San Konsyans [Kanaval 2019] • Roody Roodboy

ADDED BY DIDIER (FEB 2, 2019 AT 12:44 PM) 9,741 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019
Lyrics by: Roody Roodboy

Manman manman – ay ay
Di mwen kote w ye – ay ay
Manman manman ay ay
Èske wap tande m

Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
Nou pa kapab ankò leta
Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
Nou peyi a an reta

Pèp la bouke manje mizè
Palemantè menm ap milyonè
Bwat leta yo plen raketè
Opozisyon chaje magouyè
Nou fout bouke

Nou bouke, nou bouke - Wap voye kraze brize
Nou pa kapab ankò leta - Pitit ou ap etidye a letranje
Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke
(Nou genlè pran m pou egare)
Nou peyi a an reta

Pale le le – pale
Fòk leta a pran pozisyon chita pale
Pale le le – pale
Fok nou jwenn yon teren dantant pou n avanse

Eske konsyans yo pa touche yo
Lè malere pa ka manje
Kòb ameriken ap monte wo
Gazolin nan pa bon mache

Ay yo touye on bann jounalis – Jean Dominique
Leta pa ka bay jistis
Yap vòlè kòb nan lona
Pèp la ap manje nan fatra

Manman m te ka vivan toujou tande
Si lopital kanapevè te kite l antre
Senk mil goud sèlman ki li bloke
Nou kite tansyon l desann jouk kan kè li bloke
Nou gen manman tou mesye

San konsyans – nou pa respekte lavi
San konsyans – nou san konsyans tande
San konsyans – neg yo mechan
San konsyans

Gade gè gade gè (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo
Gade zam, gade zam (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo

Bèlè tire pow, Delmas 2 reponn pow pow
Touron tire pow, lasalin reponn pow pow
Tibwa tire pow, Granravin reponn pow pow
Boston tire pow, bedekou reponn pow pow

Gade gè gade gè (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo
Gade zam, gade zam (2x)
Toupatou nan peyi, tout patou nan peyi a wo

Pele tire pow, Metisimon reponn pow pow
Pilat tire pow, Sitededye reponn pow pow
Raboto tire pow, Jibele reponn
Si n vle pou gen chanjman fòk gen dezameman

Nèg kip a gen machin toujou ap boule machin moun nan lari a
Lè yap manisfeste
Nèg ki pa gen biznis toujou ap kraze biznis moun nan lari a

A lon ti pèp sovaj - wo
Nou fè peyi a lèd - ye iye

Nou gendwa manisfeste – wi
San nou pa kraze brize – wi
San n pa mete dife – oh kote nèg yo fè

Chaje nèg ki nan manwon – pou lajan petwokaribe a
Gen nèg debyen ki nan mawon – pou lajan petwokaribe a
Gen milat ki nan mawon – pou lajan petwokaribe a
Gade vòlò ki nan mawon – pou lajan petwokaribe a

Si mizè nan bouda w
Pwoblèm nan bouda w
Lavi chè nan bouda w
Mete bagay anlè pou w dedouble

Dedouble
Mayo anlè – dedouble
Mouchwa anlè – dedouble
Kepi anlè – dedouble
Drapo - dedouble

Dedouble – souke

Woy woy gadon doulè gadon doulè
Woy woy gadon doulè gadon mizè

Peyi a sa manje manman m
Li manje papa m
Kounya san fanmi m lage debra pandye wo
Lajistis san konsyans wo, ede m rele

Anmwey, jouk kilè sa va chanje
Anmwey, an verite nou fout bouke

Lasalin moun ap tonbe se kochon kape manje yo
Lapolis pap menm byen touche nan lari yape boule yo Bondye

Met men anlè pou n chache pou letènel

La si gras la vini a dwat – n ap pran l
Si l vini a goch – n ap pran l
Si l vini a dwat – n ap pran l
Si l vini a goch – n ap pran l
A dwat – n ap pran l
A goch – n ap pran l
A dwat a goch – n ap pran l

Ayiyay iyay iyay – he he he
Ayiyay iyay iyay – oh oh oh

Mkatè – yo mele
Mache ti Tony – yo mele
Haitnet se sa net – yo mele
Yo mele yo mele pi rèd

Bienvenu auto parts – yo mele
Kafe ti pilon – yo mele
Magi interstate – yo mele
Richele Rotela – yo mele

Ayiyay iyay iyay – he he he
Ayiyay iyay iyay – oh oh oh

Suzuki – yo mele
Tirezone – yo mele
Yo mele
Yo mele yo mele pi rèd

Rebo hot sauce – yo mele
Kreyolito – yo mele
Yo mele yo mele pi rèd