Nou Pap Janm Bliye W • King Posse

ADDED BY MASAKADIE (NOV 27, 2015 AT 12:32 PM) 22,277 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Friends

[Black Alex]
Yo pran mennaj Black la,
Yo tire sou Black la wayayayayo wayayo
Himaye himaho himaflow
Isomila kongo im

Pèsòn pat panse se konsa ou ta prale
Avèk dlo nan zye n ou kite n ap kriye
Pou tout Ayisyen son w lejand wap rete
Ou menm Black Alex nou pap janm ka bliye w

[Samy.B]
Tankou yon nwit blanch san somèy
Tankou yon matin san solèy
W ale ou kite nou an dèy
Ou kite nou
Tankou yon wa ki tonbe
Tankou yon zetwal ki file
Nan King Posse nanm ou ap toujou rete
Fanatic Posse yo pap janm bliye w

[Chorus]
Yon zetwal file, yon lejand ale
Lespri a monte men zèv li rete
Black Alex nou pap janm bliye w

[Misty Jean]
Ou fè tout on jenerasyon danse
Kounya w ale ou fè tout jèn yo ap panse
Fò n di w byen non ou ap ret nan kè nou kou nan panse n

[Oky James]
Black Alex m pa ka kwè w ale vre
Lè nouvèl sa fin tonbe se Ayiti ki tonbe
Black Alex nou pap janm bliye w

[Fantom]
Se pat janm swè m frè m pou m te ba w respè w sou ou track pou w pat ladann
Pami les grands menm kote w ye a m garanti w non w ap ladann
M pap rele w love cause kèm ka chanje aprè kèk jou l ka bliye w
Nan katèl wa yo m ba w tout dwa yo, si w te dieu m ta priye w
Eklate

[ToppyX]
Black Alex gad on tristès ou lage nan fon kè m
Nou te konn trip ansanm, mwen te konn rele w gran frè
Men kounya w pa la, tristès ou lage nan kay la
Wap toujou imòtèl paske w son lejand nap priye n lage w nan men Allah

[Haitian-Buju]
Black Alex se ou kap banm kouraj
Kouraj pou m pa kriye devan tonb ou
Si gen nan nou la k a dlo nan zye m ap mande nou pou n kenbe fèm
Menm lè w kite nou dèyè nan syèl la wap

[Tipay]
Zanmi atis mwen yo pa mouri san Jesus
Si n mouri san Jesus ni nanm nou ni espri n ap pèdi pou lavi
E l pral dwat nan lanfè

[Easy-M]
An nou loure etènèl, out e gen yon vwa etènèl
Ak yon feeling lavi te bèl nou beni nanm li letènèl

[Bob-Cailloux]
M pap janm kapab bliye w yea yea
Nan kè n wap ret fidèl jiska letènite

[Chorus]
Yon zetwal file, yon lejand ale
Lespri a monte men zèv li rete
Black Alex nou pap janm bliye w

[Manno-Beats]
Black Alex te make anfans mwen m te anvi bal yon plak donè
Lavi pat gentan banm chans mwen, m bal on beat pou l al an pè

[Boby-One]
Malgre m konnen nou pa vin pou n rete
Dlo pa ka sispann koule nan zye m lè frè nou tonbe

[Top-Addlerman]
Mwen di Black Alex pèp Ayisyen ap toujou regrèt ou
Paske tout sa w bay se sa k fè respè ou
Sot nan King Posse tonbe sou tout lòt sa w met vwa ou
Watcha kraze m kraze m Top Addlerman pap janm bliye w

[Chill]
Tande vwa timoun yo kap rele
Black Alex ou met lapèn nan kè yo

[Junior-Bonheur]
Se tankou yon pye bwa ki krabinen
Fèy yo blayi sou gran chimen

[Atros]
Ou son w lejand ou gendwa ale m pa kwè wap mouri
Tout sa w te vann tou se te mizik pou w fè moun souri
Menm sa k tap soufri, tande w soufrans yo kouri
M pa gen bouch pou m di, wale tout pèp lan toudi

[Izolan]
Sa fè mwen mal dèyè do m, nan mizik sa ou tap next
Sa fwa nap fè yon kolabo, tout moun ap ret tan Black Alex
Se tout peyi a ki frape, m pa bezwen diw pou nou atis
Kote nap fè yon track malè pou nap di ou rest in peace

[Akhino]
L ale men souf li pap efase
Sa w te fè ap ret pou letènite

[Jonny.P]
Blacky wale, Blacky wale
Ou fè dlo sot nan zye m
Èv ou yo nou pap janm bliye

[Chorus]
Yon zetwal file, yon lejand ale
Lespri a monte men zèv li rete
Black Alex nou pap janm bliye w

[Roodyman]
Sa Black fè twò chè pou kòb
Sove nanm ni tanpri God
Huh Black wale tankou Bob
Di m non kòman w wè Don Chòv
Vwa tout atis fè youn souw track
Pou n di w rest in peace Black
On gason vayan devan pwoblèm yo ki pat janm fè back

[Mister-Schaf]
Kounya wale tout moun nan lapèn
Chagrin tristès mare tankou chèn
Zanmi fanmi ap di lanmò sa devenn
Nou pap janm bliye ou
Nan memwa m wap ret grave

[Shabba]
Nou wè Black la ale li kite n ap kriye
Li kite n nan soufrans, men se kò li ki ale
Pou w sa w fè nan mizik
Ou satisfè fanatic, zèv ou yo pap janm ka efase

[Rutshelle]
Ou te on moun ki te gen gran kè
Ou te renmen, ou te renmen viv an frè
Tout sa w te vle, se viv
Pou pitit ou, pou fanmi ou , pou peyi ou

[Chorus]
Yon zetwal file, yon lejand ale
Lespri a monte men zèv li rete
Black Alex nou pap janm bliye w

[Ti-Joe Zenny]
Ti-Joe Zenny pou Black Alex
Ke bondye beni wout ou
Ke li gide pa ou toulèjou
E ke zanj nan syèl yo danse avè w pou toujou
Di zanj yo fè wout pou nou
Di yo tanpri voye zye sou nou
E lè jou va rive, na ansanm pou toujou

[Chorus]
Yon zetwal file, yon lejand ale
Lespri a monte men zèv li rete
Black Alex nou pap janm bliye w