Si Ou Vle • Koneksyon

ADDED BY ZOKLO (APR 6, 2014 AT 8:28 AM) 30,316 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Just A Dream
Year: 2013

Nou pa bezwen pale istwa sa ka rete (2x)

Se timoun nou te ye Ansanb nou tap jwé Nan lari n'tap kouri
Leve nan menm katye Nal lekòl tout le 2 Nou te pi bon zanmi
13 ans vin ekoule Kounya nap gradye Yon chapit kap fini
M'decide temwaye'w Santiman'm ki kache Ou te vle ret zanmi'm
Sitiyasyon sa te vinn delika Mwen kòmanse reflechi - Reflechi baby
Emotion'm mwen tonbe nan fè nwa L'Amitie sa tro piti - Tro piti

Mwen tande kounia kèw vinn angaje – angaje
Misye te pi bon zanmi'm - pi bon zanmi'm
Nan definisyon de lamitye Mape mande'm

Si'm pase men'm sou kò'w - Its ok
Bouch mwen rive nan kou'w - Its alright
Si'm karese cheve'w - Its ok
Sa ka ret entre nou - Tonight

Si mwen desann pi ba - Its ok
Eskew ta renmen sa - Its alright
Nou ka fè saw mande Saw mande
Sa se si ou vle
Si ou vle baby…

Sa fèm mal tout bon vre Lè'm rete map gade Misye kap fèw souffri
Vinn lakay wa esplikem Ak rang dlo nan zyew Tout saw téefè pou li
Lanmou sa fèw pèdi
Men mwen menm mwen konnen Mwen gen plis poum offri'w

Nou chita nap pale de twa blag ap tonbe m'renmen wè lèw souri
Sitiyasyon sa te vinn délika - Ou dim
Ke se mwen menm ki ka konsolew - konsolew
Lannwit tonbe nou rete nan fè nwa - Mwen konnen
Mpaka manyen'w se zyé'm kap caressew - Karese'w

Nou tout konnen avèl ou pral marye - Pral marye
Jan wap gadem , avèm ou ta rete - Ta rete
Mwen bo kote'w Epi'm vire gade'w , Mwen mandew

Si'm pase men'm sou kò'w - Its ok
Bouch mwen rivé nan kou'w - Its alright
Si'm karese cheve'w - Its ok
Sa ka ret entre nou - Tonight
Si mwen desann pi ba - Its ok
Eskew ta renmen sa - Its alright
Nou ka fè saw mande Saw mande
Sa sé si ou vle
Si ou vle baby…

Nou pa bezwen pale
Istwa sa ka rete
Jis antre nou 2
Sa se si ou vle
(2x)

Nou pa bezwen pale
Istwa sa ka rete
Jis antre nou 2

Nou pa bezwen pale
Istwa sa ka rete
Jis antre nou 2
Sa se si ou vle

Nou pa bezwen pale
Istwa sa ka rete
Jis antre nou 2

Si w vlé
Si'w vlé baby