Urgence • Disip

ADDED BY DIDIER (SEP 16, 2014 AT 6:26 PM) 22,793 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Viktwa
Year: 2013

Bonjou
Yon ti moral
Disip

[Verse 1]
Poukisa se chak jou moun ap juje moun
Men pa gen youn m' konnen ki bon moun
Moun yo kondane a se li ki pa sa
Sa kap juje moun yo souvan yo koupab
Yo pran verite a yo kache’l anba tab
Pou yo ka fè ‘w kwè se yo ki pa valab
Yo nan sispèstisyon pou fè’w pèdi relasyon ‘w
Yo gen vye anbisyon yo pa ta vle ‘w nan ‘w pozisyon

Sa pa nòmal li pa legal pou n’ap fè mal
Sispann fè mal ann fè moral san fè brital
[2x]

[Verse 2]
Ou di l’ pa gen mesye sak fè l’ap drive
L’ kouri la’l etidye fè efo l’ diplome
Moun ou gentan bay job la pa menm kalifye
Men se paske ‘l dakò pou ‘l bòw jwe nan kò’l
N’ arete nèg gheto yo televize yo
Lè se nèg gro palto yo keep it on the low
Tout moun k’ap fè dezòd nou di n’ ap bay yo kòd
Fò lòd la aplike ni pou boss Job a msye Bob

[Chorus]

[Van]

Nou se disip
Urgence

Problèm peyi a se nou menm menm
Tròp divisyon ant relijion coruption nan enstitisyon
Problèm peyi a tròp brejen ki dròl
Tròp blofè anba vès a kòl
Peyi a malad nan tout kò ‘l

Si nou pa pran on priz de consience – peyi a ap fin tonbe nan menn
Fò nou juje san prejuje – jistis egal ego
Sa ki pi gran ede sak pi piti – konsa jenès la gen avni
Pozisyone valè ak talan – se sak pou fè nou parèt gran

[Guitar]

Cap-Haitien cheri men koulè a
Bonjou
Haiti mesaj la pase, pa di’w pa tande
Fok nou aplike

Haiti les annees karant kijan sa te ye – bèl peyi
Haiti les annees senkant kouman’w te ye – te gen jistis
Les annees swasant kouman sa te ye – te gen kilti
Haiti an swasandis – te gen lavi

Manman’m konn dim peyi’m te bèl
Papa’m konn dim peyi’m te bèl
Granmè’m gran pè’m di’m li te bèl
Si n’ pran konsyans li ka vin pi bèl

De katreven katreven dis men nan kisa n’ te ye – kou deta
Katreven dis a lan de mil peyi nou anbreye
Landemil a de mil dis bagay yo chavire – tèt anba
A nos jours jusqu’au futur tande sa va chanje

[Keyboard]

Si nou pa pran on priz de consience – peyi a ap fin tonbe nan menn
Fò nou juje san prejuje – jistis egal ego
Sa ki pi gran ede sak pi piti – konsa jenès la gen avni
Pozisyone valè ak talan – se sak pou fè nou parèt gran

[Van]

“Komabo”