Sakrifis • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 7, 2021 AT 9:02 AM) 481 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Dade, Brital, Young Cliff

SAKRIFIS

Refren (2x)
Di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l
E noumenm nou fè l. Ou avèg? (An!)
Pou tann dat n ap bay swè nou
Menm lè n ta vle vag, nou te bay swè nou

[Brital]
Pou talan m ki fè m jwenn moun felisite m
Lajan m, san m, tan m se tout sa li koute m
Ladan pou yo tande m lè m ap chante reyalite m
Mizik sa s on fason pou m di m pap bouke sakrifye m
Pou rap, (Yeah!) M pap pè afronte danje, konfronte danje
Chante tout sak verite,
Pou rap, (Yeah!) kòb lekol la pase, m revann tout sa m achte
Pou m fè mesaj mwen pase
M ap goumen pou sa m kwè a (Hip Hop! Hip HoP!), pou pwezi m
M pap pè viktim, m riske pèdi vi m
Louwanj pou granmèt la k anlè a ki banm konesans
Kwayans, entèlijans, sèl li k gen pouvwa sou lespri m
Se sa k fè m m pap pèdi kouraj, malgre gen difikilte yo
Ki dire gen boykotaj, n ap toujou tande m kap flo
Pou rap kreyol pron lot paj m prè pou m foure pye m nan dlo
Kopyaj, komès kopi paka fè m pa tizè mikro

Refren
Chak jou n dèyè on mikro n ap pouch, pouch
Nou itilize sèvo ke bouch, bouch
Pote pou fanatik nou yo e pou tout kouch
Verite n ap pot pou yo, menm lè n tonbe anba katouch
(2x)
Di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l
E noumenm nou fè l. Ou avèg? (An!)
Pou tann dat nap bay swè nou
Menm lè n ta vle vag nou te bay swè nou

[Dade]

Premye projè n se te projè project
Finansman an se te nou menm, patnè n, blòk la avè n
Bay Ipap bourad. Sou bouch nou, met premye gou a
Apre vokal nou lave men avan manje
N pa bliye jou a. Kijan l te ye pati Nonm Band! Still do my thing
Tizè tatouwe non l sou po pi mal ke Wutang Clan
Kay chak nèg ou komanse jwenn tanperaman atis
Kontra siyen, toupatou w wè 2, 3, 4 mil ak plis
Se laa, pandan n sou sèn naj yo ap bann vye lòd
Menm ti zanmi apre program gen kè yo bann fo kòb (Epi n n pa bon non man!)
Sakrifis la ap kontinye menm lè nou ap antre nan laj
Ayisyen m ye, sa m fè deja rete yon eritaj (Ou tande?)
Nan geto a m leve, chak jou m wè la se gang
Si m pat bandi frè m, dròg la m te ka revann (Be real!)
Se pa fòt mwen non, depi tou piti (Thank U!) bondye lage m ladann
Sakrifis sila pa pou vann

Refren
Chak jou n dèyè on mikro n ap pouch, pouch
Nou itilize sèvo ke bouch, bouch
Pote pou fanatik nou yo e pou tout kouch
Verite n ap pot pou yo, menm le n tonbe anba katouch
(2x)
Di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l
E noumenm nou fè l. Ou avèg? (An!)
Pou tann dat n ap bay swè nou
Menm lè n ta bay vag, nou te bay swè nou

[Young Cliff]
Pou mwen pi gwo sakrifis se lè m ap bat nay
Nan ekri rhyme, flo ak liriks
Se sak fè tout moun konn Young Cliff
Kòm yon alchimis nan rap biznis
M pap di plis ke sa, sitou lè m ap spit peta
W ap deja wè kò mwen se tankou yon gwo biswit leta
Si pita pi tris a laj mwen, fò m fè plis
Jis pou m evite plis dega
Ak dekwa m te ka fè plis ke sa
Domaj lavi s on konba, pa lite w m pap f on pa
Efo m fè nan BC, nan TV
Si w gade w ap wè se mwen k pi piti
Sa pa vle di se mwen kpi easy
Si w wè n antre nan mizik, nou fè sakrifis
Nou pap janm ka fin di w tray nou pase antanke artiste (Sa du man !)
Se yon gwo biznis chaje mès chaje vis (An-Han!)
Nou dwe travay pi plis pou rap kreyol tire benefis

[Dade]
Ou wè group sa? Li fèt an Bricks
Nan mitan l yon Brital Izolan
Toutalantou l: yon K-tafal, Young Fantom
Mak li se Master, kontanple paske l se Dade la.