Nap Boule [Kanaval 2019] • Classic Boyz

ADDED BY LILPETER3 (JAN 24, 2019 AT 12:02 PM) 3,714 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2019

*Intro MCF*
Nou fè twòp tan chita pale
Se moman poun kreye aksyon
Twòp pèt de tan fòn demare
Si nou vle pran bon direksyon

*Verse 1 PRINCE AS*
Sak pase nap boule sa te toujou nan tradisyon nou
Pou byen lòt nou detwi m' pa menm ka fè adisyon non
Depi lakoloni nap koupe tèt nap mete dife
Pwatik yo toujou ap swiv nou sa ki mal nap plede di fre
Ti krik ti krak nap konpòte n' an piwomán
Gazolin sou pwòp frè nou kondisyon vi n' anpire man
Gwo zam lou nan tout geto yo pèp la lage ozabwa
Kochon ap manje kadav nou vòt nou fè bouda n' woz ak bwa
Rele aba kont fo lidè kap woule nou nan farin
Tout fanmiy yo lòtbò dlo pandan isit nou nan famin
Olye nou avanse zye nou fikse nan retro a
Anpil nèg panike chak fwa nou mande kòb petro a
N' boule mache komisarya n' boule dwán yo
N' boule machin n' boule moun nan chèche dwa n' yo
Nou di non nou pa vle zam bay nou liv edikasyon
Mete jòb nan peyi a pou nou pa plen avyasyon

*Refren X 2 fwa*
Bon ane sa ann fon chita pale petèt Ayiti ka chanje
Sa gen lontan nap pran fil mòl anyen pa janm mache
Se maskarad fè pale cho epi boule lajan
Malere menm boule jou e bandi yo boule ajan
Kè ti nèg pa poze etidyan boule kou
Limena boule grèf chofè yo boule grèv tou
Gad yon ti jwèt kach-kach dwazimen boule dwa
Nou rete 2 bwa kwaze gad palmantè kap boule lwa

*Verse 2 JEFFONE*
Sak pase e sa kap fèt eske n' toujou ap boule
215 zan depi nou lib nan tè n' toujou ap woule
Sitiyasyon n' vin anpire nèg yo plis kwè nan banbòch
Yon kòb pou devlòman an fèt epi yo metel nan pòch
Si se konsa mouche leta nou pap nan chita pale
Si se konsa mouche leta nou pap nan chita pale
Nou brile twòp se sak fè m' mande mete zye la
Depi ayisyen dwe w' li baw ledmi nou mèt mande Venezyela

*Verse 3 MCF*
Mesye prezidan 2 zan pase ou toujou ap fè kanpay
Pèp la ap vale van politisyen nou yo ap bwè chanpay
Palmantè patwon bandi pouki nap boule jenès la
Nou boule tout sa nou twouve kilè nap kite vye mès sa
Ann stope krim konnye a li lè poun viv tankou se frè
Se men nan men mach pasifik pou lòt pa pran nou pou dechè

*Refren*
Bon ane sa ann fon chita pale petèt Ayiti ka chanje
Sa gen lontan nap pran fil mòl anyen pa janm mache
Se maskarad fè pale cho epi boule lajan
Malere menm boule jou e bandi yo boule ajan
Kè ti nèg pa poze etidyan boule kou
Limena boule grèf chofè yo boule grèv tou
Gad yon ti jwèt kach-kach dwazimen boule dwa
Nou rete 2 bwa kwaze gad palmantè kap boule lwa

*Animasyon KORAL*

EDH desann poto
Moïse desann drapo
Martine desann foto
Pwostitiye desann HO-HO...

Lè pou simen zam yo pozitif wi (wi wi wi)
Envesti nan lekòl sa pa fèt non (non non non)
Bandi sipèsta lapolis toutè (wi wi wi)
Timoun se avni men kè pa kontan (non non non)

Sak gen drapo leve drapo anlè
Sak gen kepi leve kepi anlè
Sak gen mouchwa leve mouchwa anlè
Sak gen kòb petro caribe yo mawon yo mawon

Lè pou simen zam yo pozitif wi (wi wi wi)
Envesti nan lekòl sa pa fèt non (non non non)
Bandi sipèsta lapolis toutè (wi wi wi)
Timoun se avni men kè pa kontan (non non non)

Bon jan bagay yo ye la Ayiti mande lapriyè
Prince As Jeffone annaleeeeee
Leve 2 men n' anlè ann rele Jezi ki wo (ki wo ki wo) X 8 fwa

E sa papa!!!
Pou tann dat nap pale anyen pa janm serye
Chita blofe yon pèp men sa se twòp atò
Gen lontan nap babye oh wi n' pral demare
Pandan ke yap bal ne fè ti nèg wè lanmò...