Kijan Pou M Ta Ye [Kanaval 2016] • Power Surge

ADDED BY TIZER (JAN 6, 2016 AT 5:07 PM) 18,561 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016
Featuring: Frap La
Produced by: Serge

[Intro]
Power Surge
Ah! Yea!
Kanaval 2016!
Hein Hein!!!
Power Surge!
Nou refè l ankò
F-F-F-Frap La!

[Power Surge]
Nan djaz sa a
Nan peyi sa a
Nan sosyete sa a
Di m kijan pou m ta ye
G on jan pou w ta ye

[Verse – Last One]
Ti pitit, pa vin mande m kòman pou w ta ye
M panse g on fason pou w ta ye
Fò w kenbe diyite w se sou ban lekòl pou w ta ye
Se pa nan lari pouw ta ye
Se lakay ou pou w ta ye
Se nan limyè pou w ta ye
Se pa nan fè nwa pou w ta ye

[Verse – Magic]
Lavi montre m kòman pou m ta ye
Nan tèt kole pou m ta ye
Tèlman m renmen mizik, atis sèlman m reve pou m ta ye
On moun debyen pou m ta ye
Se pa tout kote pou m ta ye
Chak lè m santi fredi yo di m se anba dra pou m ta ye

[Power Surge]
Nan djaz sa a
Nan peyi sa a
Nan sosyete sa a
Di m kijan pou m ta ye
G on jan pou w ta ye

Pou m ta yon prezidan (Ou wo ou wo ou wo)
Pou m ta yon depite (Ou wo ou wo ou wo)
Pou m ta yon senatè (Ou wo ou wo ou wo)
Pou m ta yon majistra (Ou wo ou wo ou wo)

[Verse – Lasini]
So bri kouri pawol la pale
L ap chache on jan pou l ta ye
Tifi a pou l travay li pa konn kijan pou l ta ye
Yo di l fò patwon konnen li
Fò madan patwon an konnen l tou
Fò l bay chifonnen l, manyen l
O! konsa pou l ta ye

[Verse – Antèn]
Kijan pou m ta ye ankò, jan m konnen m f anpil efò
W ap vin pran pòz pase pou pi bon pandan medam yo di:
Antèn woy jan w ye a l bon
Pou jan w bon nan manyen moun, kijan pou w ta ye ankò
Di m kijan pou w ta ye ankò (se vre)
Woy jan l ye a l bon
Pou jan w bon nan manyen moun kijan pou w ta ye ankò
Di m kijan pou w ta ye ankò

[Power Surge]
Nan djaz sa a
Nan peyi sa a
Nan sosyete sa a
Di m kijan pou m ta ye
G on jan pou ta ye

Pou m ta yon prezidan (Ou wo ou wo ou wo)
Pou m ta yon depite (Ou wo ou wo ou wo)
Poum ta yon senatè (Ou wo ou wo ou wo)
Pou m ta yon majistra (Ou wo ou wo ou wo)

[Bridge – Power Surge]
Pou w prezidan (Ou Gon Jan Pouw Ta Ye)
Pou w peyizan (Ou Gon Jan Pouw Ta Ye)
Pou w etidyan (Ou Gon Jan Pouw Ta Ye)
Pou w mizisyen (Ou Gon Jan Pouw Ta Ye)

Woy!!!!! Ha ha!!!

Ayiti di m kijan pou m ta ye!
Se! Hey! Hey! Hey! Hey! Hey!
An n ale!!!

