Kè Mwen Kontan • K-Zino

ADDED BY TIZER (MAY 5, 2014 AT 4:53 PM) 30,447 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Tou Gòl
Year: 2013

[Verse]
Sou kabann mwen mwen te kouche
Wo... mwen te kouche poukont mwen
Avè w mwen t'ap panse, chagren anvayi kè mwen
Mwen santi m kòmanse bouke
Wo... bouke rete poukont mwen
Sa gen lontan lavi m chanje
Depi w'ale byen lwen m
Se chak jou m'ap sonje tout sa nou te konn fè a 2
Kounya m'santi m paralize
Menm nan yon fèt mwen pa ale
Tout sa m'ap fè se ou m sonje

[Chorus]
Vin jwenn mwen
Paka kenbe ankò
Vin jwenn mwen

[Verse 2]
Se gout a gout jou yo ap pase
Wo...y'ap pwolonje mizè mwen
Chak inèdtan se yon ane
S'on kouto k'ap dechire kè mwen
Se kounya m'ap reyalize
Ouwo...gade soufrans mwen
Gade se lè w pa bò kote m mwen wè valè w tout bon vre
Wi, n'te toujou okipe
Avè w bonè m te asire
Nan sinema n'te konn ale
Ti lanmè nou se pa pale
Si se pou plezi nou pat manke

[Chorus]
Vin jwenn mwen
Paka kenbe ankò
Vin jwenn mwen
Paka kenbe

[Pre-chorus]
Konnen vakans yo ap pwoche
Tout sa m'ap tann se ke w rele
Pou di mwen sa m anvi tande

[Bridge]
Se pandan m'tap dezespere
Nan pòt la m'tande y'ap frape
Mwen leve m'al gade, gade pou m wè ki moun sa ye
Lè m ouvri m'wè se ou k' kanpe
An verite, m'panse m'tap reve
Poutan m'wè se vre
M'anvi chante

[Chorus 2]
Kè mwen kontan
M'anvi rele wo ouwo
Pral kraze kay la
Si w wè m kanpe m'ap chante, se kè mwen k' kontan
M'anvi rele wo
M'pral kraze kay la
Kè mwen kontan

[Solo]
Cheri m'ap vini
Pou sa m wè pou nou, aswè netale.com

[Chorus 2]
Kè mwen kontan
M'anvi rele wo ouwo
Pral kraze kay la
Si w wè m kanpe m'ap chante, se kè mwen k' kontan
M'anvi rele wo
M'pral kraze kay la
Kè mwen kontan