Koudeta • Magic Touch

ADDED BY TIZER (NOV 15, 2017 AT 1:51 PM) 16,078 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Baky & Wendy
Produced by: Magic Touch

[Intro]
Fame Studio
Yeah nigga
It’s Magic baby
Wendy
Baky m popile

[Verse 1]
Huh donk si m vle konprann, n ap pran pòz player n
E thug nou ye, n pap bay lanmou
L on nèg pran fanm nan men n
Nou prèske fou, n soti pou n pran lari
N ap pran pòz fache l on fanm di l pa satisfè
Bon n pat konnen ke nèg ti bwa pa pran fanm gran ravin (wifout)
Depi n pran l nan men w tou bliye jan l rele (yon fwa)
W ap toujou pran nan Trouble si fanm fè w tranble
Lè w nan mitan baz w ap fè stil si l rele w
Fanm lan t ap renmen ak Thierry Cham si l te vle on sikrelo (sovaj)
Pran koudeta pou sòt, fò w aprann jere
(Ah ti fanm sa a twò pa bon)
Bon e ladan w te ye
Depi l pa manman w, nan ki mande w te ye
(Tu paies la moto?)
Livrezon grapyay, depi l mande w peye
Yo pap bay, ebyen sa yo vo? Anyen
Lè w fin pran koudeta wa kite mawozo
Si w di w nan relasyon, fò w gen fyèl pou li
Pozisyon w pa dakò fè pou madanm ou, nou n ap fè l pou li

[Pre-hook]
W ap meprize l, nou n ap veye l
W ap rabese l, nou n ap leve l
W ap maltrete l, nou n ap bere l
Ou pèdi pouvwa w, kounya se nou k ap jere l

[Hook]
Koudeta, koude koudeta n ap ba yo

Yo premyèman, m ap analize tout jès gade kote w ye
Dezwèman, m ap gad tèt bouda l, si l g on bèl kokoye
Twazyèman, m ap gad si w ap bay piyay, si s on koko w ye
M ap rive an gentleman, nan on nivo w poko ye
M ap parèt tout feu, tout flamme, tou limen kon kout ekla
M veye tout jès, tout fay, tout kont e tout reta
M ap bay tout may, tout fent, m ap mete m nan tout eta
M ap fè tout bagay, tout jan, ou pran nan koudeta
M ap pran l an granmoun san m pa mete atis
M ap trè womantik, m ap mete kapris
M ap chouchoute l, m ap tete, m ap kiss
Pandan w ap bere, m ap pete matris
M ap ret an standby la, m ap kontwole (squad)
Pandan w ap fè kont, mwen m ap konsole (squad)
M ap montre l m fyè pandan w an kòlè
Pandan w ap fè makak, mwen menm m ap konsome

[Pre-hook]
W ap meprize l, nou n ap veye l
W ap rabese l, nou n ap leve l
W ap maltrete l, nou n ap bere l
Ou pèdi pouvwa w, kounya se nou k ap jere l

[Hook]
Koudeta, koude koudeta n ap ba yo

[Outro]
M tande w sesi ou sela, fin fè travay ou tande frè m
Sinon n ap fè l pou ou
Pase e nou l ye, ou konprann
TMG
N ap bayo
Magic Touch