Nap Manyen Yo [Kanaval 2015] • Power Surge

ADDED BY DIDIER (JAN 9, 2015 AT 1:49 PM) 19,826 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015
Featuring: Frap La
Produced by: Power Surge

Kanaval 2015 Power Surge
Frap La

[Last One]
Frap la vin met cho plis
Sou nou tout zye fokis,
Gen sa kap plede ba nou tiz,
Chita mal pou bann cho cuisse,
Map manyen yo sanm pa fe foli
Manyen tout sak di yo poli
Manyen tout sa kap pran poz
Manyen tout sa kap fe konnri
Map manyen yo nan tout kwen
Manyen yo sou tout pwen
Nan zafe manyen m' san limit
Yo konnen nou nan tout bren.

Haiti – Nap manyen yo
Site solèy – Nap manyen yo
Delma 2 – nap manyen yo
Pòs machan – nap manyen yo
Miami – nap manyen yo
New York city – nap manyen yo
A Paris – nap manyen yo
Tout kote – nap manyen yo

[Magic]
N'ap manyen ti, n'ap manyen ta
N'ap manyen si, n'ap manyen sa
Manyen tout sak pa vle
N'ap manyen kri, n'ap manyen nwa
N'ap manyen lendi k'vin avan
Manyen madi k'vin aprè
Manyen tout sak pa dakò
N'ap manyen bandi k'vin afè
M'konn tèlman manyen moun dèfwa m'konn menm blye si jezila
M'manyen falone,m'manyen ketia m'menm manyen ti jezila
N'ap manyen pati yo pa vle
Manyen pati yo kache
Manyen tout ti figi,ti piti
Manyen tout kote nou pase.

[Antèn]
Avan m manyen yo manyen yo map tate yo ,
Sim nan fenwa menm map flache yo
M telman pretansye nan manyen, fo limena yo m pap tyeke yo,
Telman m gen moun nan ling kap tann pou sa
M regret sa pou tout sa ki an reta
Kew te vle ou pa si ou pa dako ou met al banm l'ETA
Wi m kwè w tande nan manyen moun m pa jwe
Genle w pa konprann nan tout vil la se mwen ki komande
Wi manyenm ankò non
Re manyenm ankò non
Ou telman fè sa byen mesye anten manyenm ankò non
Wi manyenm ankò non
Re banmwenl ankò non
Ou son met ala matyè miste antenn manyenm anko non

Frap la
Se Koul chol kwit
Haiti nou pare

Medam Haiti yo – nap manyen yo
Medam Miami yo – nap manyen yo
Medam New York city – nap manyen yo
Medam a Paris yo – nap manyen yo
Medam Petionville yo – nap manyen yo
Medam ki lavil yo – nap manyen yo
Medam ki kanpe min yo – nap manyen yo
Medam nan ghetto yo – nap manyen yo

Woyy

Manyenn sou tèt li – oh oh
Manyenn sou kè li – oh oh
Manyenn sou vant li – oh oh
Manyenn bò kòt li – oh oh
Manyen devan li – oh oh
Manyenn bò kwis li – oh oh
Manyenn sou tèt li – oh oh
Wiii

Ak pozitivite nap manyen yo tout kote – wi
Sou pa vle peyim vanse fòw mete kòw sou kote – wi
Lè poun avanse fòn bouke kraze brize - wi
Pa neglije’l fòw proteje’l – wi

Haiti leve kanpe mwen di se – hey hey hey hey hey hey hey ha

Souw vle wè peyi’w chanje - souke souke souke men’w
Pou peyi’w ka debloke - souke souke souke men’w
Sou’w vle Haiti rive - souke souke souke men’w
Sou’w vle Haiti vanse - souke souke souke men’w

Leve demen’w souke a dwat – a dwat a dwat bow
Leve demen’w souke a goch – a goch a goch bow
Leve demen’w souke devan – a devan a devan bow
Leve demen’w souke dèyè – a dèyè a dèyè bow

Souke souke souke – souke ha souke ha souke ha (8x)

Debloke peyi’m poul vanse (3x)
Ane sa nou pap negosie

Yo met pran devan
Yo met pran dèyè
Ane sa nou pap negosye avè yo
(2x)

Met menn alè poun toupizi yo
Toupizi yo (6x)

Power Surge

Oh oh
Ou met manyen ti sèm ou pap manyen peyim – oh oh
Ou met manyen matante ou pap manyen peyim – oh oh
Ou met manyen madanm mwen ou pap manyen peyim – oh oh
Ou met manyen manyenw ou pap manyen peyim – oh oh
Ou met manyen kouzine ou pap manyen peyim – oh oh
Ou met manyen business mwen ou pap manyen peyim – oh oh
Ou met manyen Frap La ou pap manyen peyim – oh oh
Manyen PSMG men pa manyen peyim – oh oh
Pa manyen (5x)
Pa manyen (5x)
Pa manyen (5x)

Hey hey hey hey pigaw manyen peyim (4x)

Ou met fin debode pigaw manyen peyi’m
Hey hey hey hey pigaw manyen peyim
Ou met fin anraje ou pap ka manyen peyim
Hey hey hey hey pigaw manyen peyim
Ou met kraze brize ou pap ka manyen peyim