Se Ayiti Wi [Kanaval 2016] • Lakou Mizik

ADDED BY JESS24 (JAN 6, 2016 AT 9:39 PM) 14,566 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016

Kouzen wi n bezwen lwa yo (2x)
N ap monte bwa kayiman pou n al fon w rasanbleman
Pou n twouve la delivrans n bezwen lwa yo

Kouzen nou bezwen lwa yo
Kouzen wi n bezwen lwa yo
N ap monte bwa kayiman nou al fon w rasanbleman
Pou n twouve la delivrans n bezwen lwa yo

Ayo Lakou Mizik adye
Wi mon kouzen wi nou bezwen lwa yo
Adye kouzen Zaka adye nou bezwen lwa yo
N ap monte bwa kayiman pou n al fon w rasanbleman
Pou n twouve la delivrans n bezwen lwa yo wi
Way way way wey

Bondye Bondye kote w ye papa
Bondye Bondye vire zye gade n souple

Ginen yo pale wayo
Sèvitè yo tande vwa yo

Lwa yo pran lari
Ginen yo pran lari
Lespri yo pran lari
Lakou Mizik la pran lari

Yo genlè bliye ayayay – yo genlè bliye vre
Nou pral fè yo sonje kalite pèp nou ye – nou pral fè yo sonje vre
Nou fè fyète tout pèp nwa sou latè – Ayiti wi
Se nou k te di boulèt yo se pousyè – se Ayiti wi
Tankou kòk kalite nou konn gagè nou – Ayiti wi
Aboli lesklavaj nou fè sa klè – se Ayiti wi
1804 n montre sa n ye – yo sezi
Yo panse n pa tap sot nan chèn nan – yo sezi
Nou fout yo kal la pou leson – yo sezi
Ayiti di l pap pran presyon – yo sezi

Eskav yo pran lari – bow, libere
Eskav yo pran lari – bow, bow libere

Bow bow

Bouke n a rele moun sa yo wi n bouke
Gad jan n bouke
Bouke n a rele neg sa yo wi n bouke
N a rele moun sa yo wi n bouke
Sosyete Bazilo kè a yo sote
Gwo lwa men nou la, devan
Adye men nou la nou devan w gwa lwa
[2x]

Gwo lwa men nou la, devan (2x)

Lwa yo pran lari
Ginen yo pran lari
Lespri yo pran lari
Lakou Mizik la pran lari