Lè M'ap Ekri • PIC

ADDED BY TIZER (OCT 14, 2015 AT 4:42 PM) 33,273 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Produced by: Wisan
Lyrics by: PIC

[Intro]
It’s the P to the I to the C, nigga
Check it

Lè m ap ekri m pa sèlman fè lank plim sal kaye
M pran tout san m di sa k koule nan venn, ni sa k kaye
M konn konnen m pral ekri san m poko menm konn sa l ka ye
Li ka rap, pwezi, powèm, si l lèt fò l pa kaye
Pou l pa gaye m plede baye nan ranje mo k te degaye
Sa m te graye atire atansyon pou fanm ki debraye
M ekri anpil paske m pa pale anpil, e si m vin di w, m pap pa nan pil
M ekri l nan balenn, li pase kouran , ou wè l pa ka nan pil
Lè m ap ekri se pou m mande sa k ap fèt
Pou m pale de sa k pral fèt , sa m reve k fèt, sa k plede fèt
Defèt sa k te fèt e pale de vè e defèt
De fwèt kach ki gen ant siksè e defèt
En fait, m ekri san rezon, ak tò ni rezon
Sou rezon ki fè liason ant chak mo ki nan chak rim
Chak nesans oubyen chak krim
De dlo nan je m oubyen chak ri m
Donk se chak lè m anvi pale de dunk konnen Shaq ri m
M ekri m pase m pale de vim e de mizè m
Nan ekri m satisfè tizè m
Apre 6èm flo m te di w m pa pale anpil Trase lizyè m
M ekri pou m swanye kriz kè m
M asire w nou pap ekri menm jan menm si w ta wè plizyè m

Depi nan 6èm Saint Louis de Gonzague, sou wout la m f on zigzag
M ekri l dous, m ekri l anmè
Genyen k ban m respè, genyen k ban m plis vag
M ekri lè m pap fè anyen, m ekri lè m sou ekri
M ekri lè m sou twa pye, m ekri tou lè m sou beki
Chak grenn mo se gram fat, so m ekri lè m sou megri
M ekri sou patnè, sou egri
M ekri lè m sou ekri
E...ban m wè
M ekri sou lè m sou ekri
M ekri lè m fucked up, lè m lucide, e menm lè m sou m ekri
M ekri pou m bay lide mwen nan lis lan pou m valide mwen
Kite mwen ekri pou m ka pale nou de nou, de li, de mwen
M ekri pou rans pou n ka fè konesans san n pa fè bri
E nan yon sans m ka di m vin vann konesans san m pa fè pri
San m pa febli, m vin ekri pou nou, pou yo, pou li
M ekri mizik pou chante e m ekri tèks ak liv pou li
M ekri sou baz mwen ak sou zansèt yo pou m pale de brav
M ekri sou politik peyi m nan lè m sou fè epav
Se grav, m ekri en esclave en homme libre et en affranchi
M ekri pou m di w gen anpil limit nan vi sa a pou pa franchi
M ekri an dèy, w ap anvi m lè se lajan w ap bezwen blanchi
M ekri yon albòm anba dlo san m pa respire par branchie
M ekri lè m grangou, lè vant mwen plen, ni lè m balonnen
M ekri pou sa k renmen wont, ni pou sa k sanwont pou m bal on nen
M ekri pou manman m lè lanmou ak fyète makonnen
Pa sou luxe ni sou papa paske m pa ekri sa m pa konnen
M ekri rapid, m ekri vers lent
M ekri punchline. m ekri vers lent
Depi vers l’an 2000 m ap ekri revernan sa k pral pase nan univers lan
Rouge, jaune, vert lan sainte doctrine lan, se sa k fè m ekri reggae
M ekri dwat, m ekri kwochi, dè dè dèfwa m ekri bege
Ou ka di “wow,” ou ka di “wouch,” bèl pawòl ekriti pak mouch
Ou anvi fè la petite cuillère pandan mwen m ap ekri ak louch
M ekri fawouch, m fè sispèk menm sa k pat touch
De twa katouch m ekri pou m fè bri pou m vèse, m ekri katouch

Ekriti n pa dekri aksyon n
N ekri nenpòt sa n jwenn e lè n pa jwenn chabon n ekri ak san n
E nou pran san n son, san n pa gen ide swisid, blese dwèt e krak san n
Gen nèg ki ekri fo, e sou tèt “o” a n met aksan n
M pa ekri sou mal, m ekri pou nou pou nou byen
Oubyen si w te fache avè m, m ekri pou nou pou nou byen
Mo yo konn mal ekri, men lè m ekri pou m pale de nou m dekri nou byen
Ke m ekri gwo, ke m ekri fen
De kòmansman jiskalafen, konnen m pap sispann ekri ke m nan richès kou nan lafen
Anfen, m espere ke m pap ekri anven
Nan ekri san fren yo di m fè yon hardcore 8 bar, m ekri 20

[Outro]
It’s the P to the I to the C
Yon MC, yon ekriven
Ekri an gwo e an detay, pou konn gen bon twal, fòk gen bon rektay
Wisan on the beat
Yo Hype
Word is bond, pimp
Ekri nenpòt sa n jwenn e lè n pa jwenn chabon n ekri ak san n