Tetanos [Kanaval 2014] • Rockfam

ADDED BY ZOKLO (NOV 2, 2014 AT 1:52 PM) 25,333 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2014

[Intro (Masta Preacha)]
Nou gen 210 ans, Gonaives te fe fyete lakay
Ann rejte swadizan dirijan ki pa la pou travay
Nou se patizan g’on rezon pou nou komanse batay
Nou bezwen plus atizan konsekan pou nou suspann pase tray

[I (Jah B)]
Siklon jann pase, yo te toujou kenbe
2004 pase yo pa dekouraje
Endepandans site toujou revandike
Pou Y’on Haiti pi djanm nou dwe mache nan tet kole
Bridge I
Ye i ye i ye i ye i ye (Lakou souvnans se la nou prale)
Ye i ye i ye i ye i ye (moun Gonaives lame a rive)

[II (Toppy X)]
Trop problem nan peyim ane sa fok g’on chanjman ki fet
Trop kraze brize, fok yo kanpe sek
Yeah, ann avanse , trop make pa sou plas
Nou tout ki konsene, pa g‘on kesyon de klas

[III (Jah B)]
Yon sel pep yon sel nasyon
Pouki diskriminasyon
Fok nou kole tet ansanm sin vle haiti vinn pi djanm
Wi’n kapab, si nou vlen ka chanje
Konsa na reyini ansanm nava chante yon sel refren…

[Bridge II]
Oooooooo ooooo ooooo oooo

[IV (Knaggs)]
Sispann tire sou kod sa li ka jetew pa fos
Pa mande Bondye pouw ta janm panse sou bo sa li ka few di a Dios
Krokodil sou mayow wap ouvri bouch ou pouw di se La coast
Et lew fin bien gade fow gen kouraj pouw di woy se Tetanos

[Koral]
Ane pase yo te pran nan mache prese,
Ni okap ni potoprens nou te fe zen pete
Nou KaleYo yo te menm arive blese
Juskaprezan mwen tande yo toujou enfekte
Tetanossss (ti piti yo pran nan) Tetanosss
Tetanossss (kout matinet te ba yo) Tetanosss
Tetanossss (sendenden yo pran nan) Tetanosss

[V Fatal]
Gad’on traka mesye chak sa Rockfam lage li bay kriz ke (Yok Pou Pe)
Meten en karantenn pou maladi te met (Yo Plizye)
Wa gade lew (Hip Hip) sakaje kew (Bip Bip)
Menm siw ta dim ou tap kanpem patap vle kwew (Saw Genyen)
Lame a vinn pi move m’ pa ta swete (Wew Plenyen)
Chak ane n’ jere chale a Rockfam toujou ale a
Se nou ki gouvene a depin rive sou wou ou deja we se menm vale a

[2e koral]
Malgre tout sa yo konn ap di yo « Alelouya »
Nou toujou kanpe min nan boul figi yo « Alelouya »
Nou fe tout peyi a ap ri yo « Alelouya »
Se nou ki pot remed pou maladi yo « Alelouya » (Bis)
Repriz Koral I

[VI Atros]
1804 nou te fel, li le li tan poun refel
Nan tet kole pou nou fel, pou Ayiti pi djanm fon gen fyel
Ann ale tout moun konte, sou noum konte
Fon panse peyi avant ou poun ka monte
Sin vle tande, pa gen tanpri souple
Sin vle tande Ayiti sou dol santil bouke
Sin vle tande yo pran nan Tetanos
Sin vle tande maladi sa satan jerenos

[Koral 3]
Bare anwo Bare Anba nap pase kanmenm
Nou toujou pre pou tout konba n’ konn san gen nan menn
Bare anwo Bare Anba nap pase kanmenm
Mafia yo konekte yo konn kisan pral lage nan menw

[VII (Jah B)]
Depi 90 yo relen coeurs unis
2002 te gen anpil lot nou pa we yo
2014 nou toujou la nou pa febli
Se pske nou onet nap travay pou yo

[VIII (Toppy X)]
Siw santiw ansante w’anfom ou pa kontamine leve mouchwaw anle pou « Lave le a, Lave le a »
Siw pa gen Tetanos, mafia se nan Rockfam ou trust leve mayow anle pou « Lave le a, Lave le a »
Repriz Koral I

[IX Big Jim]
Oh, ou pran nan Tetanos, ou pa bwe 2 Amox
Nan kanaval sa anplwaye pap ka ranse a boss
Mwen vlew frote bouch ou ate fe kwaw pap fe sa ankor
Sinon ou ka plede rele tankou se moun ki te gen ka lanmor
Nou te we ti lapli pandanw tap fe gro van
Ou pa bezwen vinn palem de 2 BB yo sa yo bwe dlo dan
Le pwa a te vet la ou pat menm ka bay yon ti mamit
Nich gep la deplwaye l gaye nan figiw tankou dinamit

Repriz koral 3

Repriz bridge II

[X Pikan]
Ou pa ta dwe met nan tet ou kanaval se kote pouw vinn fe violans Non
Manchet kouto kout pik andedan bann nan monche sa pa Bon
Nou pase ak tout vites kite yo deye nan ke cheval la
Lame a telman rapid nou fel kow kow a la pedal la
Oo ok Yon ti kesyon « Wi dokte »
Eske ti komandan an en vant anfle « Wi dokte »
Oo ok Yon ti kesyon « Wi dokte »
Eske djol beat maker a pa an santé “Wi dokte”

Animation I
Men anbulans lan, Mennen yo nan sal d’urgence lan (4 fois)
Avanse avanse banm pase banm Pase (2 fois)
Pikan
Oo ok Yon ti kesyon « Wi dokte »
Eske ti komandan an en vant anfle « Wi dokte »
Oo ok Yon ti kesyon « Wi dokte »
Avanse avanse banm pase banm Pase (4 fois)