Ki Avni • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (APR 21, 2021 AT 9:14 PM) 614 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Featuring: Scraggy
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Dejavoo, Dade, Fantom, Katafal, Scraggy, Young Cliff

[Intro]
-Patron, m mèt siye l?
En-en! En-en ! Rale kò w, rale kò w m fèk sot lave l rale kò w.
Enben… Enben bòs mwen, jere m non. Ban m … Ban m on adoken non.
Monchè, m pa gen kòb. Wete kò w!
Fi a: Cheri, se pa Gogo ?
Wè ! Sanble se li wi. Ansyen kondisip mwen wi.
Fi a: Gadon ka.
O! Ras…
Gogo… sak mete w laa?
Enben, ou konn peyi a, ou tèt fè klas ou. Ou ka laa.

[Dejavu]
14 zan lekòl, ta vle di w pròch, metye pwofesyonèl, fakilte, w plen kapasite
Gradye nan fendane pwomosyon, mete tòj. Byen ke w kiltive se vre, konpetans pa prime
Fò w avozòd. Yon entelèk fò w afiche w, c’est la grande mode fò w abiye w
Ou… pou w rafine w. Tout sa se koz yon sistèm ke yo enplante nan may
Anplis frè m pou yo … pe n pran mic
Pou n use tèm, ki trè lojik e k nòmal
Ki avni? Pou jenès nan yon peyi kisa n met kòm structures
Timoun yo swadizan di jenerasyon future

[Dade]
Sant libète a li la anba nen w
Domaj anpil nan nou nen nou bouche menm lè moral ou wo, wo
Sistèm nan li ka kouche w
Alfabetizasyon pa dwe gen plas anvan edikasyon
E ou konnen tout jèn yo nan yon mond rezinyasyon,
Nan yon wonn kotizasyon
Si w vle, li vle, mwen vle ebyen nou ka prouve l
Lè se yon eleman k leje, konnen byen l ka souke l
Enpotans nou se sa k ka soude l
Feblès nou se sa k ka souse l
Nou chita n on pyès, anreta d on syèk
Yo di nou pa anyen men yo tande lè n tonbe kon pyès
Ki dwe nan machin nan
Sa pa enposib frè m pou n mache san ‘’dlo’’ rasis lan
Menm pi gwo afich lan

[Bricks]
Denojou timoun nan laria tankou se sachè dlo
Pa gen yon enstans konsène k pou ta fè valè yo
An Ayiti sak ta dwe 1 tout se 2
San n pa bliye ke n g on demen pou n leve
Pou manman li voye l lekol (Se nan traka.)
Li goumen di pou li fè gol (Gwo baka.)
Li bat dlo pou l fè bè, e l pa fè l pou l fè wè
Sèl anba lang, pran wout la apye, mkwè l pap fè l pè
1 an plus tard, w ap jwenn li bò laria :
Pale tenten, bwè kleren, di fuck lavi a
E m ap mande èske dèfwa fò lavi a –Pata vire je gade l
Pou li ta bati pwòp avni pa l

Refren
Nou konn sa n vo, n konn sa n ka bay
Se sak ban n plis fòs pou n travay
Ou ta dwe sispann pran nou kòm kobay
Kwè nan nou, ba nou chans pou n met tren n sou ray
Jenès leve bon
Di m pa fè pyès eksè foli
Ayiti peyi pens lavi mens Demagwoji
Si nan edikasyon pèsonn moun pa envesti
N ap mande ki avni pou sila yo ki pi piti ?

[Fantom]
Kisa, Titi reve pou li grandi
Lavi, ak avni li pou yo jwenn gran pri
Bati l, aksyon li san l pa di tanpri
Trayi l, konnen ou touye yon fanmi

[K-tafal]
Non li pa bèl vre lèw wè yon gwo jenn bway andedan on kay
K ap (…) tout lajounen, toutan manman pa bay
Men li lè tou menm andedan legliz pou w antre fò w pot non
Yon dan bonbon, yon pongongon depi 500 zan k la pou bon

[Fantom]
Nou konnen bagay yo pat bon depi lontan
Nou ta dwe goumen kont tout sa k fè kè peyi n pa kontan

[K-tafal]
Paske mak sistèm nan ret kole sou nou pi mal kon gonm
E ak fòs, n ap neglije fè yo chak toun on bonm

[Young Cliff]
Jèn alèkile, pa respekte prensip koz paran demisyone
Sa m ap viv nan yon fucking country,
Sa m ap viv se tankou m te nan domi
Move zak, elèv k ap kite lekòl, pwodwi zak mal tonbe nan zak dwòl
Egzanp dròg, dil, koz lespri w san kontwòl
E sa k pran plezi nan fè woul, lwe bis, bisiklèt, se inyon school
Ki avni? Kot espwa piti? Nèg ap fini tout klas se tankoul te pini
Pa jwenn yon santral bras pou chèche lavi
Mwen Young Cliff chwazi rap kòm devwa m
Ak BC, Majik fè yon piblik ka pran ka m (Yeah!)

Refren (2x)
Nou konn sa n vo, n konn sa nka bay
Se sak ban n plis fòs pou n travay
Ou ta dwe sispann pran nou kòm kobay
Kwè nan nou, ba nou chans pou n met tren n sou ray
Jenès leve bon
Di m pa fè pyès eksè foli
Ayiti peyi pens lavi mens demagoji
Si nan edikasyon pèsonn moun pa envesti
N ap mande ki avni pou sila yo ki pi piti ?

Nou konn sa n vo…