[Chorus]
Di m kijan pou m ta ye, ta ye, ta ye
Di m kijan pou m ta ye
Pou m pa gen ti moto, pou m ka gen gwo moto
Di m kijan pou m ta ye, ta ye, ta ye
Di m kijan pou m ta ye
Pou m pa gen ti biznis, pou m ka gen gwo biznis
Di m kijan pou m ta ye, ta ye, ta ye
Di m kijan pou m ta ye
Pou m pa nan souse dwèt, pou m ka nan woule tèt!
Di m kijan pou m ta ye, ta ye, ta ye
Di m kijan pou m ta ye
Pou m pa ta pran zoklo, nan men ti mawozo
Kijan pou m ta ye

[Bridge – Power Surge]
Avè m pou nou ta ye (2x)
Pou n ka konprann la mizè mizisyen nan peyi d'Ayiti yo
Avè m pou nou ta ye (2x)
Leve men nou, frape men nou
Leve men nou, souke men nou
Adwat, agoch (4x)
Nan mitan se ladann pou ta ye

[Keyboard solo]

[Chorus]
Ou woy (3x), a Frap La pou n ta ye
Pou pa fè ti bagay, pou ka fè gwo bagay
Ou woy (3x), a Power Surge pou n ta ye
Frape men nou (plap plap), souke men nou
Ou woy (3x), a Frap La pou n ta ye!
Ou woy (3x), a Power Surge pou n ta ye
Avè nou pou w ta ye, pou w f on manyen nòmal

[Bridge – Power Surge]
Avè m pou nou ta ye (2x)
Pou n ka konprann la mizè mizisyen nan peyi d'Ayiti yo
Avè m pou nou ta ye (2x)
Leve men nou, frape men nou
Leve men nou, souke men nou
Adwat, agoch (4x)
Nan mitan se ladann pou ta ye

[Guitar solo]
Didi Santana!
Ban m (5x) gita m
Woy Woy
Frape men yo se “plap plap” frape yo! (Woy Woy)
Leve men yo, leve men yo (Woy Woy)
Frape men yo, frape men yo (Woy Woy)
Souke men yo, souke men yo (Woy Woy)

Ayiti cheri…woy

[Power Surge]
E ey ey!
Fanatik Power yo (Wiiiii)
Fanatik Frap La (Prezan)
Fanatik Power yo (Wiiiii)
Fanatik Frap La (Prezan)
Fanatik Power yo (Wiiiii)
Fanatik Frap La (Prezan)

[Power Surge]
E ey ey!
Si w vle wè lavi w chanje (ou g on jan pou ta ye)
Konsa
Siw vle biznis ou mache (ou g on jan pou ta ye)
Konsa
Si w vle toujou byen kanpe (ou g on jan pou ta ye)
Konsa
Si w vle tankou Frap La (ou g on jan pou ta ye)
Leve men w anlè (Weeee)
Kenbe men w anlè (Weeee)
Frape men w anlè (Weeee)
Vire men w anlè (Weeee)
Vire l, vire l, vire vire vire vire l, vire l

[Keyboard solo]

Rale kò w la
Si w vinn nan kanaval la pou w fè vyolans, rale kò w la
Rale kò w la, pa fè sa la
Rale kò w la
Si w pa vle moun danse, w ap kraze brize
Rale kò w la, rale kò w la, pa vin fè sa la
Rale kò w la

Tout fanatik Frap La an n ede m chante
Wooo ou wo, rale kò w
Wooo ou wo, souke kò w
Wooo ou wo, bouje kò w
Wooo ou wo, ranje kò w
Wooo ou wo, souke kò w
Wooo ou wo, bouje kò w

Rekòmanse pou yo
Rale kò w la, rale kò w la
Pa fè sa la
Rale kò w la, rale kò w la
Pa vin fè sa la
Chante

[Bridge – Power Surge]
Avè m pou nou ta ye (2x)
Pou n ka konprann la mizè mizisyen nan peyi d'Ayiti yo
Avè m pou nou ta ye (2x)
Leve men nou, frape men nou
Leve men nou, souke men nou
Adwat, agoch (4x)
Nan mitan se ladann pou ta ye

[Guitar solo]
Didi Santana, ban m (5x) gita m
Woy woy
Ansyto Mercier cheri m sonje'w!!!