Trip Noel • Kazino Beats

ADDED BY GEN11 (DEC 15, 2014 AT 11:26 PM) 19,480 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Baky,Roody Roodboy,T.P.O,Matyas,B.E.T,Kon-C

Kazino Beats nigga

[Hook]
Oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh – joyeux noel

[1]
Nwèl pam nan pa gen koulè
Menm si mpa ta gen lajan jodia pa gen doulè
Mwen ka al kay vwazen poum ka manje yon bon poulè
Oswa antre nan baz mwen poum ka jwenn yon bèl koulè
Monte PV poum ka tcheke detwa zanmi
Apre desann lavil poum ka tcheke detwa fanmi’m
Se konsa mwen ta renmen pou tout moun fèl
Jounen jodia mwen di nou joyeux noel

[2]
Mwa desanm I’m feel good, menm kan mpa gen on goud
Mwen just tcheke valiz madanm mwen poum pran on mil goud
Rele George nan telephone mande’l kote’l ye la
Pou n’al bwè kleren blan, poun pa pran nan kolera
Andan kay la gen on pool party
Andan menm kay sa gen on poul peyi kap fri
“Helo vwazen si’w ta wè m dwe’w an Desanm vin touche an Janvie”
Non papa

[Hook]

[3]
24 25 Desanm map plede trip plede fèl
Desann nan gerit achte swag mete’m bèl
M’ap bwè kleren m evite pete fyèl
Tchekon’w ti boubout ki ka fèm pete rèl
Di tonton nwèl pou mwen ke mwen bezwen w machin
Di’l m gen ti kay men mwen pa gen pakin
Di’l ke iphone mwen an tonbe nanw latrin
Mande’l si’l koupe bab li eske’l ka fè

[4]
Yo nwèl pam gen plezi se bò kote’m poun ta rete
Kit peta ou dinamit just pote’l banm poum ka pete
E si’w razè mgen manman map just souri pou l’ ka prete’m
Depi sezon nwèl rive fòm ta mouri poum pa fete
Si se pa nan baz yo sa di kote poum ta ye
Dayè m pa neg ki konplexe m just bezwen on kote pou’m gaye
Dim ki nwè ki paw, nwèl anwo oubien se nwèl ki ba
Kazino n pa care non se pou sa n lage on nwèl hip hop

[Hook]

[5]
M mèt fè ane a changren depi nwèl rive kem kontan
Paske mwen pral nan peyi’m poum al wè moun m pa wè lontan
Bwè gòg avèk zanmi kiyes ka kòkòy avan
Nou fè dine an famiy pou nou ka pase bon moman
Abdenwèl chaje kado, chak grenn moun jwen pa yo
Mwen mete jenou’m atè poum di God mèsi pou gras yo
Siw tap kriye siye jè’w paske mwen pote bon nouvèl
TPO avèk dream team ap di tout moun joyeux noel

[6]
Kote neg anwo’m yo, e neg anba’m yo
Ann fonw sèl pou nou trip pa gen class tout moun fete nwèl
Ti machann ap vann jwèt
Mwen m pap pase’l san fanm paske toujou genw van frèt
Sa kap bwè gòg bwè gòg tout moun swete bèl
Plezi gaye nan chak kwen gen abdenwèl gen sapen
M pa konn nannwit ni maten
M wè timoun yo telman kontan, l poko pase m chagren
A minwi m bay patnè’m lamen mdi joyeux noel vwazen

[Pre-Chorus]
Sa se jou pam ki rive lajan ou pa fòm fete nwèl
Ton Nwèl se mwen se ou se nou
Fòn fete

[Hook]

[Outro]
Tonton Nwèl a letranje tout moun fete nwèl
An Ayiti tout moun ak chachè nwa a minwi pral achte chabon, twa dola bwapen