Kasè Kòd La [Kanaval 2020] • Djakout #1

ADDED BY DIDIER (FEB 15, 2020 AT 5:37 PM) 4,922 VIEWS EDIT

Kasè Kòd La [Kanaval 2020] • Djakout #1

Genre: Kanaval
Year: 2020
Featuring: Okyjems

Haiti bezwen priyè
Frè Severe vin chante pou Ayiti

Wa va restore sa k pou nou yo
Wa va desann kot miray yo te fann
Wa va konstwi yon lòt jenerasyon tou nèf
Wa beni Ayiti y ap fè soufri
Wa repare tout sa yo te gate
Tout yo devore
Wa va desann restore sa k pou mwen yo
Wa beni Ayiti yap fè soufri

Men patrimwan nan

Woy nou mele
Nou mele
Djakout vin met lòt nan dezòd

Sonje lontan jan lavi moun te respekte – sa n fè yo
Monte desann bisantnè se te yon fyète – sa n fè yo
Timoun te konn fè lago kache tout kote – sa n fè yo
Moun nan lari kè yo pat janm sote – sa n fè yo
Ensekirite k ap fè nou lagè – ohhh peyi a pat konsa
Anba drapo nou dwa n limite – ohhh peyi a pat konsa
Tout tradisyon nou yo fin ale

Nou mele

Pèp la bezwen sekirite – pou tout moun nan peyi a pwoteje oh
Djakout mande pote kote – pou peyi d’Ayiti ka dekole oh
Pèp la mete prezidan pwoblèm yo toujou la – non sa pa bon
Opozisyon ranse pwoblèm yo toujou la – non sa pa bon
N ap sispann vote pou mil goud

Pèp la bezwen sekirite – pou tout moun nan peyi a pwoteje oh
Djakout mande pote kote – pou peyi d’Ayiti ka dekole oh
Pèp la mete majistra fatra yo toujou la – non sa pa bon
Men sektè prive se pèp la yap souse – non sa pa bon
Legliz moute pil sou pil fidèl yo vin pi mal
Non sa pa bon

Woy
Pa lage l konsa

Nou bouke ak mache k ap boule leve de men n anlè rele
Anmwey
Nou fatige ak lapolis kap tonbe leve de men n anlè rele
Anmwey

Anmwey

Yo manyen Djakout la pèp la anraje
Si l fè l move, yap dechire, yap devore w
Si kwè m manti mande fanatik Djakout – se sa l ye

Moun Ri Dèkazèn voye je nou anlè kisa nou wè kisa nou wè – Djakout
Men moun Chanmas voye je nou anlè kisa nou wè kisa nou wè – Djakout
Ayisyen voye je nou anlè kisa nou wè kisa nou wè – Djakout
Fanatik Djakout nan wotè n ap pase la
Leve de men n anlè pou n pase men n anlè a
Pase men n anlè

Wa

Sa w te ye – ou pa Bondye w pa gen dwa pou w jije m
Kisa kisa kisa w te ye
Pa met zam nan men jenès la pou l pa detwi
Nan yon sèl peyi, nou tout se Ayisyen, twòp san koule
Pa met zam nan men jenès la pou l pa detwi
Nan yon sèl peyi, nou tout se Ayisyen, twòp san koule
Panse mete lekòl pou yo
Sante avèk travay pou yo
Kreye enfrastrikti pou yo
Lè sa n a va konstwi on peyi
Men sa nou bezwen pou peyi dayiti jwenn liberasyon n

Pèp Ayisyen yo pran nou pou esklav ane 2020 sa nou sèmante – nou libere
Pèp Ayisyen yo pran nou pou esklav leve men goch leve men dwat lage m – nou libere
Leve men dwat kase – kow demare m
Leve men goch kase – kow demare m
Leve de men n anlè chanmase –demare m
Demare m
Lage l

Chèche Toto m pa wè Toto – kote Toto kache
Chèche Toto m pa wè Toto
Soti nan tou a non

Yo manyen Djakout la pèp la ap anraje
Si l fè l move, yap dechire, yap devore w
Si kwè m manti mande fanatik Djakout – se sa l ye

Djakout wa kanaval la depi l rive chanmas

Fanatik Djakout – afiche w
Moun chanmas cheri yo – afiche w afiche w
Tout Ayiti cheri - afiche w

Moun a dwat yo – kote w kanpe
Moun a goch yo – kote w kanpe
Devan dèyè – kote w kanpe
Pouse Djakout monte – wey men wa kanaval la
Pouse – wey

Woy ahah voye


BIOGRAPHY
  • In the later 1980's original founder Dominique Lauture after winning an American Airlines jingle contest, decided to evolve in a direction that was now becoming the craze in Haiti, and form a group playing modern compas, with upbeat rythms and lyrics that the mass could both relate and identify with. This evolution is now what we know to be called the New Generation of Compas. In the 1990's the band changed direction, and under the direction of renown guitar player Claude Marcelin, the band had a more solid repertoire, and included younger less renown musicians (at the time) such as Gracia Delva, and Edzer Charlemagne (T-Pouch).

    In June 1998 the band under the Label Antilles Mizik toured the United States, and released their 3rd CD Titled " Septieme Ciel" another very popular cd, at the time which was well received by all Compas Fans, and especially those fans of the Newer Generation.

    2010, the band at a crossroads both under new management, and tormented by the sadness that has plagued their native homeland, out of compassion for the victims of the January 12th earthquake that took the lives of many people, the band released their most recent CD titled "PWOFITE" (seize the moment).

    In 2013, in addition to have been recognized as the band who has participated most frequently in the Haitian Compas festival's 15 years of existence, they were awarded Carnaval Champions in Haiti twice in one year!