Bat Men N [Kanaval 2016] • T-Ansyto

ADDED BY TIZER (JAN 22, 2016 AT 8:49 PM) 16,525 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2016
Featuring: Badi Kamall
Produced by: Hantz "Ti Ansyto" Mercier
Lyrics by: Badi Kamall

Yeah
Badi Kamall
Maestro
Maestro nan kanaval
Yeah…nou menm nou sonnen on lòt jan
Ou pa wè sa

Se nou k bay ton an, nou k gen don an, kontwole beton an
Nou vle yon peyi comme il faut kot tout bagay yo gen bon gou
Ayiti kenbe kinan nou, fyè de drapo nou
Epi poze
Mwen di politisyen – poze
Ak manifestasyon – poze
Tout ti medam bout jip yo – poze
Pa fè dezòd nan kanaval

Ayiti, men nèg twonbonn nan
Tou limen
Sogener cheri, woy

Apiye, apiye, apiye
Avanse, avanse
Apiye, apiye, apiye
Mache, mache, mache
Apiye, apiye, apiye
Pa kanpe, pa kanpe
Apiye, apiye, apiye

Behrmann Motors tande sa
E si yo frape, gade yo nan je
N ap demare yo konsa

Apiye, apiye, apiye
An n ale, an n ale
Apiye, apiye, apiye
Gaz kole, nou prale
Apiye, apiye, apiye
Pa pouse, pa frape
Apiye, apiye, apiye

Valerio Canez, bon kalite avi

Men kijan lèzòm ye, se konsa lèzòm ye
Yo toujou la pou yo pale
You toujou la pou yo ranse
Met men dwat anlè – pa pale (3x)
Met men goch anlè – pa pale (3x)
E si yo pale, n ap pla pla pla pla pla
Bat men n, bat men n
N ap pla pla pla pla pla

Sa k gen la a bebi? Woy
Diyosa, Diyosa
Byè k nan men w
Gunshot Nico
Se toujou on toutouni k ap rele w bouda chire nan lavi sa a

Plezikanaval

Yo di m cha a foul moun, bann nan rèd
Yo di m dèyè cha a foul moun, bann nan rèd
Yo di m nan mitan bann nan foul moun, bann nan rèd

Maestro vin pale ak pèp la

Si n renmen kanaval, bat men n – pla pla pla
Si nou renmen peyi nou, bat men n – pla pla pla
Si nou kenbe Prestige nou, bat men n – pla pla pla
Ayiti cheri woy – pla pla

C’est le ton qui fait la chanson
Sa yo te panse?
Timoza
Unibank tout kote

Woy woy woy
Gad on doulè
Woy woy woy
Li genlè fò w mal
Woy woy woy
Ebyen retire li
Woy woy woy
Tou piti, tou piti, tou piti

Si n renmen bèl fanm, bat men n – pla pla pla
Ti blòde k ap trip, bat men n – pla pla pla
Timoun met men n anlè, bat men n – pla pla pla
Pa fè dezòd nan bann nan, bat men n – pla pla

Woy Ansyto Mercier, still original dwèt selès la
Brick, di Smoke men bon an

Woy woy woy
Li genlè mal antre
Woy woy woy
Li genlè pa mouye
Woy woy woy
Ebyen mwen mèt mete li
Woy woy woy

Ayiti tout tan

Men kijan lèzòm ye, se konsa lèzòm ye
Yo toujou la pou yo pale
You toujou la pou yo ranse
Met men dwat anlè – pa pale (3x)
Met men goch anlè – pa pale (3x)
E si yo pale, n ap pla pla pla pla pla
Bat men n, bat men n
N ap pla pla pla pla pla

Sa k gen la a bebi? Woy
Diyosa, Diyosa
Byè k nan men w
Se toujou on toutouni k ap rele w bouda chire nan lavi sa a

Woy woy woy
Li genlè fè w mal
Woy woy woy
Ebyen retire li