M Pa Kapab Ankò • PIC

ADDED BY DIDIER (FEB 22, 2019 AT 2:27 PM) 8,811 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Lyrics by: PIC

[Verse 1]
Kraze peyi w se tankou w pran fret pou w kale manman w
Ayiti eskize m si m pran on plim pou m pale nan non w
Men m pran mikwo pou m bay konsèy ke lòt moun ta ka bay
Pa paske m nan chomaj pou m boule makèt lòt moun kap travay
Se pye bwa kap nouri n nan n vle koupe rasin
Epa paske yap monte kòb gaz pou m lage nan boule machin
Son gwo kou, polisye, e bandi e menm makout pran bal
Katouch chante kou djaz ou ka wè menm Kakout pran bal
Diyite n desann lè pa lòt peyi monte
Si kounya nou pa gen dlo se paske tout je inonde
Son tren k te pèdi fren ann pa met espwa sou chofè
Nou pa vle tande vwa Bondye pandan nap tann diskou Jovenel
Wap plenyen w nan grangou epi wap boule magazin
Ayiti pa paradi paske Ayisyen pa ka sen
Chay sou tèt tonbe sou zepòl epi se nou k te fè dekòl
Si w pa vle iletre dirije w poukisa w boule lekòl

[Verse 2]
Pap gen chanjman si n met espwa n sou karavan
Kòm kalman sa k nan palman bay 8 semèn kanaval
Bouch pa pale tout koze men pa fè m santi l pa fann
Kòman w vle m nan boule machin pandan manman m s on ti machan
Pase ray sou biznis malere se lè sa n fèk deraye
Djaspora pe antre nan peyi l di m kot fyète a ye
Koripsyon kòm anblèm di m si n pa santi n twò blèm
Kraze brize pa solisyon okontrè l met plis pwoblèm
Yo lage n nan kouri pandan yap fè jogging
L’habit ne fait pas le moine men filozòf nan fè shopping
Se nòmal si l boule pèpè k te sou pay
Jou pou timoun al lekòl nou pran l pou n fè dechoukay
Yap boule lajan nan chanm n ap boule kawotchou
M pa oblije kanpe an fake pou m montre entèl pa on true
Peyi m nan te trè dous pwòp Ayisyen ki fè l atwòs
Nou fèb paske n divize n bliye e linyon k fè lafòs