Ekilib • Disip

ADDED BY ZOKLO (OCT 13, 2014 AT 6:41 PM) 26,656 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Viktwa
Year: 2013

Disip
Ouch

[Verse 1]
Dèfwa m rete m imajine sa la vi ye
Wap kwè’m siw vle se tout venn kòm ki pran tranble
Defwa m konn ap fete gen’w lòt ki dlo nan je
Lesprim konn bien poze genw lòt ki toumante
Wap dim kouman mpral fè santi’m ere
Gad kijan m bien kanpe gen’w frè k andikape
Sak jwenn pou jete yon lòt pa ka manje
Wap dim kouman mpral fè ere

[Verse 2]
Dèfwa m rete map kalkile sa nap asiste
Wap kwè’m si’w vle se dlo nan je’m kap fin seche
Map fè chwa pou’m dòmi gen’w lòt ki nan lari
Gen sak gen tròp abi pandan on lòt tou touni
Wap di kouman mpral fè santi’m ere
Chak fwa m ta vle rejwi m sonje sa kap soufri
Chak moman m vle souri m sonje sa kap jemi
Wap di kouman mpral fè ere

[Guitar solo]

Gen sak andikape se pa sa yo ta vle
Pa mete yo sou kote fò nou tout ekilibre
Nou son’w pèp libere, inion sèlman n manke
Pou bagay yo bien mache fò nou tout ekilibre

[Chorus]
N bezwen ekilib mantal
N bezwen ekilib familial
N bezwen ekilib social
Pa gen doktè ni lopital

Pap janm bliye Rooldine Lindor kite peyi’l k’al etidie
Dominiken viole’l l y’asine’l kòman’w ta vle pou’m ta ere
Pakèt timoun nan lari ak yon twal sal ap suye machin
Yo san fanmi yo sans abri kòman’w ta vle pou’m ta rejwi

Lè gro trip ap vale ti trip la mizè ka rann moun chimè
Yon jenès kap viv nan lafè di pito’l mouri l’ al nan paradi
Lavni on peyi panse konsa, son’w mitrayèt otomatik
Ki branche sou on sosiete si n’ pa ekilibre l’ ka deklanche

[Chorus]

Notre Père qui est aux cieux, que ton nom soit sanctifié
Que ton reigne vienne tous les jours pou sosiete sa pa fin echwe
Jenou’n atè nap priye Bondye nap made’w pitie
Konnen nou peche se vre tanpri papa padone’n