Apresye Sa • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (MAR 30, 2021 AT 10:56 PM) 662 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2007

Nou pati) Nèg pa ta renmen wè pozisyon w chanje, (E pa manti non fre m) Fò w ta nan problèm (Ou konn sa. Ou konn sa.) pou y ap voye w toutan (Ou konn koman baay yo ye, man). Si yon jou, ou refuze y ape peuzew (Y ap fè w
Aprann apresye ! BC !

[Fantom]

Fantom_BC
Rap saw wè la pa pou vann, nou fèk pran bann e n pap voye
Trak sa fè sa w vle pou prann, nou mèt bwè kann nou pap tonbe
Vle touye kèk grenn nan nou, deja n gen rasin k ap pouse
Vle brouye pèp kwè nan nou, djegamenn machin sa pouse
Kou Siksto te di sa : « Plis se bandi k fè baryè ladwann »
Kwè m si w vle zanmi ogranjamè sa pap rive nou, sann
Apresye pozitivite, pa rejte negativite,
Lèw fin analize tou de wap di se vre yo konbine
Frè m, granmèt la k t ap fè byen pou lajan Jida trayi l
Vide yon ti siwo atè w ap wè fomi k anvayi l
E nou menm Team Barikad, kisaw panse mechan ta vle n ye?
Okontrè, si se pou yo, yo ta vle sèvo k bon varye
M ap parye menm sak nan sen yo mal yo pale
Pandan nan kwen kay yo fatra fè pil, yo pa janm bale
Tankou ti Etzè te di, entèlektyèl pa dwe limite
Grangou tiye vè w ka di entèl rebèl pa vle limite.

Refren
K-tafal : Tout sa k ap mache pale n mal
Mannigèt manman !
K-tafal: Pa janm fè anyen ke yon dal
Se mannigèt manman !
K-tafal: Tout ti pale, yo voye vin pyeje nan blòk nou, nou pa pè, nou tèt frèt, se Barikad Crew !
Se mannigèt manman!
K-tafal: Kòman w vle touche san travay!?
Mannigèt manman!
K-tafal: Nan nich ou yo pral gaye pay!
Mannigèt manman!
BC fèw egri, pussy, fake Mc, nou busy, tout sa se:
Mannigèt manman!

[Antresòti] Dejavu & Dade
Pafwa n konn rete, n bloke n on tèks
San fwa n fè n pèmèt nou g on fason pou n prouv on bon tèks
Chak jou selebre Ipap nan lakou n
Anba lapi katouch, rap nou toupatou, patou
(Ak Fred) Nou met disiplin nan mitan n wa di se Castro
Tank on sòlda k pral nan lagè k sansib pou kas yo
Andepi de tout sa yo siksè n bay pwoblèm (Pouki !?)
Sitou lè w n on stad kòm nèg projects k’ap fè pwogrè
Nèg pa ta vle wè w gen papye, poutan fò w toujou anba pye
Chach on pozisyon pou w sòti, pou w pa ret grate santi
Ak banm afè m nou fè de jenerasyon rankontre
Non, non Dade ! G on seri de moun pou yo fò n ta efondre
Pou nenpot bil rim
Pwa kò n, sèvo m rete fikse
E lpap varye menm lè yo ta ban n lajan ak kokayin
Nan dlo sakre sa fouye men w, pa di apre y ap fouke w man
Depi nou la nap jayi panse, defann sa si w se man.

Refren
K-tafal : Tout sa kap mache pale n mal
Mannigèt manman!
K-tafal: Pa janm fè anyen ke yon dal
Se mannigèt manman!
K-tafal: Tout ti pale, yo voye vin pyeje nan blòk nou, nou pa pè, nou tèt frèt, se Barikad Crew !
Se mannigèt manman!
K-tafal: Kòman w vle touche san travay!?
Mannigèt manman!
K-tafal: Nan nich ou yo pral gaye pay!
Mannigèt manman!
BC fè w egri, pussy, fake Mc, nou busy, tout sa se:
Mannigèt manman!

[Izolan]
M konprann gen de moun ki pa vle apresye efò m
Men kanmèm ak BC Izolan platnòm
Ki moun ou panse k rayi nou
Se pwòp nèg nou konn abitye tiye vè nan vant yo lè yo grangou
Avan yè m bò lamedsin, m voye je m nan koulwa a
M wè yon bennzawa, k ap rakonte yon fo istwa
Sa pa ni etone mwen…
M konn abitye fè moun sa yo lave figi yo ak swè mwen
M pa wè rezon pou w rayi m pandan w wè m ap mennen
Eske w konn kanpe avè m lè w te wè m t ap trennen
Si jodia m fè siksè nan zòrèy tout moun
‘E paske m kenbe tanperaman m tankou manman m Foufoune
Sa k ap tande m ki panike n pa bezwen fristre
Djòs rete cool, lache lespri n, kite tèt bouje
Sèlman pa ban m respè konminezon
Devan byen dèyè mal, apre sa pou pa ban’m pwazon.

Refren

Ha-ha ! Ha ! Ha ! Ha ! Ye ! Ye ! Pale mal… Aaa ! Lapriyè jouda. Kritike, denigre men A a difisil nigga.
BC for Life! 20 trak nan fif ou. Baay yo pa fasil. Pa gen kraze ling defans la menm! Syèl la pa piyay! (Bèèè!)