous li l’pa ka peye
Epoutan m gen 5 kilomèt pou’m fè a pye
Li konnen aparans plis blòf egal rezistans
Menm le m’fre m’byen kanpe vi a pou mwen se yon penitans
Pa plis pa mwens nan pòch mwen 10 goud papye
Ka’m tris se yon kriz mpa gen bouch pou’m pale

[Choral]

[Verse 2]
Mwen kontinye mache chèche vire tounen map fè piwèt
Depim maten anyen poko tonbe mwen la ma’p fe jiwèt
Dezòm mouye lapli kanmenn fòk gen youn ki pi mal
Dezòd ki anndan vant mwen ou mèt kwèm pita li ka fatal
Sou wout mwen m’kwaze anpil pòv kalvè pat blanch
M ta byen renmen pataje men mkite lakay ap fè laplanch
Se yon rezon ki fè mwen pa ka pran menm yon bann a pye
Pa plis pa mwens nan pòch mwen 10goud papye
Mwen ta byen renmen jwe yon bòlèt omwen m ta fè yon 3èm lo
Poum te ka peye kèk dèt si’l pa soti map pran nan cho
Si’m tante gwo mka pèdi tout mwen gen espwa janmè sou dout
Depi maten m’sou may map fè flay mwen pa ka fè yon chout

[Choral]

[Verse 3]
Poum ka jere stres mwen fè yon ide poum al tcheke yon ansyen fanm
Nan zafè sèks san kapòt gwo lo a la ou mèt ret tann
Mwen pat panse pou mwen ke l’te gen twa mwa gwos
Le m’wè l’ap detaye mwen di talè m’al tcheke yon bòs
Banm rive lakay Phenix poum eksplike l jan m’gen pwoblèm
Li gen yon aritmetik epi nan men’m yon liv powèm
Lèm preske rive nan zon lan mwen wè gen akwochay
Se misye k’achte l’pa ka peye epi’l mande batay
Mta byen renmen edel men mpa gen plis ke 10goud papye
E pandan ke’m ka peye’l se kriz sou kriz tèt sot l’ap kale
Jounen’m mal planifye m’vole mpa jwenn ni poul ni pay
Avan m’antre m’foure menm nan poch 10goud papye flay
Kyèt mesye pouw di se misye’k t’a banm de dwèt sa,ok
Respè pou tout nèg kap brase
Nèg pòdpè, site lesko, nèg kamewoun, nèg delma, kafou ayopò
Nèg channmas, laplèn, petyonvil, nèg kafou, kafou fèy
Tout nèg geto, site solèy,bèlè
Gran ravin, nèg matisan,e tout nèg little Ayiti
Map di nou veye nou pa fè pesonn konfyans se mwen k’pou di’n sa’m pran