KoÌ€d La Kase [Kanaval 2016] • Bèl Groove

ADDED BY ZOKLO (JAN 18, 2016 AT 10:50 PM) 15,484 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016

Kod la kase.

[1 Jojo voice]
Plus pase 200 zan depi nap preche.
Pouki n pa Jan m change
Yon pèp yon peyi kap rekuleee
Si nou vle ayiti kapab dekole
Anou pote kole
Pou ayiti.

[2 Koral]
Depiw tande se kanaval la ki rive
Timoun kou granmoun mande anraje
Se sèl fèt yo pap negosye
Menm si peyi n ap deprave
Yo toujou prè pou Yo danse
Yo toujou prè pou fete.

[3 Jojo voice ]
Malgre plizyè mesaj lemond antye ap tande
Sou peyi dayiti ki pa janm chanje ide
Mwen wè vyolans pa janm suspann se sa map mande.
Genlè se paske n pa janm deside
Pouki lè etranje a deside poul vanse
Projè l realize san vi youn pa menace
Nan tout peyi Genlè se sèl nou menm kap ranse
Moman rive pou nou vanse.
Annou tout mete tèt ansanm
Poun fè yon chènn solidarite
Pou ayiti kapab chanje fòk nou metel an premye.
Fanatik belGroove men sa nou tap tann Lan
Si n kontan wè djaz la leve 2 men n anlè
Fanatik belgroove men sa nou tap tann Lan
Sin kontan wè Jojo leve 2 men n anlè.
Yo tire Sou nou

[koral]
Nou pa pè
Yo pale nou Mal
Nou PA kyè
Simen pwav ginen
Djaz la PA pè anyen.

Lè w anvi goumen
Koral AL cherche yon poto
Frè mwen lè w anvi touye
Detere gran papa
Nap fè tout moun danse
Jiskaske yo fatige
Monchè rale kow baton
Deye lavi chè baton
Deye tout volè baton
Deye tout blofè baton
Deye kidnapè baton baton baton..

[Biguess. Voice ]
Fanatik bel groove vin tande yon koze se biw
Yo vle monte sou nou paske nou poze se biw
Nou di sak fe nou mal men nou Pa oze se biw
E tout sak ap kopye n nap fout yo noze se biw se biw se biw..... 2 fwa.

[Koral]
Kod ki marem Nan kase.4 fwa

[Biguess voice]
Yo di fò w mize Nan wout
Koral pouw pot bon nouvèl
Si kouri pat gen bouke
Koral ala bèl li ta bèl
Ti medam yo vle Jojo
Ti mesye yo vle Biguess
Fanatik yo bel groove sesa ke yo mande.
Yo pap konprann.yo pap janm gen kè.
Nouvo dans lan.

[Koral Windeck 4fwa. Bis]
Tout Timoun yo tout granmoun yo tout gason yo tout fi yo ayiti cheri an aleeeee.....
Kounye a se yon kesyon DE Windeck fi a fi gason a gason.mpat janm sezi konsa non.aaaaayyyyaaahhhhh.
Slogon 2016 la. Asyèt wap niche a se mwen ki tap manje ladanl....