Nou Pap Lage • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (JUN 7, 2021 AT 9:48 AM) 659 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Featuring: Walkens
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Walkens, Brital, Condagana, Izolan, Papa Katafal

Bay kou bliye pote mak sonje
Malè avèti pa tiye kokobe
Yo pa janm wè kot lavi nèg geto pase
Fè yo pran bato al mouri aletranje

[Brital]
Tout moun ki vle demen, prepare jodi
Nou pa konnen desten men fòk nou lite pou li
Si w vle demen ou dwe prepare jodi
Ou pa konnen desten w men fò k ou lite pou li
Pa dwe gen dout sou mwen, Pa gen degout pou mwen
M pa konnen kote lavi a bout pou mwen, kout pou mwen
Paske pa gen souf pou mwen, bouf pou mwen
Edikasyon touf pou mwen
Pa gen moun, (Non!) ki pou trase wout pou mwen
Pandan nou konnen yo konnen nou konnen
Lè yo blo nou. N ap goumen pou yo bouke ba nou kout ponya nan do nou
Yo koz, nou oze riske vi nou sou dlo
Sa koz moun imilye nou pou koulè po
Y atake nou lè yo vle paske n pa g on moun kap defann
Depòte nou lè yo vle san konnen kisa n tap defann
Batay sa n pap lage l se sa pou n jwenn nan n ap ret tann

Refren (2x)
Nou pap lage (Nou pap lage)
Se pou n kenbe (Se pou n kenbe)
Chanjman n ap mande
Vle ou pa vle n ap toujou goumen pou libète

[Izolan]
Yon batay fèk kòmanse kòman w ta vle wè poun lache
Ayiti peyi Toma gade kijan li sou bounda
E pa sèl anndan geto a ki gen nèg ki wrong
Veye nèg ki ilegal anba vès yo k toujou gen gun
Nou pa sispèk nou goumen twòp
Agrikilti, ekonomi n fucked up
Kounyea lòt nasyon vle jije n malpròp
Eske n ap rete gade soukonn lè timoun dèyè lakay mare stòp?
Pase men w nan kou frè w la di l mwen avè w nou se menm blood
Pour le drapeau pour la patrie nan mitan nou an n mete lòd
Se nou tout ki konsène, met men ansanm pou gen chanjman
Kenbe fèm pa lache, pa vann peyi sa pou lajan
Pa okipe moun k ap vin di n sa se lachte
Raple n istwa Noye k sak fè l ak bèt yo pat neye
Pòv, rich, nwa, rouj, nou se menm san (BC!)
Met koulè wouj

[Kondagana]
Yo tèlman fè lagè yo bliye si yo se frè
Annou fè lapè pou Ayiti wè klè
Nèg sa yo vle pran plas Lisifè
Yo fè e defè, yo fè tout ayisyen wè nwè

Refren (2x)

[K-tafal]
Di mwen kan: Na va kanpe nan yon sèl kan, fon sèl klan?
Kan: nava sispann fè zèl pou lòt lèl?
Rete, kan: goumen pa sèl ak zam pou blan poutan? (Kan?)
Menm se sòt ki bay enbesil ki pa pran.
Wè w wè peyia ap degrade pa panse ke w pa responsab
Ou gen madanm pitit nan kay se ou k pi wo wo-grade
Bo lè pou w bo, pini lèw dwe, bay lè pouw bay
Kwè m sa se vre. Koz lavi a konn pot move repons pal
Kijan de moun pou w vle pitit ou vin ye, si w ap bat manman l nan figi l?
Ki mòd fonksyonè w swete, si w di l volè ak plim s on bon deal?
Ki sitwayen si pil fatra w pa rasanble lè l gran poul konn poul ranmasel
(Yeah!) Depi gen sousi ou pap janm bouke jwenn pouki
Fò w mande pouki, se dwa pa w tou ki jenn
Menm lè yo di nou gang gang, nou deng deng, n ap bang bang
Se nou ki lajenès donk fòk nou genyen brain man!
Refren (2x)