Ou Se • Balalatèt

ADDED BY GEN11 (FEB 14, 2016 AT 3:38 PM) 20,072 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Jovans
Lyrics by: Balalatèt

[Hook]
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m M ba ou kè m
Ou se chalè ou se bonè
Mwen ba ou kè m

Tande sa cheri pou ou m ekri sa

M son wa ou son rèn Lè w pa la sa banm la pèn
Mwen renmen lè ou avè m Lè m fret ou se chalè
Ou pat janm okipe moun lè yo di w pa renmen avè m
Gen lè mwen te nan fènwa pou mwen w te tounen balèn
Nou te fèt pou n te ansanm Ou gen on jan ou mache nan sanm
Nou pat panse n tap ret ansanm E lè m blese ou se pansman m
Lè tèt mwen cho ou se lapè M renmen rap m son rape
Li pa fè sans pou m baw manti pou ou m pa kenbe sekrè
Pou ou mwen ka leve mò, pou mwen ou vo plis ke lò
Ou padone m menm lè m antò, pou ou m sispann fè dezòd
Lè map panse avèw nan ekri mizik m vin pi fò
M pa menm bezwen mande w kijan w ye pou jan m wè w anfòm
L’amour pour moi c’est la Kado picasso
Li di m kote w jwenn ak tout pawòl sa yo, gad on ti gason
M vle pou w banm mwen tout kè w piga w banm moso
Mwen kòmanse pran wout damou an piga w banm poto

[Hook]
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m M ba ou kè m
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m mwen ba ou kè m
Mwen ba ou kè m (2x)

Nenpòt sa w vle map ba ou l
Ou pa bezwen mande pou m ba ou l
Ou la lè bagay yo bon, ou la tou lè gen blackout
M renmen tout sa w met sou ou, tout sa k pou mwen se pou ou
Tout lòt fi ak kopye sou ou, zanmi m ak fanmi m kwè nan ou
Banm tout ou m ap baw tout mwen, si yap pale m mal pran pou mwen
M renmen lè w danse pou mwen, e renmen lè w chante pou mwen
Ou konnen m konn gou bouch mwen, ou renmen fè manje pou mwen
Cherie tout saw fè bon, genlè se Bondye k voye w pou mwen
Si m se foumi, w son siwomyèl kite m nwaye nan bra ou
Ou fè m santi m nan on lòt mond chak fwa mwen tande vwa ou
Anpil lòt fi pral fè bri kouri paske yo pa nan plas ou
Ou mèt kwè m, ou mèt kwè m, pèsòn pap janm ka pran plas ou

[Hook]
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m M ba ou kè m
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m mwen ba ou kè m
Mwen ba ou kè m (2x)

Premye jou mwen te rankontre w late sispann vire
Mwen pat gen focus lòt kote, paske se ou mwen vle
Cheri ou son enspirasyon, se ou ki fè m briye
Ou banm kouraj ou ban mwen fòs ou fè mwen vle rete

[Hook]
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m M ba ou kè m
Ou se chalè ou se bonè
Ou se lavi m mwen ba ou kè m

Mwen ba ou kè m (2x)


BIOGRAPHY
  • Daniel Deux Verna , better Known by his stage name Balalatet/DjBullet, is a Haitian/American DJ, Rapper, and Producer. Daniel was born in Boston & raised in Port-au-Prince, Haiti where he attended "Institution Saint Louis De Gonzague". At age 15, He Started making beats Using Fruity Loops Studio with one of his Best Friends Alex ReyLex Pierrot. While living in Miami, he became a member of a Rap Kreyol Group known as KB (Kendal Baz) with members such as Fistibal, Vik, KikoDeBest, Shariff, HoodKid, Stepop, and Reylex. Daniel is a junior at the University of Miami studying Electrical Engineering. Signed by Heavy Headz Ent. He is very motivated and passionate in what he does.