Yon Bon Zanmi • K-Zino

ADDED BY PHKATHIUS1 (OCT 25, 2016 AT 7:05 PM) 24,478 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Tou Gol
Year: 2012

K-zino yon bon zanmi

[Intro]
Li konn tout vi mwen
Li konn tou rèv mwen
Li konn tout ti sousi mwen,
Li konn tou sak pou fè bonè mwen
Chak fwa mwen wè mwen nan fè nwa
Mwen pa janmen pèdi lespwa
Paske m’konnen
Wi mwen konnen
Ke l’ap toujou la pou mwen

[Verse 1]
Konbyen nan nou k'gen yon moun nou ka di tout sa de li?
Konbyen nan nou si n’genyen’l k'ap fè menm jan an pou li?
Depi’n tou piti n’ap grandi,
Nan vi nou moun ap rantre soti
Konbyen nan yo nou ka vreman rele zanmi?
Avek konbyen nan yo nou viv des experiences
Ki ka fè nou di ke moun sa plis k'on konesans?
Eske sou li ou ka konte?
Eske vreman pou ou’l konte?
Si li la tout tan, bon kou move tan
Ou mèt rejwi paske’w ka di’w gen

[Chorus]
Yon bon zanmi
Ki la pou soutni’w lè lavi vle trayi’w
Yon bon zanmi
Ki konn tout sa’k sou kè’w, k’ap ede’w jwenn siksè
Yon bon zanmi
Ki menm bliye tèt li chak fwa se ou ki bezwen li
Yon bon zanmi
Jodia’w mèt di’l mèsi, paske’w genyen’l kòm zanmi

[Verse 2]
Zanmi pa m' nan
Oh non li pa parfait
Tankou tout moun li konn fè erè
Li toujou vinn dim e mwen tande’l ak kè ouvè
Pou li m'pa gen histoire cachée, m’toujou avwe’l la verite
Paske m’konnen san’l p'ap jije’m l'ap toujou di’m sa li panse
Menm si nou chak nan vi nou
Nou gen lòt moun k'ap vin an premye
N'ap toujou goumen pou amitye sa egziste
Chak fwa prezans mwen nesesè
Depi se pou li m'pa gen lè
Mwen vle la tout tan, bon kou move tan,
Pou’m ka rejwi chak fwa m'ap di m'gen

[Chorus]
Yon bon zanmi
Ki la pou soutni’m lè lavi vle trayi’m
Yon bon zanmi
Ki konn tout sa’k sou kè’m, k’ap ede’m jwenn siksè
Yon bon zanmi
Ki menm bliye tèt li chak fwa se mwen ki bezwen li
Yon bon zanmi
Jodia m’ap di’l mèsi, paske li la

[Hook]
Li se konplis mwen, konfidan mwen
Konseye mwen, bwat sekrè mwen
Oh, m' pa bezwen pale pou’l konn kijan mwen ye
Oh oh se kòmsi nou konekte
S’on amitye sakre…

Yon bon zanmi…
S'on fanmi ke’w chwazi pou la vi

[Outro]
Ou we zanmi saa
Ke’m malad, ke’m gen pwoblem
(Li konn kisa pou’l fè)
Nenpot le’m relel la
(Li konn kisa pou’l fè)
Kisa li ye
(Li konn kisa pou’l fè)
Son bon zanmi
Ki pa janm lage’m