Kite'l Anlè [Kanaval 2019] • Gabel

ADDED BY DIDIER (FEB 3, 2019 AT 2:01 PM) 5,897 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019
Featuring: Fat Junior

Ane sa nou refè l
Gabel
Ane sa nou refè l ankò
2019
Ane sa nou pi bèl
Ane sa nou pral fè rekò sou yo

Nou pat ka ret tann (2x) – jou a rive
Nou pat ka ret tann (2x) – kanaval la rive
Nou pat ka ret tann (2x) – Gabel kap pase
Nou pat ka ret tann

Aprè Noel se kanaval
Ann chita pale pou ayiti

Nou pat ka ret tann (2x) – jou a rive
Nou pat ka ret tann (2x) – kanaval la rive
Nou pat ka ret tann (2x) – Gabel kap pase
Nou pat ka ret tann
Pou n al danse

Men chaloska ti mounyo an ale

Yo di m Kanaval la rive, an ale
Yo di Gabel la pral pase – ann ale wo

Ane pase nou te fè gwo van vante
Ane sa Gonayiv nou pral file kap monte
Timoun granmoun yo mobilize
Yo di se Gonayiv yo pral fofile monte

Wa a he (3x)
Ayayayay

Mwen sonje peyi m oh
Gen bagay nou pa wè lontan wo

Nou pa monte drapo
Timoun pa fè lago
Nou pa fè serenad
Nou pa pete klorat
Nou pèdi teleco
Nou pèdi atlesko
Nou pèdi chaloska
Nou pa wè madigra

Nou pèdi tout
Nou pèdi tout sa k te bon yo

Mwen sonje peyi m oh
Gen bagay nou pa wè lontan wo

Nou pa plante kafe
N pa plante kakawo
N ap enpòte diri
Nou pa plante mayi
Pa gen lanp tèt gridap
Timoun pa monte kap
Nou pa met wayabèl
Nou pa al sitadèl

Nou pèdi tout
Nou pèdi tout sa k te bon yo

Rele anmwey

Fat Junior – anmwey
Mesaj a la nation – anmwey
Drapo n prèske rive atè – anmwey
Nou santi n bouke

Desalin te mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Henri Christophe te mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Toussaint Louverture te mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Kite l anlè

Edikasyon - tap anlè
Si n konstwi lekòl pou timoun yo se nou - tap anlè
Ayayay sekirite - tap anlè
Peye lapolis ba yo mwayen se nou - tap anlè

Tabou Combo mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Peri a mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Donald Guerier mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Kite l anlè

Pwodiksyon nasyonal - tap anlè
Konbat kontreband travay latè se nou - tap anlè
Ayayay la kilti - tap anlè
Si n ankadre jenès la se tout peyi a - tap anlè

M ap chache palè nasyonal m pa wè l – atè plat
La jistis nan peyi a m pa wè l – atè plat
M ap chache yon bon konpatriyòt m pa wè l – atè plat
M desann anba lavil m pa wè katedral – atè plat

Se jan w wè l la – layite w la la layite w

Ane sa n jwenn plis van pou n vole – vole pi wo
Yo di Gabel s on kap lè l jwenn van – l vole pi wo

Wo nou vole pi wo
Wo wo wo n vole pi wo

Rele anmwey
Rele anmwey – pèp Ayisyen lè n santi n bouke
Rele anmwey – leve drapo n pa kite l atè
Rele anmwey

Nan tan lontan peyi a te konn cho
Li te konn cho paske s on peyi twopikal
Nan ton lontan peyi a te konn cho cho cho
Li te konn cho paske s on peyi a kanaval

Kounya lè peyi cho se manifestasyon
Kounya lè peyi m cho se katouch kap tire
Avan anyen w tande peyi a cho

Leta pran responsabilite w – pou n sispann tande pow
Lajistis pran responsabilite w – pou n sispann tande pow
Opozisyon pran responsabilite w – pou n sispann tande pow
M di Ayisyen pran responsabilite w – pou n sispann tande pow

Jezi wa dezame – dezame dezame moun yo
Wa dezame – dezame dezame moun yo
Gonayiv dezame – dezame dezame moun yo
Wa dezame – dezame dezame moun yo

Freeze mete men n anlè

Rele anmwey
Rele anmwey – pèp Ayisyen lè n santi n bouke
Rele anmwey – leve drapo n pa kite l atè
Rele anmwey

Desalin te mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Henri Christophe te mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Toussaint Louverture te mete l anlè – poukisa n pa kite l anlè
Kite l anlè

Tap anlè

Chache klas mwayèn peyi a m pa wè l – atè plat
M chache lekòl pwofesyonèl m pa wè l – atè plat
Chache on kote k pa gen fatra m pa wè l – atè plat
Depi se moun ki pa renmen Gabel la – li atè plat

Se jan w wè l la
Jan w wè l la