Gen Lafwa • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 14, 2021 AT 7:53 AM) 836 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Jiskobou
Year: 2008
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Da Marco, Bricks, Fantom, Master Sun, Izolan, Brital, Young Clif

M kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase

[Refren: Da Marco]
Menm lè w wè wout la vin pi fè nwa
Men fò w pa pèdi lafwa
Ou dwe toujou priye li pa gen chèn li pa kase
Si w vle ranpòte viktwa
Chak jou Bay Bondye glwa
Ou dwe toujou priye paske li pa gen chèn li pa kase

[Verse1:Bricks]
Si w vle rive ou pa ka fè l san li
Se priye epi kwè nan li
Nèg sa li rele le Seigneur
Pa gen anyen l pa fè depi l vle fè
Ou menm ou gen pou w kwè nan tèt ou
Goumen jiskobou pou w reyalize rèv ou
Ret konfyan nan God la boss
Gen lafwa l ap ba w lafòs

[Verse2: Fantom]
Bondye konn separe l konn bay ou pa dwe ofanse Bonte l
[...]
Gen anvi tounen lekòl pou sèvo m pa gen plas vid
Koz konensan se sa sèlman ki sèvi mwen kò m gid
Mwen priye l chak jou an gras pou l fè lavi mwen pi long
Pou m wè Shleubeups k ap reyisi san l pa fè anyen ki wrong
Pa gen paradi ni lanfè sa w fè w ap peye l sou latè
Ebyen frè mwen met jenou tè nan wout fènwè l ap fè w wè klè

[Refren]

[Verse3: Master Sun]
Lafwa se kwè nan sa w pa wè a
Vi n dwe gen règ menm jan avèk Gramè a
Si w reyisi yo pap di se nan move zafè a
M ap fyè lè yo va tande vwa pèp la
Lapriyè di pou w gen viktwa men fò w kapan reyaji
C'est-à-dire fòk ou travay pou Haiti rebati
Se on sèl moun ki ka geri kansè ki nan konsyans nou
Li pa lòt ke être suprême nan ki te bay lavi l pou nou.

[Verse4: Izolan]
G anpil moun ki ap mande m kisa mwen fè lè m angaje
M ap fèn konnen l'Eternel est mon berger
M pa janm tonbe plenyen lè m wè pwojè m pa reyisi a
M annik mete jenou atè epi mwen rele Messie a
Hip Hop kreyòl la m ap pote l tankou on kwa
Menm lè lamò frape n landan mwen still gen lafwa
Ayisyen nan lapriyè n dwe fè plis efò
Si se pa sa peyi a ap detwi si w konn sodòm e gomò

[Refren]

[Verse5 Young Cliff]
Mwen remèt ou kò mwen nanm mwen fè m vinn kalite moun ou vle a
L ap anpeche mwen padone mwen Papa se ou k verite a
Nan ou m konnen m dwe gen lafwa
Sou w pat la m t ap pèdi espwa
Kwak lavi gen difikilte menm lè wout yo vin pi fè nwa
Sou tè a kou nan syèl la mwen rekonèt se ou ki wa
Mkwè w la w ap tande vwa m
Granmèt la ou k gen tout pouvwa
Mèsi pou tout kout men w banmwen lè m santi m angaje
Jèn yo pa neglije priye li pa gen chèn li pa kase

[Verse6 : Brital]
Lord ou se premye moun ki merite mèsi Pa konpasyon w n benefisye lavi
Pa kite anyen detounen w sof nan sa w kwè a se mete men

Gen de moun ki kont mwen gen de moun ki Hate
Menm pa poukont mwen yo deja wè m pap fake
Pa bezwen wont man lè w wè m ap spit
Pa vin fè kont mizik ap mete w sou wep
S on sèl moun ki konnen ki jou ki lè n ape Rive
Priye veye pa pè met jenou w atè si w kwè se Letènèl k ap dirije
Konsa w gen pou w wè lavi w chanje