Banm Yon Goute • PIC

ADDED BY GEN11 (APR 21, 2017 AT 11:49 PM) 15,905 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: UX, Excellent

[Intro]
Menm si w' se zanmi anmwen, ou fè m'soufri twòp
Mais qu'est-ce que tu veux à la fin!?
Hé hé!
Baby girl yeaaah! excellent sure girl
Ux
Yeeee! yeeeeeah!
Baby girl banmwen banmwen banmwen...

[Hook]
Banm yon goute
M bouke mande ooo
Banm yon goute
Tanpri souple ooo
Banm yon goute
Pa banm kout pye ooo
Banm yon goute...

[Verse I - [PIC]
Han!
Toujou la pou li, olye pou m' ta fè l' pari map fè l' lafrans
Li domine lespri m' menm pap oze al fè l' avans
Malgre davans m'konnen l' pap oze di m' non
Nou zanmi depi n'anfans depandans fè n' tankou pumbaa avek timon
Avètim non
Bato amitye n' ka koule
Si m'ta bezwen kagoule
Pa di m' pa jwe ak dife pandan w'ap di m' ou ta boule
Fanm saa s'on kap m'ta koule
Men se yon frap m'pa koule
Monte sou bit mwen, chante nan mikwo m', fè enpak se track ou'l ye
Back ou leve chalè kò'm
M'parèt pwent tèt pou w' pa wè kò' m'
Pa wè tòm si m'ap plenyen lè m' montre w' jerry m pa wè tom
M'pa welcome nan nenpòt trip ou
Vibre m' a nenpòt bip ou
Di m' w'ap vini e si w' ta back (tabac) m'ap espere nenpòt pip ou
Epi pou w' pa janm desann chodyè depi lè l' te moute
Avan nèg yo te di m' li te bon menm yon fwa m'pa t' doute
Banm kòmanse check bousòl ou
Paske m'santi m' dewoute
M'degoute manje separe menm yon fwa m'pa te goute

[Pre-hook - Excellent]
Ou rann mwen egoyis
M'pa vle patajew
Dèfwa m'konn santi m'tris
Lè w' nan bra l' e m'ap gadew
Malgre m'se bon zanmi w' bebe
Bote w' banm tease men w' konplis bebe
Pa di ke mwen trayi'w
Paske mwen gen anvi'w
Paske li te mèt yon sèl aprè sa mwen pap mande w' plis bebe

[Hook]

[Verse II - UX]
M'pa nye m'te vle ba w' goute a
M'vle grenn m'pa vle pran gou thé a
Pou jan youn konprann lòt ko t' sa m'paka ba w' goute a
M'vle prezans ou nan absans mwen
Feeling ou marye ak sans mwen
Chak lè w' pic m'wè pwent ou nan kadans mwen
Dèfwa m'santi m'ta bo w'
Menm pè anvizaje'w
Pou m' pa mouye kilòt mwn m'konn menm pè anvi gadew'
M'konn fantasme sou pwofil