Pouki Se Mwen • Kompasoul

ADDED BY TIZER (NOV 8, 2014 AT 12:15 PM) 29,466 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2012
Produced by: Peter M. Dumerjean
Lyrics by: Peter M. Dumerjean

[Verse]
La vie est injuste
Pafwa pouki se mwen ki toujou nan fènwa
Mwen fè tout sa ke mwen konnen
Poutan mwen toujou nan chagren
Tout tan se mwen k’ape plenyen
Se kòmsi nou pat renmen
Malgre fanmi m, zanmi m te di m fanm sa a s’on danje li ye
Pat janm dekouraje
Te fè kòmsi mwen pat tande paske m panse mwen te rive
Men jodia se kè m k’ape rache

[Chorus]
Pouki se mwen k’ape kriye a chake jou
Pouki se mwen toujou ap kouri tou patou

[Verse]
L’amour m’est inaccessible
Ainsi, gad jan mwen bay tout fòs an mwen pou granmèsi
Kijan pou fè pou viv san mwen
Tout sa w reyalize se gras a mwen
Men tout sa se te an vain

[Chorus]
Pouki se mwen k’ape kriye a chake jou
Pouki se mwen toujou ap kouri tou patou
Pouki se mwen dlo nan je m pap janm seche

[Bridge]
Mwen t’ap chache bonheur ki devenu yon calvaire
Lavi m ranpli douleur oh oh
Shapadadapadap pe
Yo te pale m… non non non non non m’pat vle koute
Gad jan ou imilye m

[Keyboard solo]
Oh oh (rpt)
KS
Kompa Soul
Oh oh

[Chorus]
Te bay tan mwen, vi mwen (o wi se ou m’te vle)
Kè mwen, lòv mwen (toujou se mwen)

[Verse]
Pa gen mo k’ ka eksplike
Pa gen moun ki ka imajine kòman mwen te renmen w
Richès mwen te nan men w
Ou kite dlo nan je m, pouki se mwen k’ap kriye
Oh non, gad jan ou detwi lavi an mwen

[Chorus]

[Keyboard]
Oh oh

[Outro]
Damou w pou granmèsi, san reflechi
J’ai donné toute ma vie, elle l’a détruit
Sa se te yon foli
Paske mwen te vle w, dezire w, o wi mwen te renmen w
Oh oh oh oh